Revòlt Absalom (continued)
1027 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
Pou direktè koral la; selon Jeduthun; Yon Sòm David
1 Nanm mwen ap poze sèl nan Bondye.
Sali m se nan Li.
2 Se Li sèl ki wòch mwen, sali mwen, ak sitadèl mwen.
Menm gwo sò p ap boulvèse m.
3 Pou jiskilè, nou va atake yon nonm?
Alò, èske nou ta touye li, nou tout,
tankou yon miray k ap panche?
Tankou yon kloti k ap kraze?
4 Yo plen entansyòn pou pouse li soti nan wo pozisyon li.
Yo pran plezi nan tout sa ki fo.
Yo beni avèk bouch yo, men anndan yo bay madichon.
5 Nanm mwen tann an silans sèlman Bondye.
Paske espwa mwen se nan Li.
6 Li se sèl ki wòch mwen, sali mwen, ak sitadèl mwen.
Mwen p ap ebranle menm.
7 Sali mwen an, avèk glwa mwen rete nan Bondye.
Wòch fòs mwen an, ak kote pou m kache, se nan Bondye.
8 Mete konfyans nan Li tout tan, O pèp la.
Vide kè nou devan Li.
Bondye se yon refij pou nou.
9 Moun nan pozisyon ba yo se sèl yon souf nan van.
Moun ki plase wo yo se manti.
Nan pèz balans yo, se monte, yap monte.
Ansanm menm, yo pi fay ke yon souf.
10 Pa mete konfyans nan peze kou moun desann.
Ni pa mete fo espwa nan vòlè.
Si richès nou ogmante, pa mete kè nou sou yo.
11 Yon fwa, Bondye te pale.
De fwa, mwen gen tan tande sa:
Ke pouvwa, se pou Bondye.
12 Epi anplis, lanmou dous se pou Ou, O Senyè.
Paske Ou bay rekonpans a lòm selon
zèv li yo.
Yon Sòm David
1 Tande lapriyè mwen, O SENYÈ.
Prete zòrèy Ou a siplikasyon mwen yo.
Nan fidelite Ou, reponn mwen, ak ladwati Ou!
2 Konsa, pa antre nan jijman avèk sèvitè Ou a,
paske nan zye Ou, nanpwen moun vivan ki jis.
3 Paske lènmi an te pèsekite nanm mwen.
Li fin kraze lavi m jis rive atè.
Li te fè m rete kote fènwa, tankou sila ki mouri lontan yo.
4 Pou sa, lespri m kraze nèt anndan m.
Kè m nan gwo twoub anndan m.
5 Mwen sonje ansyen jou yo.
Mwen reflechi tout tan sou tout sa Ou te fè.
Mwen panse sou zèv men Ou yo.
6 Mwen lonje men m vè Ou menm.
Nanm mwen fè gwo anvi pou Ou, kon yon peyi deseche.
7 Reponn mwen vit, O SENYÈ, lespri m vin febli;
Pa kache figi Ou sou mwen, oswa mwen va vini kon sila ki desann nan fòs yo.
8 Kite mwen tande lanmou dous Ou a nan granmmaten,
paske mwen mete konfyans mwen nan Ou.
Enstwi mwen nan chemen ke m ta dwe mache a,
paske se a Ou ke mwen leve nanm mwen.
9 Delivre mwen, O SENYÈ, de lènmi mwen yo.
Mwen kache nan Ou.
10 Enstwi mwen pou fè volonte Ou,
paske se Ou menm ki Bondye mwen.
Lespri Ou bon.
Kondwi mwen sou tèren ladwati a.
11 Pou koz a non Ou, O SENYÈ, fè m reprann fòs mwen.
Nan ladwati Ou, mennen nanm mwen sòti nan gwo twoub la.
12 Epi nan lanmou dous Ou a, fè lennmi m yo koupe retire nèt.
Detwi tout sila ki aflije nanm mwen yo,
paske mwen se sèvitè Ou.
Yon Sòm David
144:1 Beni se SENYÈ a, wòch mwen an,
ki enstwi men m pou fè lagè,
ak dwèt mwen pou batay.
2 Lanmou dous mwen e sitadèl mwen an,
Fòterès mwen ak liberatè mwen an,
Boukliye mwen an nan sila mwen kache a,
Ki soumèt pèp mwen an anba m.
3 O SENYÈ, se kisa lòm nan ye pou Ou panse a li?
Oswa fis a lòm nan pou Ou panse a Li?
4 Lòm se tankou yon sèl souf.
Jou li yo se tankou yon lonbraj k ap pase.
5 Bese syèl Ou yo, O SENYÈ e desann.
Touche mòn yo pou yo kab fè lafimen.
6 Fè parèt eklè pou gaye yo.
Voye flèch Ou pou mete yo nan konfizyon.
7 Lonje men Ou soti anwo.
Fè m sekou!
Delivre m sòti nan gwo dlo yo,
nan men etranje yo ak
8 bouch kap pale manti yo e men
dwat a sila ki se men dwat a manti yo.
9 Mwen va chante yon chan tounèf a Ou menm, O Bondye;
Sou ap dis kòd yo, mwen va chante lwanj a Ou menm,
10 Ki konn sove wa yo, ki fè David, sèvitè Li a,
chape de nepe lanmò a.
11 Fè m sekou e delivre m de men a etranje yo,
Bouch a sila ki pale desepsyon yo,
e men dwat a sila ki men dwat a manti yo.
12 Kite fis nou yo nan jenès yo parèt tankou plant ki fin grandi,
e fi nou yo tankou pilye taye ki pou ta anbeli yon palè wayal.
13 Kite depo nou yo toujou plen, nan bay tout kalite pwodwi.
Kite twoupo nou yo pwodwi dè milye e dè di milye nan chan nou yo.
14 Kite bèf nou yo ka pote gwo chaj.
Pou nou pa gen kase kay, ni kouri kite, e
nanpwen moun k ap rele “anmwey” nan lari nou yo.
15 A la beni pèp ki ranje konsa beni!
A la beni pèp ki gen Bondye pou SENYÈ yo beni.
Pou direktè koral la; Yon Sòm David. Yon souvni
1 O Bondye, fè vit pou delivre mwen.
O SENYÈ, fè vit pou ban m sekou!
2 Kite sila k ap chache lavi m yo vin wont e imilye.
Kite sila ki pran plezi nan fè m mal yo vire fè bak ak dezonè.
3 Kite sila ki di: “ah, ah!” yo vire fè bak akoz wont yo.
4 Kite tout moun k ap chache Ou yo rejwi e fè kè kontan nan Ou.
Kite sila ki renmen sali Ou yo di tout tan:
“Kite Bondye egzalte”.
5 Men mwen aflije e mwen nan nesesite.
Fè vit vin kote mwen, O Bondye!
Se Ou menm ki sekou mwen ak delivrans mwen.
O SENYÈ, pa mize.