Adiltè David (continued)

1035 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Sòm Yo 32–33

Yon Sòm David. Yon Sòm Refleksyon

1 A la beni se sila ki padone pou transgresyon li,

pou peche li ki kouvri a!

2 A la nonm beni se sila SENYÈ a pa jije kon koupab la,

e nan lespri a sila ki pa gen manti a.

3 Lè m te kenbe silans selon peche mwen,

kò m te desann bese nèt e mwen t ap plenyen tout lajounen.

4 Paske lajounen kon lannwit,

men Ou te lou sou mwen.

Fòs mwen te epwize vin bese

tankou gwo chalè nan gran sezon ete. Tan

5 Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou,

e inikite mwen, mwen pa t ankò kache.

Mwen te di: “Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a”,

epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo.

6 Konsa, kite tout sila ki fidèl yo priye vè Ou menm,

nan yon lè ke Ou toujou disponib.

Anverite, nan gran flèv dlo yo,

yo p ap kab rive kote Li ankò.

7 Ou se kote ke m konn kache a.

Ou pwoteje mwen kont gwo twoub.

Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo.

8 Mwen va enstwi ou e fè ou aprann chemen

nan sila ou dwe ale a.

Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.

9 Pa fè tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm,

ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo.

Otreman, yo p ap vin kote ou.

10 Anpil se tristès a mechan yo,

men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a,

se lanmou dous ki va antoure li.

11 Fè kè kontan nan SENYÈ a e rejwi, nou menm ki jis!

Rele avèk jwa, nou tout ki dwat nan kè nou yo.

33:1 Rejwi ak lajwa nan SENYÈ a, O moun ladwati yo!

Lwanj bèl lè l sòti nan moun ki dwat.

2 Bay remèsiman a SENYÈ avèk gita.

Chante lwanj a Li menm avèk ap dis kòd.

3 Chante a Li menm yon chan tounèf.

Jwe ak kapasite e fò avèk yon gwo kri lajwa.

4 Paske pawòl SENYÈ a dwat.

Tout zèv Li yo fèt avèk fidelite.

5 Li renmen ladwati avèk jistis.

Latè ranpli avèk lanmou dous SENYÈ a.

6 Avèk pawòl SENYÈ a syèl yo te fèt:

pa souf a bouch Li, tout lame syèl yo.

7 Li ranmase tout dlo lanmè yo ansanm pou fè yon gwo pil.

Li fè tout pwofondè yo kouche fè kay depo.

8 Kite tout latè krent SENYÈ a.

Kite tout sila ki rete nan mond lan

kanpe etone nèt pa Li menm.

9 Paske Li te pale e mond lan te fèt.

Li te kòmande e li te kanpe fèm.

10 SENYÈ a ranvèse konsèy a nasyon yo.

Li anile pwojè a pèp yo.

11 Konsèy SENYÈ a kanpe jis pou tout tan,

e pwojè a kè Li yo de jenerasyon an jenerasyon.

12 Beni se nasyon ki gen Bondye kon SENYÈ yo,

13 pèp ke Li te chwazi pou pwòp eritaj Li a.

SENYÈ a gade depi nan syèl la.

Li wè tout fis a lòm yo.

14 Soti nan abitasyon Li an,

Li veye sou tout sila ki rete sou latè yo.

15 Li menm ki fòme kè a yo tout,

Li menm ki konprann tout zèv yo.

16 Wa a pa sove pa yon lame pwisan.

Yon gèrye pa delivre pa gran fòs Li.

17 Yon cheval se yon fo espwa pou viktwa a,

ni li p ap delivre pèsòn ak pwisans li.

18 Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo,

sou sila ki mete espwa yo nan lanmou dous Li a,

19 pou delivre nanm pa yo devan lanmò,

e kenbe yo vivan nan gwo grangou.

20 Nanm nou ap tann SENYÈ a.

Se Li menm ki sekou nou ak boukliye nou.

21 Paske kè nou rejwi nan Li, akoz

nou mete konfyans nou nan sen non Li.

22 Kite lanmou dous Ou, O SENYÈ, vin poze sou nou,

selon esperans ke nou te mete nan Ou a.