Revòlt Absalom (continued)

1027 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Sòm Yo 55

Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd yo

Yon Refleksyon David

1 Prete zòrèy a lapriyè mwen, O Bondye.

Pa kache Ou menm a siplikasyon mwen yo.

2 Prete atansyon a mwen e reponn mwen.

Mwen pa alèz nan plent mwen yo.

Anverite, mwen deranje nèt

3 akoz vwa lènmi an,

akoz presyon mechan an.

Paske yo pote twoub desann sou mwen.

Nan kòlè yo, yo pote rankin kont mwen.

4 Kè m twouble anndan m.

Sezisman lanmò fin tonbe sou mwen.

5 Laperèz avèk tranbleman fin rive sou mwen.

Mwen etone jiskaske m debòde.

6 Mwen te di: “O ke m te gen zèl kon toutrèl la!

Konsa, mwen ta sove ale pou twouve repo.

Mwen ta demere nan dezè a.”

7 Tande byen, mwen ta rive byen lwen.

Mwen ta ale rete nan savann nan. Tan

8 Mwen ta fè vit rive kote pou m kache kont van tanpèt la,

kont move tan an.

9 Mete yo nan konfizyon, O SENYÈ, divize lang yo,

paske mwen te wè vyolans avèk goumen nan vil la.

10 Lajounen kon lannwit, yo antoure vil la sou miray li yo.

Inikite avèk mechanste nan mitan li.

11 Destriksyon ladann.

Opresyon avèk desepsyon pa janm kite lari li yo.

12 Paske se pa lènmi an ki fè m repwòch.

Konsa, mwen ta kab sipòte l.

Ni se pa yon moun ki rayi mwen ki vin leve kont mwen.

Konsa, mwen ta kab kache de li.

13 Men se ou menm, yon nonm parèy mwen, konpanyen mwen ak zanmi mwen.

14 Nou menm, ki te fè kominyon dous ansanm,

ki te mache nan kay Bondye a nan mitan tout pèp la.

15 Pou sa a Kite lanmò rive sibitman sou yo.

Kite yo desann tou vivan kote mò yo ye.

Paske mechanste a nan abitasyon yo, pami yo, kote yo rete a.

16 Pou mwen, mwen va rele Bondye.

SENYÈ a va sove mwen.

17 Nan aswè, nan maten ak midi, mwen va plenyen e bougonnen.

Li va tande vwa m.

18 Li te rachte nanm mwen anpè,

soti nan batay ki kont mwen an,

malgre yo anpil, k ap lite avè m yo.

19 Bondye ki sou fotèy L jis pou tout tan,

va tande e reponn yo. Tan

Nan sila pa gen chanjman an.

Yo pa gen krent Bondye a.

20 Li te lonje men li kont moun ki te nan lapè avèk li a.

Li te vyole akò li a.

21 Pawòl li te pi dous pase bè,

men ak kè, li te fè lagè.

Pawòl li yo te pi dous pase lwil,

men se nepe rale yo te ye.

22 Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen.

Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.

23 Men Ou menm, O Bondye, va rale yo desann nan fòs destriksyon an.

Moun ki vèse san e ki bay manti

p ap rive fè mwatye nan jou yo.

Men mwen menm va mete konfyans nan Ou.

Sòm Yo 4–5

Pou direktè koral la; sou enstriman ak fil yo; yon sòm David

1 Reponn mwen lè m rele Ou, O Bondye ladwati mwen;

Ou te fè m pran souf nan gran twoub mwen an.

Fè m gras e tande lapriyè mwen.

2 O fis a lòm yo, jiskilè laglwa Mwen va devni yon repwòch?

Jiskilè ou va renmen sa ki san valè

e tante twonpe moun? Tan

3 Men konnen ke SENYÈ a te mete nonm Bondye a apa pou Li menm.

SENYÈ a tande lè m fè apèl Li.

4 Tranble, men pa fè peche.

Reflechi nan kè ou sou kabann ou, e rete kalm. Tan

5 Ofri sakrifis ladwati yo.

Mete konfyans nan SENYÈ a.

6 Anpil ap di: “Kilès ki kab montre nou yon bagay ki bon?”

SENYÈ, leve wo limyè a vizaj Ou devan nou!

7 Ou te mete lajwa nan kè m plis pase

lè gwo rekòlt sereyal mi ak diven nèf vin parèt.

8 Anpè, mwen va kouche pou dòmi,

paske Ou sèl, SENYÈ, fè m viv ansekirite.

Pou Direktè koral yo; fèt pou akonpanye ak flit. Yon Sòm David.

5:1 Prete zòrèy Ou a pawòl mwen yo, O SENYÈ.

Konsidere refleksyon mwen yo.

2 Koute bri kri sekou mwen yo,

Wa mwen e Bondye mwen.

Pou Ou menm, mwen ap priye.

3 Nan maten O SENYÈ, Ou va tande vwa mwen.

Nan maten mwen va vèse bay Ou lapriyè mwen yo.

M aptann, m ap veye.

4 Paske Ou se pa yon Bondye ki gen plezi nan mechanste.

Nanpwen mal ki rete avèk Ou.

5 Sila ki plen ògèy p ap kab kanpe devan zye Ou.

Ou rayi tout sila ki fè inikite yo.

6 Ou detwi sila ki pale sa ki fo yo.

SENYÈ a rayi yon nonm ki vèse san,

ki twonpe moun.

7 Men pou mwen, pa gran lanmou

dous Ou a mwen va antre lakay Ou.

Nan tanp sen Ou an mwen va pwostène

mwen nèt an adorasyon.

8 O SENYÈ, mennen m nan ladwati Ou akoz lènmi mwen yo.

Fè chemen Ou dwat devan mwen.

9 Nanpwen anyen stab nan pawòl pa yo.

Anndan yo se pouriti menm.

Gòj yo se yon tonm ki louvri.

Yo fè flatè ak lang yo.

10 Kenbe yo koupab, O Bondye.

Selon pwòp manèv pa yo, kite yo tonbe!

Nan fòs kantite peche yo pouse yo deyò, paske se rebèl yo ye kont Ou.

11 Men kite tout sila ki pran refij nan Ou yo, fè kè kontan.

Kite yo toujou chante ak kè kontan,

akoz Ou fè abri pou yo.

Kite sila ki renmen non Ou yo kapab

fè kè kontan nan Ou.

12 Paske se Ou menm ki beni nonm ki dwat la, O SENYÈ,

Ou ki antoure li avèk gras Ou,

tankou yon boukliye.