Pati 3: Depi refòm Néhémie a rive nan fèmti kanon an

Premye misyon Néhémie

445 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Néhémie 1:1–2:11

1 Pawòl a Néhémie yo, fis Hacalia a.

Alò, sa te fèt nan mwa Kisleu a, nan ventyèm ane a, pandan mwen te nan kapital Suse la, 2 ke Hanani, youn nan frè mwen yo, e kèk nan mesye ki soti Juda yo te vini. Mwen te mande yo sou Jwif yo ki te chape, e ki te reziste malgre kaptivite a, epi sou Jérusalem. 3 Yo te di mwen: “Retay ki la nan pwovens lan, ki te chape e ki te reziste malgre kaptivite a nan gwo pwoblèm ak dezolasyon. Miray Jérusalem nan kraze nèt e pòtay li yo fin brile ak dife.”

4 Lè m te tande pawòl sila yo, mwen te chita la, mwen te kriye e fè gwo plent pandan kèk jou; epi mwen t ap fè jèn avèk lapriyè devan Bondye syèl la. 5 Mwen te di: “Mwen sipliye W, O SENYÈ syèl la, Bondye ki gran e mèvèye a, ki gade akò Li avèk lanmou dous Li pou sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo, 6 ke zòrèy W kapab atantif e zye Ou yo louvri pou tande lapriyè sèvitè Ou a ke mwen ap fè devan Ou koulye a, lajounen kon lannwit, nan non a fis Israël yo, pou konfese peche a fis Israël yo ke nou te fè kont Ou menm. Mwen menm avèk lakay papa m te peche. 7  Nou te byen konwonpi nan zak nou te fè kont Ou yo, e nou pa t kenbe kòmandman yo, règleman yo, òdonans yo, ke ou te kòmande a sèvitè Ou a, Moïse.

8 “Sonje pawòl ke Ou te kòmande sèvitè Ou a, Moïse, lè Ou te di: ‘Si nou pa fidèl, Mwen va gaye nou pami pèp yo; 9 men si nou retounen kote Mwen, kenbe kòmandman Mwen yo, e fè yo, malgre sila nan nou ki te gaye nan zòn pi izole nan syèl yo, Mwen va ranmase yo soti la, pou mennen yo rive nan plas kote Mwen te chwazi pou non Mwen te abite a.’

10  “Yo se sèvitè Ou e pèp Ou ke Ou te rachte pa gran pouvwa Ou, ak men pwisan Ou. 11 O Senyè, mwen sipliye W, pou zòrèy ou kapab atantif a lapriyè a sèvitè Ou a ak lapriyè a sèvitè Ou yo ki pran plezi nan louwe non Ou. Fè sèvitè Ou a reyisi nan jou sila a, e bay li mizerikòd devan nonm sila a.”

Alò, se te mwen ki te pote tas pou wa a.

2:1 Li te vin rive nan mwa Nisan an, nan ventyèm ane a Wa Artaxerxès la, ke te gen diven devan li e mwen te monte pote diven an e te bay li a wa a. Alò, mwen pa t janm konn tris nan prezans li konsa. 2 Konsa, wa a te di mwen: “Poukisa figi ou tris konsa, malgre ou pa malad? Sa pa mwens ke tristès kè.”

Konsa, mwen te krent anpil. 3 Mwen te di a wa a: “Kite wa a viv jis pou tout tan. Poukisa figi mwen pa ta dwe tris lè vil la, plas a tonm papa zansèt mwen yo, dezole nèt e pòtay li yo fin brile ak dife?”

4 Wa a te reponn mwen: “Kisa ou ta mande?”

Konsa, mwen te priye a Bondye syèl la. 5 Mwen te di wa a: “Si li ta fè wa plezi, e si sèvitè ou a te jwenn favè devan ou, voye m Juda, nan vil tonm a papa zansèt mwen yo, pou m ta kab rebati li.”

6  Epi wa a te di mwen pandan rèn nan te chita akote l: “Konbyen de tan vwayaj ou kapab ye? Epi kilè ou va retounen?”

Konsa, sa te fè wa a plezi pou voye mwen, e mwen te bay li yon lè jis. 7 Anplis mwen te di wa a: “Si sa fè wa a plezi, kite lèt bay a mwen pou gouvènè nan pwovens yo lòtbò rivyè a, pou yo kapab kite mwen pase ladan yo jiskaske mwen rive Juda; 8 anplis, yon lèt a Asaph, gadyen nan forè a wa a, pou li kapab ban mwen bwa chapant pou fè travès pou pòtay a fò ki akote tanp lan; epi pou miray lavil la e pou kay nan sila mwen prale a.”

Wa a te ban m tout sa akoz bon men Bondye mwen an te sou mwen. 9 Mwen te rive kote gouvènè nan pwovens lòtbò rivyè yo, e te bay yo lèt a wa a. Alò, wa a te voye mwen avèk chèf lame yo ak chevalye yo. 10 Lè Sanballat, Owonit lan avèk Tobija, chèf Amonit lan te tande koze sila a, sa te fè yo pa kontan anpil, pou yon moun ta vin chache fè byen pou fis a Israël yo.

11 Konsa, mwen te vini Jérusalem, e mwen te la pandan twa jou.