Pati 3: Rèy Asa

Wayòm Juda a

Devouman Asa pou Bondye

955 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

II Kwonik Yo 14:1

1 Konsa, Abija te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li nan lavil David la. Fis li a, Asa, te vin wa nan plas li. Peyi a te rete kalm e san pwoblèm pandan dizan pandan jou li yo.

I Wa Yo 15:9–11

9 Konsa, nan ventyèm ane a Jéroboam, wa Israël la, Asa te kòmanse renye kòm wa nan Juda. 10 Li te renye pandan karanteyen ane Jérusalem. Non manman li se te Maaca, fi a Abisalom an. 11 Asa te fè sa ki te dwat nan zye SENYÈ a tankou David, papa zansèt li a.

II Kwonik Yo 14:2–3

2 Asa te fè byen ak sa ki dwat nan zye SENYÈ a, Bondye li a, 3 paske li te retire lotèl etranje yo avèk wo plas yo, e li te chire pilye sakre yo avèk Asherim yo.

I Wa Yo 15:12–15

12 Anplis, li te retire mal pwostitiye nan peyi a e li te retire tout zidòl ke zansèt li yo te fè yo. 13 Anplis, li te fè retire Maaca, manman li nan pozisyon rèn nan, paske li te fè yon imaj abominab tankou yon Astarté. Asa te koupe imaj abominab li a e li te brile li nan flèv Cédron an. 14 Men wo plas yo pa t retire. Malgre sa, kè Asa te dedye nèt a SENYÈ a pandan tout jou li yo. 15 Li te fè antre nan kay SENYÈ a tout afè dedye pa papa li avèk tout afè dedye pa li menm; zouti fèt an ajan avèk lò.

II Kwonik Yo 14:4–15

4 Li te kòmande Juda pou chache SENYÈ a zansèt yo a, e swiv lalwa avèk kòmandman an. 5 Li te osi retire wo plas yo avèk lotèl lansan yo soti nan tout vil Juda yo. Wayòm nan te rete kalm anba li. 6 Li te bati vil fòtifye Juda yo, akoz peyi a te san pwoblèm e pa t gen okenn moun ki te fè lagè avèk li pandan ane sila yo, akoz SENYÈ a te ba li repo. 7 Paske li te di a Juda: “Annou bati vil sila yo e antoure yo avèk miray avèk wo tou, pòtay avèk ba an fè. Peyi a toujou pou nou akoz nou te chache SENYÈ a, Bondye nou an. Nou te chache Li, e Li te bannou repo sou tout kote.” Konsa yo te bati e yo te byen reyisi.

8 Alò, Asa te gen yon lame a twa-san-mil mesye soti nan Juda, avèk gran boukliye defans ak lans e de-san-katreven-mil soti nan Benjamin ki te pote boukliye defans e te manyen banza. Tout nan yo, te gèrye ki plen kouraj.

9 Alò, Zérach, Etyopyen an, te vin parèt kont yo avèk yon lame a yon-milyon moun ak twa-san cha, e li te rive nan Maréscha. 10 Pou sa, Asa te sòti pou rankontre li, e yo te parèt nan chan batay yo nan vale Maréscha a. 11 Konsa, Asa te rele SENYÈ a, Bondye li a. Li te di: “SENYÈ, nanpwen lòt sof ke Ou menm pou ede pami pwisan yo, ak sila ki san fòs. Pou sa, ede nou, O SENYÈ, Bondye nou an; paske nou mete konfyans nan Ou, e nan non Ou, nou te vini kont gran foul sila a. O SENYÈ, se Ou ki Bondye nou an. Pa kite lòm pran viktwa kont Ou menm.”

12 Konsa, SENYÈ a te boulvèse Etyopyen devan Asa yo ak devan Juda yo, e Etyopyen yo te sove ale. 13 Asa avèk moun ki te avèk li yo te kouri dèyè yo jis rive Guérar. Yon tèlman gran kantite Etyopyen te tonbe ke yo pa t kab kanpe ankò; paske yo te kraze nèt devan SENYÈ a ak devan lame Li a. Lame Juda a te pote fè sòti yon trè gran piyaj. 14 Yo te detwi tout vil ki te antoure Guérar yo, paske laperèz SENYÈ a te fin tonbe sou vil yo. Epi yo te depouye tout vil yo, paske yo te gen anpil piyaj. 15 Anplis, yo te touye sila ki te gen bèt yo, e yo te pote ale yon gran kantite mouton avèk chamo. Answit, yo te retounen Jérusalem.

Asa fè yon alyans ak Bondye

II Kwonik Yo 15:1–15

1 Alò, Lespri Bondye a te vini sou Azaria, fis a Obed la. 2 Li te sòti deyò pou rankontre Asa e li te di li: “Koute mwen, Asa e tout Juda avèk Benjamin: SENYÈ a avèk nou lè nou avèk Li. Epi si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va abandone ou. 3 Pandan anpil jou, Israël te kon san vre Bondye a, san enstriksyon, san prèt e san lalwa. 4 Men nan gran twoub yo, yo te vire kote SENYÈ a, Bondye Israël la. Yo te chache Li e yo te jwenn Li. 5 Nan tan sa yo, pa t gen lapè pou sila ki sòti, ni sila ki antre a, paske anpil gwo zen te twouble tout moun ki te rete nan peyi yo. 6 Nasyon te kraze pa nasyon, vil pa vil, paske Bondye te twouble yo avèk tout kalite gwo twoub. 7 Men nou menm, kenbe fèm e pa pèdi kouraj, paske gen rekonpans pou travay nou yo.”

8 Lè Asa te tande pawòl sila yo avèk pwofesi ke Azaria, fis a Obed la, te pale a, li te pran kouraj, e li te retire zidòl abominab yo soti nan tout peyi Juda avèk Benjamin yo, ak nan vil ke li te kaptire nan peyi kolin Éphraïm yo. Lè l fini, li te restore lotèl SENYÈ a ki te devan galri SENYÈ a. 9 Li te rasanble tout Juda avèk Benjamin avèk tout sila ki te sòti Éphraïm, Manassé ak Siméon yo, ki te rete avèk yo, paske anpil nan yo te vin jwenn li soti an Israël lè yo te wè ke SENYÈ a, Bondye a, te avèk li. 10 Konsa, yo te rasanble Jérusalem nan twazyèm mwa, nan kenzyèm ane, nan règn Asa a. 11 Yo te fè sakrifis bay SENYÈ a nan jou sa a, sèt-san bèf avèk sèt-mil mouton soti nan piyaj ke yo te pote a. 12 Yo te antre nan akò pou chache SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, avèk tout kè yo ak nanm yo; 13 epi ke nenpòt moun ki te refize chache SENYÈ a, Bondye Israël la, ta dwe mete a lanmò, piti kon gran, gason kon fanm. 14 Anplis, yo te fè yon sèman bay SENYÈ avèk yon gwo kri, avèk twonpèt e avèk ti twonpèt wo vwa a. 15 Tout Juda te rejwi akoz sèman an, paske yo te sèmante avèk tout kè yo. Yo te chache Li ak kè onèt yo, e Li te kite yo jwenn Li. Konsa, SENYÈ a te ba yo repo tout kote.

II Kwonik Yo 15:18–19

18 Li te pote lakay SENYÈ a tout bagay dedye ki te pou papa li ak bagay dedye ki te pou li yo: ajan avèk lò avèk zouti. 19 Epi pa t gen lagè ankò jis rive nan trann-senk ane règn a Asa a.