Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Pwovèb Yo 24

Bib Sen An (BSA)

Pa Fè Jalouzi

1 Pa fè anvi a moun mechan,

ni dezire pou avèk yo;

2 paske panse yo fòmante vyolans

e lèv yo pale inikite.

3 Avèk sajès, kay la bati

e avèk bon konprann, li vin etabli.

4 Pa konesans, chanm yon moun vin

ranpli avèk tout bèl kalite richès.

5 Yon nonm saj byen fò,

e yon nonm ak konesans ogmante pouvwa li.

6 Paske ak konsèy saj ou va fè lagè,

e ak konseye an abondans, gen viktwa.

7 Sajès twò wo pou moun ensanse a;

li pa ouvri bouch li nan pòtay la.

8 Yon moun ki fè plan pou fè mal,

moun va rele li magouyè.

9 Fòmante foli se peche,

e mokè a abominab a tout moun.

10 Si ou lach nan jou gran pwoblèm nan, fòs ou pa fò.

11 Delivre sila k ap mennen vè lanmò a,

ak sila k ap mache tonbe vè labatwa a.

O, kenbe yo!

12 Si ou di: “Gade, nou pa t konnen sa”;

èske Li pa konsidere sa, sila ki peze kè?

Epi èske Li pa konnen sa, sila kap kenbe nanm ou an?

Èske Li p ap rann a lòm selon zèv li?

13 Fis mwen, manje siwo myèl, paske li bon;

wi, siwo sòti nan nich lan dous pou goute.

14 Konnen ke sajès se konsa pou nanm ou;

si ou twouve li, va gen yon avni, e espwa ou p ap anile.

15 Pa kouche mete pyèj, o lòm mechan,

kont kote ke moun dwat la rete a.

Pa detwi kote repo li a;

16 paske yon nonm ladwati tonbe sèt fwa e leve ankò,

men se nan lè gwo malè ke mechan an tonbe.

17 Pa rejwi lè lènmi ou tonbe.

Ni pa kite kè ou kontan lè l tonbe;

18 Oswa, SENYÈ a va wè l,

vin pa kontan e detounen kòlè Li de li.

19 Pa twouble tèt ou pou malveyan yo,

ni fè lanvi pou mechan yo,

20 paske pou yon nonm mechan, pa gen avni.

Lanp a mechan an va etenn nèt.

21 Fis mwen an, gen lakrent SENYÈ a ak wa a;

pa asosye ak sila ki pa stab yo,

22 paske, malè yo va leve vit.

Kilès ki konnen destriksyon an k ap sòti nan yo de a.

Lòt Pawòl Moun ki Gen Sajès yo

23 Sila yo, anplis, se pawòl a sajès:

Fè patipri nan jijman pa bon.

24 Sila ki di a mechan an: “Ou dwat”,

pèp yo va modi li e nasyon yo va rayi li;

25 men pou sila ki repwoche mechan yo,

l ap wale byen ak yo.

Bon benediksyon va tonbe sou yo.

26 Yon repons onèt tankou yon bo sou lèv yo.

27 Prepare tout travay ou a deyò;

byen prepare chan ou.

Apre, alò, bati kay ou.

28 Pa vin yon temwen kont vwazen ou san koz,

e pa bay manti ak lèv ou.

29 Pa di: “Se konsa mwen va fè l paske li te fè m konsa;

mwen va rann a nonm nan selon zèv li yo.”

30 Mwen te pase nan chan parese a;

akote chan rezen a nonm ki manke bon konprann nan.

31 Epi gade byen, li te plen ak raje pikan,

e kouvri ak move zèb,

Miray an wòch la te fin kraze nèt.

32 Lè m te wè, mwen te reflechi sou sa;

mwen te gade e m te resevwa enstriksyon.

33 “Yon ti dòmi, yon ti somèy,

yon ti pliye men pou repoze,”

34 Konsa mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vòlè;

ak bezwen tankou yon bandi ak zam.

Pwovèb Yo 24