Miray Jérusalem yo rebati

445 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Néhémie 2:12–3:32

12 Mwen te leve pandan lannwit lan, avèk kèk bon mesye avèk mwen. Mwen pa t pale pèsòn sa ke Bondye mwen an te mete nan tèt mwen pou fè pou Jérusalem nan, e pa t gen bèt avè m sof ke sila ke mwen menm te monte a. 13 Konsa, mwen te sòti deyò nan nwit lan akote Pòtay Vale a, vè Pwi Dragon an, anplis pou rive nan Pòtay Fimye a, e mwen t ap pase fè enspeksyon miray Jérusalem yo, ki te kraze nèt ak pòtay li yo ki te manje pa dife. 14 Mwen te pase rive pi lwen nan Pòtay Sous Bwote a, avèk Dlo Etan a Wa a; men pa t gen kote pou bèt mwen an pase. 15 Konsa, mwen te pase pandan nwit lan pa ravin nan pou te fè enspeksyon miray la. Epi mwen te antre ankò nan Pòtay Vale a e mwen te retounen. 16 Chèf lokal yo pa t konnen kote mwen te ale a, ni sa mwen te fè a; ni jis rive nan moman sa a, mwen potko pale Jwif yo, prèt yo, moun nòb yo, chèf yo, ni lòt moun ki t ap fè travay yo.

17 Konsa mwen te di yo: “Nou wè move ka nou an, ke Jérusalem dezole e pòtay li yo fin brile pa dife? Vini, annou rebati miray Jérusalem nan pou nou pa parèt kon yon wont ankò.” 18 Mwen te pale yo jan men Bondye mwen an te ban m favè e anplis, pawòl ke wa a te pale mwen yo.

Yo te di: “Annou leve pou bati.” Konsa, yo te mete men yo nan bon èv sila a.

19 Men lè Sanballat, Owonit lan avèk Tobija, chèf Amonit lan, avèk Guéschem, Arab la, te tande koze sa a, yo te moke nou, te meprize nou, epi te di: “Ki bagay sa n ap fè la a? Èske nou ap fè rebèl kont wa a?”

20 Konsa, mwen te reponn yo epi te di yo: “Bondye syèl la va fè nou reyisi. Se akoz sa a, sèvitè li yo va leve pou bati. Men nou menm, nou p ap gen pòsyon, ni dwa, ni souvni nan Jérusalem.”

3:1 Epi Éliaschib, wo prèt la, te leve avèk frè li yo, prèt yo pou te bati Pòtay Mouton an. Yo te konsakre li e te kwoke pòt li yo. Yo te konsakre miray depi nan tou Méa yo jis rive nan tou Hananeel la. 2 Akote li, mesye Jéricho yo te bati, e akote li, Zaccur, fis a Imri a te bati.

3 Alò, fis a Senna yo te bati Pòtay Pwason an. Yo te poze travès li yo, e te kwoke pòt li yo avèk boulon ak ba fè. 4 Akote yo, Merémoth, fis a Urie a, fis a Hakkots la, te fè reparasyon yo. Epi akote li, Meschullam, fis a Bérékia a, fis a Meschézabeel la, te fè reparasyon yo. Akote li, Tsadok, fis a Baana a, te fè reparasyon yo. 5 Anplis, akote li, Tekoyit yo te fè reparasyon yo, men chèf prensipal pa yo a pa t bay soutyen a mèt ouvriye yo.

6 Jojada, fis a Paséach la avèk Meschullam, fis a Besodia a te repare Pòtay ansyen an. Yo te poze travès li yo, e te kwoke pòt li yo avèk boulon ak ba fè. 7 Akote yo, Melatia, Gabonit lan, e Jadon, Mewonotit la, avèk mesye Gabaon avèk Mitspa, osi te fè reparasyon yo kon reprezantan gouvènè pwovens lòtbò rivyè a. 8 Akote li, Uzziel, fis a Harhaja a, òfèv la, te fè reparasyon yo. Epi akote li, Hanania, youn nan sila ki fè pafen yo, te fè reparasyon yo, e yo te restore Jérusalem jis rive nan Gran Miray la. 9 Akote yo, Rephaja, fis a Hur la, chèf a mwatye nan distri Jérusalem nan, te fè reparasyon yo. 10 Akote yo, Jedaja, fis a Harumaph la, te fè reparasyon anfas lakay li a. Epi akote li, Hattusch, fis a Haschabnia a, te fè reparasyon yo. 11 Malkija, fis a Harim nan avèk Haschub, fis a Pachath-Moab la, te fè yon lòt pati, avèk Wo Tou Founo yo. 12 Akote li, Schallum, fis a Hallochesch la, chèf a mwatye nan distri Jérusalem nan te fè reparasyon yo ansanm avèk fi li yo.

13 Hanun avèk moun ki te rete Zanoach yo te repare Pòtay Vale a. Yo te bati li e te kwoke pòt li yo avèk boulon ak ba fè e te fè mil koude nan miray la vè Pòtay Fimye a.

14 Malkija, fis a Récab la, chèf Beth-Hakkérem nan, te repare Pòtay Fimye a. Li te bati li, e te kwoke pòt li yo avèk boulon ak ba fè.

15 Schallun, fis a Col-Hozé a, chèf nan distri Mitspa a, te repare Pòtay Sous Bwote a. Li te bati li, te kouvri li, te kwoke pòt li yo avèk boulon ak ba fè, avèk miray kote Etan Siloé a toupre jaden a wa a jis rive kote mach pye eskalye ki te desann soti lavil David la. 16 Apre li menm, Néhémie, fis a Azbuk la, chèf a mwatye distri Beth-Tsur a te fè reparasyon yo jis rive anfas tonm a David yo, rive jis nan etan fèt a lamen avèk kay a mesye vanyan yo. 17 Apre li, Levit yo te kontinye reparasyon yo anba Rehum, fis a Bani a. Akote li menm, Haschabia, chèf a mwatye distri Keïla a, te fè reparasyon yo pou distri pa li a. 18 Apre li, frè pa yo te fè reparasyon yo anba Bavvaï, fis a Hénadad la, chèf a lòt mwatye distri a Keïla a. 19 Akote li Ézer, fis a Josué a, chèf a Mitspa a, te repare yon lòt pòsyon devan pant asnal la, nan ang lan. 20 Apre li Baruc, fis a Zabbaï a te repare avèk gwo kouraj, yon lòt pòsyon soti nan ang lan jis rive devan pòt a Éliaschib la, wo prèt la. 21 Apre li menm, Merémoth, fis a Urie a, fis a Hakkots la, te repare yon lòt pòsyon soti nan pòtay lakay Éliaschib la, jis rive nan dènye pwent lakay Éliaschib la. 22 Apre li, prèt yo mesye a vale yo te reyisi fè reparasyon yo. 23 Apre yo menm, Benjamin avèk Haschub te fè reparasyon yo devan lakay pa yo. Apre yo, Azaria, fis a Maaséja a, fis a Anania a, te fè reparasyon yo devan lakay pa li. 24 Apre li Binnuï, fis a Hénadad la, te repare yon lòt pòsyon soti lakay Azaria, jis rive nan ang lan, jis rive nan kwen an. 25 Palal, fis a Uzaï a te fè reparasyon yo devan ang lan avèk fò ki te parèt soti anwo kote lakay wa a, ki akote lakou gad la. Apre li, Pedaja, fis a Pareosch la, te fè reparasyon yo. 26 Sèvitè tanp ki te rete nan landwa Fimye yo te fè reparasyon yo jis pa devan Pòtay Dlo a vè lès avèk fò pwolonje a. 27 Apre yo menm, Tekoyit yo te repare yon lòt pati pa devan wo fò pwolonje a jis rive nan miray Fimye a.

28 Piwo Pòtay Cheval la, prèt yo te reyisi fè reparasyon pa yo, yo chak devan pwòp kay pa yo. 29 Apre yo menm, Tsadok, fis Immer a, te fè reparasyon yo devan lakay li. Epi apre li, Schemaeja, fis a Schecania a, gadyen Pòtay lès la te fè reparasyon yo. 30 Apre li, Hanania, fis a Schélémia a e Hanun, sizyèm fis a Tsalaph la, te repare yon lòt pati. Apre li, Meschullam, fis Bérékia te travay anfas pwòp chanm li. 31 Apre li menm, Malkija, youn nan òfèv yo, te fè reparasyon yo jis rive nan kay sèvitè tanp yo ak machann yo devan Pòtay Enspeksyon an, e jis rive nan wo chanm kwen an. 32 Antre wo chanm nan kwen an ak Pòtay Mouton yo, òfèv yo avèk machann yo te fè reparasyon yo.