Search Help

Search the whole Bible in your chosen Translation.

1. Find Verses Using Words

Examples:

Notes:

2. Find Verses Using Advanced Matching

Finds baptism, baptize, baptized, baptizing

Finds love, loved, loving

3. Find a passage

Opens John chapter 3.

Opens John 3, verses 16–17. A book name on its own, such as "John", searches for that word.

Malachie 4

Bib Sen An (BSA)

Jou SENYÈ a

1 “Paske gade byen, jou a ap vini, byen cho tankou yon founo, lè tout moun ògeye yo ak tout malfektè yo va vin tounen pay vannen. Jou k ap vini an va fin boule yo nèt,” pale SENYÈ Dèzame yo: “jiskaske li pa kite pou yo ni rasin ni branch. 2 Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo. 3 Nou va foule mechan an anba pye nou, paske yo va tankou sann anba pla pye nou nan jou ke Mwen fè a,” pale SENYÈ dèzame yo.

4 “Sonje lalwa a sèvitè Mwen an, Moïse, règleman ak òdonans ke M te kòmande li nan Horeb pou tout Israël yo.

5 “Gade byen, Mwen ap voye bannou Élie, pwofèt la, avan gwo jou tèrib a SENYÈ a vin rive a. 6 Li va tounen kè a papa yo vè pitit yo, e kè a pitit yo vè papa yo, pou m pa vin frape peyi a avèk yon malediksyon.”

Malachie 4