Adiltè David

1035 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

I Kwonik Yo 20:1

1 Li te vin rive nan prentan, nan lè ke wa yo konn sòti fè lagè, ke Joab te mennen sòti lame a, e te ravaje peyi a fis a Ammon yo. Li te vin fè syèj kont Rabba. Men David te rete Jérusalem. Joab te frape Rabba e te boulvèse li nèt.

II Samuel 11:1–12:15

1 Alò, li te fèt pandan prentan an, lè ke wa yo konn sòti batay, ke David te voye Joab, ansanm avèk sèvitè li yo ak tout Israël. Yo te detwi fis a Ammon yo e yo te fè syèj nan Rabba, men David te rete Jérusalem. 2 Epi lè lannwit te vin rive, David te leve nan kabann li. Li te mache antoure twati kay wa a, soti nan twati a, li te wè yon fanm ki t ap benyen. Epi fanm nan te byen bèl nan aparans li. 3 Konsa, David te voye mande konsèy sou fanm sa a. Epi youn te di: “Èske sa se pa Bath-Schéba, fis a Éliam nan, fanm a Urie a, Itit la?”

4 David te voye mesaje pran li. Lè li te parèt kote li, li te kouche avèk li ( paske li te fin pirifye tèt li de salte a). Epi li te retounen lakay li. 5 Fanm nan te vin ansent. Li te voye di David: “Mwen ansent.”

6 Konsa, David te voye kote Joab. Li te di: “Voye ban mwen Urie, Itit la.” Konsa, Joab te voye Urie kote David. 7 Lè Urie te vin kote li, David te mande pa sikonstans a Joab avèk tout pèp la ak jan lagè a te mache a. 8 Alò, David te di a Urie: “Desann lakay ou pou lave pye ou.” Epi Urie te desann sòti lakay wa a, e yon kado soti nan men wa a te voye ba li. 9 Men Urie te dòmi kote pòt lakay wa a avèk tout sèvitè a mèt li yo. Li pa t desann lakay li. 10 Alò, lè yo te di David: “Urie pa t desann lakay li,” David te di a Urie: “Èske ou pa t fenk fin fè yon vwayaj? Poukisa konsa ou pa t desann lakay ou?”

11 Urie te di a David: “Lach la menm avèk Israël avèk Juda ap rete nan tant yo; epi mèt mwen, Joab avèk sèvitè a mèt mwen yo ap fè kan nan chan louvri. Konsa, kijan mwen kapab ale lakay mwen pou manje bwè e kouche avèk madanm mwen? Pa lavi ou ak lavi nanm ou menm, mwen p ap fè bagay sa a.”

12 Alò, David te di a Urie: “Rete isit la jodi a tou e demen mwen va kite ou ale.” Konsa, Urie te rete Jérusalem nan jou sa a ak pwochen jou a. 13 Alò David te rele li, li te manje bwè devan li e li te fè li sou. Epi nan aswè, li te sòti pou kouche sou kabann li avèk sèvitè a mèt li yo, men li pa t desann lakay li. 14 Alò, nan maten, David te ekri yon lèt a Joab pou te voye li nan men Urie. 15 Li te ekri nan lèt la, e te di: “Mete Urie pa devan nan chan kote batay la pi rèd la e retounen kite li, pou l kab tonbe mouri.”

16 Konsa, se te pandan Joab t ap veye vil la, ke li te mete Urie nan plas kote li te konnen lènmi an te gen mesye vanyan yo. 17 Mesye vil yo te sòti goumen kont Joab, kèk nan moun pami sèvitè a David yo te tonbe. Epi Urie, Itit la te mouri tou. 18 Alò, Joab te voye bay rapò a David selon tout evenman lagè a. 19 Li te kòmande mesaje a, e te di: “Lè ou fin pale tout afè lagè yo a wa a, 20 epi li vin rive ke kòlè leve nan wa a e li di ou: ‘Poukisa ou te pwoche pre vil la konsa pou goumen? Èske ou pa t konnen ke yo ta tire soti sou miray la? 21 Se kilès ki te frape Abimélec, fis a Jerubbéscheth la? Èske se pa yon fanm ki te jete yon wòch moulen sou li soti nan miray ki fè l mouri Thébets la? Poukisa ou te pwoche pre miray la?’ epi ou va di: ‘Sèvitè ou a Urie, Itit la, te mouri tou.’”

22 Konsa, mesaje a te pati pou te vin bay rapò a David, de tout sa ke Joab te voye li pale yo. 23 Mesaje a te di a David: “Mesye yo te genyen sou nou e te sòti kont nou nan chan an; men nou te peze yo rèd jis rive nan antre pòtay la. 24 Anplis, mesye banza yo te tire sou sèvitè ou yo soti nan miray la. Konsa, kèk nan sèvitè ou yo mouri, e sèvitè ou a, Urie, Etyen an mouri osi.”

25 Alò David te di a mesaje a: “Konsa ou va pale Joab, ‘Pa kite bagay sa a fè ou mal, paske nepe a devore youn menm jan ke yon lòt. Fè batay ou kont vil la vin pi rèd pou boulvèse li’. Se konsa pou ankouraje li.”

26 Alò, lè madanm a Urie te tande ke Urie, mari li a, te mouri, li te kriye pou mari li. 27 Lè tan kriye a te fini, David te voye mennen li lakay li, li te devni madanm li, e li te fè yon fis pou li. Men bagay ke David te fè a te mal nan zye SENYÈ a.

12:1 Alò, SENYÈ a te voye Nathan kote David. Li te vin kote li e te di: “Te genyen de mesye nan yon vil, youn te rich e lòt la te pòv. 2 Nonm rich la te gen anpil bann mouton avèk twoupo, 3 men pòv la, pa t gen anyen sof ke yon sèl ti mouton femèl, ke li te achte e li te nouri. Konsa, li te vin gran ansanm avèk li menm avèk pitit li yo. Li ta manje nan pen li, bwè nan tas li, kouche sou vant li e se te tankou yon fi pou li. 4 Alò, yon vwayajè te vin kote nonm rich la e li pa t dakò retire nan pwòp bann mouton ak twoupo pa li yo, pou fè pwovizyon pou li. Sof ke sa, li te pran mouton femèl a pòv sila pou prepare pou nonm ki te rive kote li a.”

5 Alò, kòlè a David te brile fò kont nonm nan, e li te di a Nathan: “Jan SENYÈ a viv la, anverite, mesye ki te fè sa a merite lanmò. 6 Fòk li bay rekonpans pou ti mouton an kat fwa; paske li te fè bagay sa a san pitye.”

7 Alò, Nathan te di David: “Mesye a se ou menm! Konsa di SENYÈ a, Bondye a Israël la: ‘Se Mwen ki te onksyone ou kòm wa sou Israël e se mwen ki te delivre ou soti nan men a Saül. 8 Se Mwen menm tou ki te ba ou lakay mèt ou a ak madanm a mèt ou yo pou ou ta pran swen e Mwen te ba ou lakay Israël la avèk Juda. Epi si sa te twò piti, mwen t ap menm ajoute ba ou ankò anpil lòt bagay tankou sila yo! 9 Poukisa ou te meprize pawòl SENYÈ a e fè mal devan zye Li? Ou te fè tonbe Urie, Itit la avèk nepe, ou te pran madanm li kòm madanm ou e ou te touye li avèk nepe a fis Ammon yo. 10 Koulye a, pou sa, nepe p ap janm kite lakay ou, akoz ou te meprize Mwen e te pran madanm a Urie, Itit la pou devni madanm ou.’

11 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen va fè leve mal kont ou soti nan pwòp kay ou. Mwen va menm pran madanm ou yo devan zye ou e bay a zanmi parèy ou e li va kouche avèk madanm ou yo gwo lajounen. 12 Anverite, ou te fè l an sekrè; men Mwen va fè bagay sa a devan tout Israël ak anba solèy la.’”

13 Epi David te di a Nathan: “Mwen te peche kont SENYÈ a.”

Nathan te di a David: “SENYÈ a, anplis, te retire peche ou; ou p ap mouri. 14 Malgre sa, akoz zak sa a, ke ou te bay okazyon a lènmi a SENYÈ yo pou fè blasfèm, pitit la ki va fèt a ou menm nan va anverite, mouri.” 15 Konsa, Nathan te ale lakay li.

Epi SENYÈ a te frape pitit ke vèv Urie te fè pou David la, jiskaske li te vin byen malad.

Sòm Yo 51

Yon Sòm David lè pwofèt la, Nathan te rive kote li lè l te fin ale kote Bath-Schéba.

1 Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a.

Selon grandè a mizerikòd ou,

efase transgresyon mwen yo.

2 Lave m nèt de inikite mwen yo e

netwaye m de peche mwen an.

3 Paske mwen konnen transgresyon mwen yo.

Peche mwen yo devan m tout tan.

4 Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche,

e te fè mal devan zye Ou.

Akoz sa, Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.

5 Gade byen, mwen te fèt nan inikite,

e se nan peche manman m te vin ansent mwen.

6 Men vwala, Ou vle verite a menm nan pati anndan m nèt.

Nan pati kache anndan m, Ou va fè m konnen sajès.

7 Pirifye m ak izòp e mwen va pwòp.

Lave mwen e mwen va pi blan ke lanèj.

8 Fè m tande lajwa avèk kè kontan,

pou zo ke Ou te kase yo, vin rejwi.

9 Kache figi Ou de peche m yo.

Efase tout inikite mwen yo.

10 Kreye nan mwen yon kè pwòp, O SENYÈ,

epi refè yon lespri ki dwat anndan m.

11 Pa jete mwen lwen prezans Ou e

pa retire Lespri Sen Ou an sou mwen.

12 Restore nan mwen lajwa sali Ou a.

Ranfòse m avèk yon lespri bòn volonte.

13 Konsa, mwen va enstwi transgresè yo chemen Ou yo,

e pechè yo va konvèti a Ou menm.

14 Delivre mwen de koupabilite san vèse a,

O Bondye, Bondye a sali mwen an.

Konsa, lang mwen va chante avèk jwa

selon ladwati a Ou menm nan.

15 O Mèt mwen an, ouvri lèv mwen

pou m kab deklare lwanj Ou.

16 Paske Ou pa pran plezi nan sakrifis.

Otreman, mwen ta bay li.

Ofrann brile yo pa fè Ou kontan.

17 Sakrifis a Bondye yo se yon espri ki kraze.

Yon kè brize e ki repantan, O Bondye,

Ou p ap meprize l.

18 Avèk bonte Ou, fè byen pou Sion.

Bati miray a Jérusalem yo.

19 Konsa, Ou va rejwi nan sakrifis ladwati yo,

nan ofrann brile avèk ofrann brile nèt yo.

Konsa, jenn towo yo va ofri sou lotèl Ou a.