Adiltè David (continued)

1035 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Sòm Yo 103

Yon Sòm David

1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!

2 Beni SENYÈ a, O nanm mwen,

e pa janm bliye benefis Li yo,

3 ki padone tout inikite ou yo,

ki geri tout maladi ou yo,

4 ki rachte lavi ou soti nan fòs la,

ki kouwone ou avèk lanmou dous avèk

mizerikòd;

5 ki satisfè ane ou yo avèk bon bagay,

Pou jenès ou vin renouvle tankou èg la.

6 SENYÈ a fè zèv ladwati pou tout sila ki oprime yo.

7 Li te fè chemen Li yo byen klè a Moïse,

zèv Li yo a fis Israël yo.

8 SENYÈ a plen mizerikòd ak gras,

lan nan kòlè e ranpli avèk lanmou dous.

9 Li p ap toujou goumen ak nou,

ni Li p ap kenbe kòlè Li jis pou tout tan.

10 Li pa t aji avèk nou selon peche nou yo,

ni rekonpanse nou selon inikite nou yo.

11 Paske menm jan syèl yo pi wo pase tè a,

menm jan an lanmou dous Li a ye anvè sila ki krent Li yo.

12 Menm jan lès lwen lwès la,

Se konsa li te retire transgresyon nou yo lwen nou.

13 Menm jan ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo,

se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.

14 Paske Li menm, Li konnen jan nou fèt.

Li sonje byen ke nou pa plis ke pousyè.

15 Men pou lòm, jou li yo se tankou zèb.

Tankou yon flè nan chan, se konsa li fleri.

16 Depi van fin pase sou li, li pa la ankò e

plas li a pa rekonèt li ankò.

17 Men lanmou dous a SENYÈ a,

soti pou tout tan jis rive pou tout tan

sou sila ki gen lakrent Li yo

e ladwati Li a pitit pitit li yo,

18 pou sila ki kenbe akò Li yo,

e sonje règleman Li yo pou fè yo.

19 SENYÈ a te etabli twòn li nan syèl la

e souverènte li regne sou tout bagay.

20 Beni SENYÈ a, nou menm, zanj Li yo,

pwisan nan fòs, ki akonpli pawòl Li,

ki obeyisan a vwa pawòl Li!

21 Beni SENYÈ a, nou tout, lame Li yo,

nou menm ki sèvi Li nan fè volonte Li.

22 Beni SENYÈ a, nou tout, zèv Li yo,

nan tout kote nan wayòm Li an.

Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

II Samuel 12:16–23

16 Pou sa, David te mande Bondye pou pitit la. Li te fè jèn e li te ale kouche tout nwit lan atè. 17 Ansyen lakay li yo te kanpe akote li pou leve li atè a, men li pa t dakò e li pa t manje avèk yo. 18 Konsa, li te vin rive nan setyèm jou a ke pitit la te vin mouri. Epi sèvitè a David yo te krent pou di l ke pitit la te mouri, paske yo te di: “Gade byen, pandan pitit la te vivan an, nou te pale avèk li e li pa t tande vwa nou. Konsa, kòman nou kab di li ke pitit la mouri, paske li kab fè tèt li mal?”

19 Men lè David te wè ke sèvitè li yo t ap pale an kachèt ansanm, David te apèsi ke pitit la te mouri. Pou sa, David te di a sèvitè li yo: “Èske pitit la mouri?”

Yo te di: “Li mouri.”

20 Konsa, David te leve soti atè a. Li te lave tèt li, li te onksyone kò l, e li te chanje rad li. Konsa, li te antre lakay SENYÈ a pou te adore. Epi li te vin nan pwòp kay li. Lè li te mande, yo te mete manje devan li pou l te manje. 21 Sèvitè li yo te di li: “Se ki bagay sa ou te fè a? Pandan pitit la te vivan an, ou te fè jèn e te kriye, men lè pitit la te mouri, ou te leve pou te manje.”

22 Li te di: “Pandan pitit la te vivan an, mwen te fè jèn e te kriye; paske mwen te di: ‘Kilès ki te kab konnen, SENYÈ a ta kab petèt fè m gras, pou pitit la te kab viv.’ 23 Men koulye a, li fin mouri. Poukisa mwen ta fè jèn? Èske mwen kapab fè l retounen ankò? Mwen va ale jwenn li, men li p ap retounen kote mwen.”

II Samuel 12:26–31

26 Alò, Joab te goumen kont Rabba, moun nan fis Ammon yo, e li te kaptire vil wayal la. 27 Joab te voye mesaje yo a David. Li te di: “Mwen te goumen kont Rabba e te kaptire vil dlo yo. 28 Pou sa, rasanble rès pèp la, e fè kan kont vil la oswa, ma pran pou kont mwen pou l gen non pa m nan.”

29 Konsa, David te rasanble tout pèp la pou te ale Rabba. Li te goumen kont li e te kaptire li. 30 Li te pran kouwòn a wa pa yo a soti nan tèt li. Li te peze yon talan (anviwon trann-kat kilo) an lò, e ladann yon kantite pyè presye. Yo te mete li sou tèt David. Epi li te mennen piyaj la deyò vil la an gran kantite. 31 Anplis, li te mennen moun ki te ladan l deyò. Li te fè yo travay ak si, avèk pikwa, ak rach an fè, e te fè yo travay nan fou brik. Se konsa li te fè a tout vil ki te pou fis Ammon yo. Epi David avèk tout moun li yo te retounen Jérusalem.

I Kwonik Yo 20:2–3

2 David te retire kouwòn a wa pa yo soti sou tèt li. Li te twouve ke li te peze yon talan lò, e te gen pyè presye yo ladann. Konsa, yo te plase li sou tèt a David. Konsa, li te mennen fè sòti piyaj nan vil la, yon trè gran kantite. 3 Li te mennen fè sòti moun ki te ladann yo, te koupe yo avèk si ak enstriman file e avèk rach. Konsa David te fè a tout vil ki te pou fis a Ammon yo. Alò David avèk tout moun yo te retounen Jérusalem.