Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Pwovèb Yo 13

Bib Sen An (BSA)

Disiplin yon Papa

1 Yon fis ki saj aksepte disiplin a papa l,

men yon mokè pa koute repwòch.

2 Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon;

men volonte moun enfidèl se vyolans.

3 Sila ki kontwole bouch li, konsève lavi li;

sila ki ouvri lèv li byen laj va detwi nèt.

4 Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn;

men nanm a moun dilijan an vin gra.

5 Yon nonm dwat rayi sa ki fo;

men zak mechan yo degoutan e fè gwo wont.

6 Ladwati se yon pwotèj pou sila ki san fot la;

men mechanste fè pechè a vin souye nèt.

7 Genyen moun ki pretann yo rich, men yo pa gen anyen;

yon lòt pretann li malere men li gen gwo richès.

8 Ranson pou lavi a yon nonm rich se richès li;

men malere a pa tande menas.

9 Limyè a moun dwat la se rejwisans;

men lanp a mechan an va etenn.

10 Ògèy pa pote anyen sof ke konfli;

men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo.

11 Richès ki sòti nan manti koule ale;

men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi.

12 Lespwa jennen fè kè a malad;

men dezi acheve a se yon pyebwa lavi.

13 Sila ki meprize lenstriksyon va peye fwè a;

men sila ki respekte lòd yo va resevwa rekonpans li.

14 Lenstriksyon a saj yo se yon fontèn dlo lavi

pou detounen pèlen lanmò a.

15 Bon konprann pwodwi favè;

men chemen moun ki pa fidèl la di.

16 Tout moun ki pridan aji ak konesans;

men yon moun san konprann parèt ak foli li.

17 Yon mesaje mechan tonbe nan advèsite;

men sila ki pote pawòl ak bòn fwa a, pote gerizon

18 Mizè ak wont se pou sila ki manke disiplin nan;

men sila ki konsidere repwòch la va onore.

19 Yon dezi ki reyalize se dous a nanm nan,

men moun bèt pa vle kite mechanste.

20 Sila ki mache ak moun saj va vin saj;

men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.

21 Se malè ki kouri dèyè pechè yo;

men moun dwat yo va pwospere.

22 Yon bon moun va lese eritaj pou pitit pitit li;

men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo.

23 Gen anpil manje nan tè malere a;

men li fin bale nèt akoz enjistis.

24 Sila ki ralanti baton li, rayi fis li;

men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.

25 Moun dwat la gen kont pou satisfè dezi li;

men vant mechan an toujou gen bezwen.

Pwovèb Yo 13