Lagè Asa kont Baescha

955 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

I Wa Yo 15:16–22

16 Alò te gen lagè antre Asa avèk Baescha, wa Israël la pandan tout jou pa yo. 17 Baescha, wa Israël la, te monte kont Juda e te ranfòse Rama pou anpeche moun antre, oswa sòti kote Asa, wa Juda a. 18 Asa te pran tout ajan avèk lò ki te rete nan trezò lakay SENYÈ a ak trezò lakay wa a e li te livre yo nan men a sèvitè li yo. Epi Wa Asa te voye yo bay Ben-Hadad, fis Thabrimmon an, fis a Hezjon an, wa Syrie a, ki te rete Damas la. Li te di: 19 “Kite yon akò fèt antre ou menm avèk mwen, tankou antre papa ou avèk papa m. Gade byen, mwen voye ba ou yon kado ajan avèk lò. Ale kraze akò ou avèk Baescha, wa Israël la, pou li retire lame li a sou mwen.”

20 Konsa, Ben-Hadad te koute Wa Asa e te voye chèf lame li yo kont vil Israël yo, li te bat yo e pran Ijjon, Dan, Abel-Beth-Maaca, tout Kinneroth la ak tout tèritwa Nephtali a. 21 Lè Baescha fin tande koze sa a, li te sispann ranfòse Rama e li te vin rete Thirtsa. 22 Epi Wa Asa te fè yon pwoklamasyon a tout Juda——nanpwen pèsòn ki te eksepte——-epi yo tout te pote ale tout wòch nan Rama yo avèk bwa ke Baescha te sèvi pou bati yo. Wa Asa te bati avèk yo, Guéba nan Benjamin ak Mitspa.

Lanmò Asa

II Kwonik Yo 16:7–14

7 Nan lè sa a, Hanani, konseye a te vin kote Asa, wa Juda a. Li te di li: “Akoz ou te depann de wa Syrie a e ou pa t depann de SENYÈ a, Bondye ou a, pou sa, lame wa Syrie a gen tan chape nan men ou. 8 Èske Etyopyen yo avèk Libyen yo pa t yon lame ki vast avèk anpil cha ak chevalye? Men akoz ou te depann de SENYÈ a, Li te livre yo nan men ou. 9 Paske zye a SENYÈ mache toupatou sou latè pou Li kapab bay soutyen ki fò a sila ki gen kè dedye a Li nèt yo. Nou te aji an foli nan afè sa a. Anverite, depi koulye a, nou va toujou gen gè.”

10 Alò, Asa te fache avèk konseye a, e li te mete li nan prizon, paske li te anraje avèk li pou bagay sa a. Epi nan menm lè a, Asa te oprime kèk moun nan pèp la.

11 Alò, zèv Asa yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, veye byen, yo ekri nan Liv A Wa a Juda avèk Israël yo. 12 Nan trant-nevyèm ane règn li a, Asa te vin malad nan pye li. Maladi a te grav, men menm nan maladi a, li pa t chache SENYÈ a, men pito doktè. 13 Konsa, Asa te dòmi avèk zansèt li yo lè l fin mouri nan karanteyinyèm ane règn pa li a. 14 Yo te antere li nan pwòp tonm ke li te fouye pou li menm nan lavil David la, e yo te kouche li nan plas repo ke li te plen avèk plizyè kalite epis ki te mele selon metye a yon moun ki konn fè pafen; epi yo te fè yon trè gwo dife pou li.

I Wa Yo 15:23–24

23 Alò, tout lòt zèv Asa yo avèk tout pwisans li, tout sa li te fè ak vil ke li te bati yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa a Juda yo? Men nan tan vyeyès li, li te aflije avèk maladi nan pye li. 24 Konsa, Asa te dòmi avèk zansèt pa li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David la, papa li. Epi Josaphat te renye nan plas li.

II Kwonik Yo 16:1–6

1 Nan trann-sizyèm ane règn Asa a, Baasha, wa a Israël la, te vin monte kont Juda, e li te ranfòse Rama pou anpeche ni antre, ni sòti, vè Asa, wa Juda a. 2 Konsa, Asa te pote fè sòti ajan avèk lò soti nan trezò lakay SENYÈ a avèk lakay wa a, e li te voye yo kote Ben-Hadad, wa Syrie a, ki te rete Damas la. Li te di: 3 “Kite genyen yon alyans antre ou menm avèk mwen, tankou antre papa m ak papa ou. Gade byen, mwen te voye ba ou ajan avèk lò. Ale, kraze alyans ou an avèk Baasha, wa Israël la, pou li retire li sou mwen.”

4 Konsa, Ben-Hadad te koute wa Asa. Li te voye chèf lame li yo kont vil Israël yo, e yo te frape Ijjon, Dan, Abel-Maïm, avèk tout vil depo Nephthali yo. 5 Lè Baasha te tande sa, li te sispann ranfòse Rama, e li te kite travay li. 6 Alò, Wa Asa te mennen tout Juda, yo te retire wòch Rama yo avèk gwo bwa ki t ap sèvi pou bati yo, e avèk yo, li te ranfòse Guéba avèk Mitspa.

II Kwonik Yo 15:16–17

16 Anplis, li te retire Maaca, manman a Wa Asa a, nan pozisyon rèn nan, akoz li te fè imaj li byen abominab tankou yon Astarté, e Asa te fè koupe imaj abominab li a. Li te kraze li, e li brile li nan flèv Cédron an. 17 Men wo plas yo pat retire soti an Israël; sepandan, kè Asa te san repwòch pandan tout jou li yo.