Pwovèb Salomon yo (continued)
984 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Nenpòt moun ki renmen disiplin, renmen konesans,
men sila ki rayi korije a, se bèt.
2 Yon bon moun va jwenn favè SENYÈ a;
men Bondye va kondane sila ki fè manèv mechanste a.
3 Yon nonm p ap etabli ak mal la;
men rasin moun dwat la p ap sòti menm.
4 Yon bon madanm se kouwòn a mari li;
men sila ki fè l wont lan se tankou pouriti nan zo li.
5 Panse a moun dwat yo jis;
men konsèy a mechan yo se desepsyon.
6 Pawòl a mechan yo kouche tann pyèj pou vèse san;
men bouch moun dwat yo va delivre yo.
7 Mechan yo va boulvèse e vin disparèt;
men kay a moun dwat yo va kanpe.
8 Yon nonm ap twouve glwa selon entèlijans li;
men sila ak panse pèvès la va meprize.
9 Meyè se sila ki enkoni an, men ki gen sèvitè,
pase sila ki onore pwòp tèt li e ki manke pen an.
10 Yon nonm ladwati gen respè pou lavi a bèt li;
men konpasyon a mechan an se mechanste.
11 Sila ki raboure tè li a va gen anpil pen;
men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann.
12 Moun mechan an vle pran piyaj a mechan yo;
men rasin ladwati yo va donnen fwi li.
13 Yon moun mechan pyeje pa transgresyon lèv li;
men moun dwat la va evite pwoblèm.
14 Yon nonm va satisfè avèk sa ki bon kon fwi a pawòl li,
e zèv lamen a yon nonm va retounen kote li.
15 Chemen a yon moun fou bon nan zye li;
men yon nonm saj koute konsèy.
16 Lè yon moun fou vekse, ou konnen sa vit;
men sila ki saj la evite wont.
17 Sila ki pale verite a pale sa ki dwat;
men yon fo temwen twonpe.
18 Genyen yon moun ki pale san pridans
tankou sila k ap goumen ak nepe yo;
men lang a saj la pote gerizon.
19 Lèv verite yo va etabli pou tout tan;
men lang ki bay manti a rete pou yon moman.
20 Desepsyon se nan kè a sila k ap fè manèv mechanste yo;
men konseye lapè yo gen jwa.
21 Nanpwen mal ki rive moun dwat yo;
men mechan yo plen ak twoub.
22 Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a;
men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.
23 Yon moun pridan kache sa li konnen;
men kè moun san konprann pale jis nan foli.
24 Men a dilijan yo va kòmande;
men parese a va fè kòve.
25 Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann;
men yon bon pawòl fè l leve.
26 Moun ladwati a se yon gid a vwazen li;
men chemen a mechan fè yo egare.
27 Yon nonm parese pa menm boukannen bèt lachas li,
men pi presye nan sa yon nonm posede se dilijans.
28 Nan chemen ladwati se lavi;
e nan wout li nanpwen lanmò.
13:1 Yon fis ki saj aksepte disiplin a papa l,
men yon mokè pa koute repwòch.
2 Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon;
men volonte moun enfidèl se vyolans.
3 Sila ki kontwole bouch li, konsève lavi li;
sila ki ouvri lèv li byen laj va detwi nèt.
4 Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn;
men nanm a moun dilijan an vin gra.
5 Yon nonm dwat rayi sa ki fo;
men zak mechan yo degoutan e fè gwo wont.
6 Ladwati se yon pwotèj pou sila ki san fot la;
men mechanste fè pechè a vin souye nèt.
7 Genyen moun ki pretann yo rich, men yo pa gen anyen;
yon lòt pretann li malere men li gen gwo richès.
8 Ranson pou lavi a yon nonm rich se richès li;
men malere a pa tande menas.
9 Limyè a moun dwat la se rejwisans;
men lanp a mechan an va etenn.
10 Ògèy pa pote anyen sof ke konfli;
men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo.
11 Richès ki sòti nan manti koule ale;
men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi.
12 Lespwa jennen fè kè a malad;
men dezi acheve a se yon pyebwa lavi.
13 Sila ki meprize lenstriksyon va peye fwè a;
men sila ki respekte lòd yo va resevwa rekonpans li.
14 Lenstriksyon a saj yo se yon fontèn dlo lavi
pou detounen pèlen lanmò a.
15 Bon konprann pwodwi favè;
men chemen moun ki pa fidèl la di.
16 Tout moun ki pridan aji ak konesans;
men yon moun san konprann parèt ak foli li.
17 Yon mesaje mechan tonbe nan advèsite;
men sila ki pote pawòl ak bòn fwa a, pote gerizon
18 Mizè ak wont se pou sila ki manke disiplin nan;
men sila ki konsidere repwòch la va onore.
19 Yon dezi ki reyalize se dous a nanm nan,
men moun bèt pa vle kite mechanste.
20 Sila ki mache ak moun saj va vin saj;
men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.
21 Se malè ki kouri dèyè pechè yo;
men moun dwat yo va pwospere.
22 Yon bon moun va lese eritaj pou pitit pitit li;
men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo.
23 Gen anpil manje nan tè malere a;
men li fin bale nèt akoz enjistis.
24 Sila ki ralanti baton li, rayi fis li;
men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.
25 Moun dwat la gen kont pou satisfè dezi li;
men vant mechan an toujou gen bezwen.