Wayòm Israël la

Lanmò Jéroboam ak pitit gason li

955 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

I Wa Yo 14:1–20

1 Nan lè sa a, Abija, fis a Jéroboam nan, te vin malad. 2 Jéroboam te di a madanm li: “Leve vit e abiye kòmsi pou yo pa rekonèt ou kòm madanm a Jéroboam. Konsa, ale Silo! Gade byen, Achija, pwofèt ki te pale konsènan mwen kòm wa sou pèp sa a la. 3 Pran dis pen avèk ou, kèk gato ak yon boutèy siwo myèl, e ale kote li. Li va di ou kisa ki va rive gason an.”

4 Madanm a Jéroboam nan te fè sa, li te leve ale Silo e li te rive kote lakay Achija. Alò, Achija pa t kab wè, pwiske zye li te vin fèb akoz laj li. 5 Alò, SENYÈ a te di a Achija: “Gade byen, madanm a Jéroboam nan ap vin mande ou konsèy de fis li a, paske li malad. Ou va pale li konsa; paske li va fèt ke lè l rive, l ap fè kòmsi se yon lòt fanm li ye.”

6 Lè Achija te tande son a pye li ki t ap antre nan pòtay la, li te di: “Antre, madanm a Jéroboam, poukisa w ap fè kòmsi se yon lòt fanm ou ye a? Paske mwen te voye kote ou avèk yon mesaj byen di. 7 Ale, pale Jéroboam: ‘Konsa pale SENYÈ a. Bondye Israël la: “Akoz Mwen te egzalte ou soti nan mitan pèp la, e te fè ou chèf sou pèp Mwen an, Israël, 8 e akoz Mwen te chire wayòm nan sòti lakay David pou te bay li a ou menm—sepandan, ou pa t fè jan sèvitè mwen an, David, ki te kenbe kòmandman Mwen yo e ki te swiv Mwen avèk tout kè li, pou fè sèlman sa ki te dwat nan zye Mwen. 9 Anplis, ou te fè plis mechanste pase tout sila ki te avan ou yo, epi ou te fè pou ou menm lòt dye avèk imaj fonn pou pwovoke mwen a lakòlè, e ou te jete Mwen dèyè do ou— 10 Pou sa, gade byen, Mwen ap mennen gwo malè sou lakay Jéroboam e Mwen va koupe retire nan men Jéroboam tout gason, ni lib, ni esklav an Israël e Mwen va fè bale nèt lakay Jéroboam jan yon moun ta bale fè sòti poupou bèt jiskaske li retire li nèt. 11 Nenpòt moun ki apatyen a Jéroboam ki mouri nan vil la, chen va manje li. Epi sila ki mouri nan chan an, zwazo syèl yo va manje l, paske SENYÈ a te pale.”’ 12 Koulye a, ou menm, leve ale lakay ou. Lè pye ou fin antre nan vil la, pitit la va mouri. 13 Tout Israël va fè lamantasyon pou li e antere li, paske se sèlman li nan tout fanmi Jéroboam ki va rive nan tonm nan, akoz nan li, yon bon bagay te twouve anvè SENYÈ a, Bondye Israël la, nan kay Jéroboam nan. 14 Anplis, SENYÈ a va fè leve pou kont Li, yon wa sou Israël ki va koupe lakay Jéroboam. Men jou sa rive! E kisa? Wi. Koulye a menm! 15 Paske SENYÈ a va frape Israël, tankou yon wozo k ap tranble nan dlo. Epi Li va dechouke Israël soti nan bon peyi ke Li te bay a zansèt pa li yo, e Li va gaye yo lòtbò Rivyè Euphrate la, akoz yo te fè Asherim pa yo, ki te pwovoke SENYÈ a a lakòlè. 16 Li va abandone Israël akoz peche ke Jéroboam te fè a, e avèk sila ke li te fè Israël antre nan peche a.”

17 Alò, madanm a Jéroboam te leve ale e te rive Thirtsa. Pandan li t ap pase nan chanbrann pòt la, pitit la te mouri. 18 Tout Israël te antere li e te kriye pou li, selon pawòl SENYÈ a te pale pa sèvitè li, Achija, pwofèt la.

19 Alò, tout lòt zèv a Jéroboam yo, jan li te fè lagè ak jan li te renye, men vwala, yo ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo. 20 Tan ke Jéroboam te renye a te venn-dezan. Konsa, li te dòmi avèk zansèt li yo, e Nadab, fis li a te renye nan plas li a.

Rèy Nadab 953 anvan Christ

I Wa Yo 15:25–31

25 Alò, Nadab, fis a Jéroboam nan, te vin wa sou Israël nan dezyèm ane Asa a, wa Juda a e li te renye sou Israël pandan dezan. 26 Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li te mache nan chemen papa li ak nan peche avèk sila li te fè Israël peche a. 27 Alò, Baescha, fis Achija a, a lakay Issacar a, te fè konplo kont Nadab, e Baescha te frape l fè l mouri nan Guibbethon, ki te apatyen a Filisten yo, pandan Nadab avèk tout Israël t ap fè syèj nan Guibbethon. 28 Konsa, Baescha te touye li nan twazyèm ane Asa a, wa Juda a e li te vin renye nan plas li. 29 Li te vin rive ke depi li te wa a, li te frape tout lakay Jéroboam. Li pa t kite a Jéroboam okenn moun vivan, jiskaske li te detwi yo nèt, selon pawòl ke SENYÈ a te pale pa sèvitè li a, Achija, Siloyit la. 30 Akoz peche ke Jéroboam te fè yo e avèk sila, li te fè Israël peche yo, akoz pwovokasyon li avèk sila li te pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, a lakòlè.

31 Alò, lòt zèv a Nadab yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?

Rèy Baescha 930 anvan Christ

I Wa Yo 15:32–16:7

32 Te gen lagè antre Asa avèk Baescha, fis a Achija a pandan tout jou pa yo.

33 Nan twazyèm ane Asa a, wa a Juda a, Baescha, fis a Achija a, te devni wa sou tout Israël nan Thirtsa e li te renye venn-kat ane. 34 Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li te mache nan chemen Jéroboam ak nan peche pa li avèk sila li te fè Israël peche yo.

16:1 Alò, pawòl SENYÈ a te vini aJéhu, fis a Hanani a kont Baescha, e te di: 2 “Mwen te egzalte ou, Baescha, soti nan pousyè e Mwen te fè ou chèf sou pèp Mwen an, Israël. E ou te mache nan chemen Jéroboam pou te fè pèp Mwen an, Israël peche e te pwovoke M a lakòlè avèk peche pa yo. 3 Veye byen, Mwen va manje Baescha nèt avèk lakay li e Mwen va fè lakay ou tankou lakay Jéroboam, fis a Nebat la. 4 Nenpòt moun nan Baescha ki mouri nan vil la, li va manje pa chen e nenpòt moun nan sila ki mouri nan chan, zwazo syèl yo va manje l.”

5 Alò, lòt zèv a Baescha, sa li te fè ak pwisans li, èske yo pa t ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo? 6 Epi Baescha te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere Thirtsa. Epi Éla, fis li a, te vin wa nan plas li.

7 Anplis, pawòl SENYÈ a, pa pwofèt la, Jéhu, fis a Hanani an, osi te vini kont Baescha avèk lakay li, akoz tout mal li te fè nan zye SENYÈ a, lè l te pwovoke Li a lakòlè avèk zèv a men li yo, lè li te vin tankou lakay Jéroboam e osi akoz li te frape li.