Revòlt Absalom (continued)

1027 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

II Samuel 17

1 Anplis, Achitophel te di a Absalom: “Souple, kite mwen chwazi douz-mil òm pou m kab leve kouri dèyè David aswè a menm. 2  Mwen va vini sou li pandan li fatige e bouke e fè l vin sezi pou tout moun ki avèk li yo kouri ale. Konsa, se sèl wa a mwen va frape touye, 3 epi mwen va fè retounen tout moun yo a ou menm. Retou a tout moun yo depann de nonm ou chache a; answit, tout pèp la va anpè.”

4 Konsa, plan an te fè Absalom avèk tout ansyen Israël yo kontan. 5 Alò, Absalom te di: “Alò, rele Huschaï, Akyen an tou e annou tande sa ke li gen pou di.”

6 Lè Huschaï te rive a Absalom, Absalom te di li: “Achitophel te pale konsa. Èske nou dwe fè plan pa li a? Si se pa sa, pale.”

7 Konsa, Huschaï te di a Absalom: “Fwa sa a, konsèy ke Achitophel te bay la, pa bon.” 8 Anplis, Huschaï te di: “Ou konnen papa ou avèk mesye pa li yo se mesye plen kouraj e fewòs, tankou yon lous ki pèdi pitit li nan chan. Epi papa ou gen gwo eksperyans lagè e li p ap pase nwit lan avèk pèp la. 9 Gade byen, depi koulye a, li gen tan kache nan youn nan kavèn yo oswa nan yon lòt plas; epi li va rive ke lè li tonbe sou yo nan premye atak la, ke nenpòt moun ki tande va di: ‘Gen yon masak ki fèt pami moun ki swiv Absalom yo.’ 10 Epi menm sila ki gen gwo kouraj yo, ki gen kè tankou kè a lyon yo, va vin pèdi kouraj nèt; paske tout Israël konnen ke papa ou se yon nonm pwisan e sila ki avèk li yo se mesye vanyan. 11 Men konsèy pa m se ke tout Israël vin, anverite, rasanble bò kote ou, soti nan Dan jis rive nan Beer-Schéba, tankou sab bò lanmè an gran kantite, e ke ou menm, pèsonèlman antre nan batay la. 12 Konsa, nou va vini sou li nan plas kote li kapab twouve yo, nou va tonbe sou li tankou lawouze tonbe atè; epi konsènan li avèk tout mesye ki avèk li yo, p ap gen menm youn ki rete. 13 Si li retire li nan yon vil, alò, tout Israël va mennen kòd kote vil sila a e yo va rale li nèt antre nan vale a jis nanpwen yon ti wòch ki rete.”

14 Alò, Absalom avèk tout mesye Israël yo te di: “Konsèy Huschaï pi bon ke konsèy Achitophel la.” Paske SENYÈ a te deja detèmine pou anile bon konsèy Achitophel la, pou SENYÈ a ta kapab fè gwo dezas rive Absalom.

15 Epi Huschaï te di a Tsadok avèk Abiathar, prèt yo: “Sa se konsèy sa a ke Achitophel te bay Absalom avèk ansyen a Israël yo e se sa ke mwen te konseye. 16 Alò, pou sa, voye vit pale David e di: ‘Pa pase nwit lan kote ki pou janbe dlo rive nan dezè a, men fè sèten ke nou janbe, oswa wa a avèk tout moun ki avèk li yo va vin detwi.’”

17 Alò, Jonathan avèk Achimaats te rete En-Rougel. Yon sèvant te gen pou ale pale yo pou yo ta ale avèti Wa David, paske yo pa t kapab kite moun wè yo antre nan vil la. 18 Men yon gason te wè yo kanmenm e te di Absalom. Pou sa, yo te pati vit rive lakay a yon mesye Bachurim ki te gen yon pwi nan lakou a, e yo te desann antre ladann. 19 Konsa, fanm nan te pran yon kouvèti. Li te ouvri li sou bouch pwi a, e li te gaye sereyal sou li jiskaske yo pa t konnen anyen. 20 Alò, sèvitè a Absalom yo te vin kote fanm nan lakay li e te di: “Kote Achimaats avèk Jonathan?”

Epi fanm nan te di yo: “Yo fin janbe dlo a.”

Konsa, lè yo te chache e pa t kab jwenn yo, yo te retounen Jérusalem. 21 Li te vin rive lè yo te fin ale ke yo te monte sòti nan pwi a, yo te ale pale Wa David e yo te di David: “Leve, travèse dlo a byen vit paske Achitophel te bay konsèy kont ou.”

22 Alò, David avèk tout moun ki te avèk li yo te leve janbe Jourdain an. Lè solèy te vin leve, pa t gen youn ki rete ki pa t janbe Jourdain an.

23 Alò, lè Achitophel te wè ke konsèy pa li a pa t swiv, li te sele bourik li e li te leve ale lakay li nan vil li a. Li te mete lakay li an lòd e te trangle pwòp tèt li. Konsa, li te mouri e te antere nan tonm a papa li.

24 Alò, David te rive Mahanaïm. Epi Absalom te travèse Jourdain an, li menm avèk tout mesye Israël yo avèk yo. 25 Absalom te mete Amasa sou tèt lame a nan plas Joab. Alò Amasa te fis a yon mesye ki te rele Jithra, Izrayelit la, ki te antre nan Abigail, fi a Nachasch, sè a Tseruja a, manman a Joab. 26 Epi Israël avèk Absalom te fè kan nan peyi Galaad la.

27 Alò, lè David te vini Mahanaïm, Schobi, fis a Nachasch ki sòti Rabba a, a fis Ammon yo, Makir, fis a Ammiel Lodebar a ak Barzillaï, Galaadit Roguelim nan, 28 te pote kabann yo, basen yo, po kanari yo, ble, lòj, farin, sereyal boukannen, pwa, pwa lantiy, avèk grenn boukannen, 29 siwo myèl, bòl lèt, mouton ak fwomaj ki sòti nan twoupo a, pou David ak moun ki te avèk li yo ta manje. Paske yo te di: “Pèp la grangou, fatige e swaf nan dezè a.”

Sòm Yo 42–43

Pou direktè koral la. Yon refleksyon pa fis Kore yo.

1 Jan sèf la rale souf ak swaf pou dlo ravin nan,

Konsa nanm mwen rale souf pou Ou, O Bondye.

2 Nanm mwen swaf pou Bondye,

Pou Bondye vivan an.

Se kilè mwen kab vini pou parèt devan Bondye?

3 Se dlo nan zye m ki manje mwen lajounen kon lannwit.

Pandan y ap di m tout lajounen:

“Kote Bondye ou a?”

4 Bagay sa yo mwen sonje e mwen

vide nanm mwen nèt anndan m.

Paske mwen te konn ale ansanm ak foul la,

pou pran devan nan pwosesyon pou rive lakay Bondye,

avèk yon vwa lajwa, ak remèsiman, yon gran foul k ap fè fèt sakre a.

5 Poukisa, o nanm mwen, ou nan dezespwa?

Epi poukisa ou twouble anndan m?

Mete espwa ou nan Bondye, paske mwen

va louwe Li ankò akoz sekou a prezans Li an.

6 O Bondye mwen, nanm mwen pèdi espwa anndan mwen.

Pou sa, mwen sonje Ou soti nan peyi

Jourdain an avèk tèt mòn Hermon yo, soti kanpe nan Mòn Mitsear.

7 Pwofondè a rele pwofondè a nan son kaskad dlo Ou yo.

Tout gwo dlo ak move lanmè Ou yo fin koule sou mwen.

8 SENYÈ a va òdone lanmou dous Li a nan lajounen,

chan Li yo va avèk mwen pandan nwit lan:

Yon lapriyè a Bondye lavi mwen an.

9 Mwen va di a Bondye, wòch mwen an:

“Poukisa Ou te bliye mwen?

Poukisa mwen antre nan tristès akoz opresyon lènmi an?”

10 Se tankou tout zo mwen yo kraze,

jan advèsè mwen yo anmède mwen,

pandan y ap di m tout lajounen:

“Kote Bondye Ou a”?

11 Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen?

Epi poukisa ou vin twouble anndan mwen?

Mete espwa ou nan Bondye, paske m ap louwe Li ankò,

O soutyen kè mwen an, e Bondye mwen an.

43:1 Deklare m inosan, O Bondye mwen!

Plede ka mwen kont yon nasyon enfidèl.

O delivre mwen soti nan men

a lèzòm mantè e enjis yo!

2 Paske Ou se Bondye fòs mwen an.

Poukisa Ou rejte m?

Poukisa mwen fè dèy akoz opresyon a lènmi an?

3 Voye limyè Ou deyò avèk verite Ou;

kite yo mennen mwen.

Kite yo mennen m nan mòn sen Ou an ak kote Ou abite yo.

4 Konsa, mwen va ale vè lotèl Bondye a,

Bondye lajwa m ki depase limit lan.

Konsa, sou gita a, mwen va bay Ou lwanj,

O Bondye, Bondye mwen an.

5 Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen?

E poukisa ou twouble anndan m?

Mete espwa ou nan Bondye!

Paske m ap louwe Li ankò:

O sove m, soutyen mwen an,

ak Bondye m.