Parabòl bon bèje a

Nan parabòl (alegori) bon bèje a, Jésus dekri Farizyen ki ostil yo epi li fè konprann li pral mouri pou twoupo li a epi li pral tounen vivan ankò.

Jérusalem

29 oswa 28 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Jean 10:1–21

10:1 Anverite, anverite, Mwen di nou, sila ki pa antre nan pak mouton an pa pòt la, men monte pou l antre yon lòt jan, li menm se yon vòlè ak yon brigan. 2 Men moun ki antre pa pòt la se bèje mouton yo.

3 Pou li menm, gadyen pòt la va ouvri, epi mouton yo tande vwa l. Li rele pwòp mouton li yo pa non yo, e mennen yo deyò. 4 Nenpòt lè L fè soti tout sa ki pou li yo, li ale devan yo, e mouton yo swiv li, paske yo rekonèt vwa li. 5 Men yon etranje, yo p ap janm swiv li, men ap sove ale kite li, paske yo pa rekonèt vwa etranje yo.

6 Kalite pawòl sa a, Jésus te sèvi pou pale avèk yo, men yo pa t konprann bagay sa yo ke Li t ap di yo.

7 Pou sa, Jésus te di yo ankò, “Anverite, anverite, Mwen di nou, Mwen menm se pòt la pou mouton yo. 8 Tout sa yo ki te vini avan M se vòlè ak brigan, men mouton yo pa t tande yo.

9 “Mwen se pòt la. Si nenpòt moun antre pa Mwen, li va sove e va antre, sòti pou twouve patiraj.

10 “Vòlè a vini sèlman pou l vòlè, touye, ak detwi.

“Mwen te vini pou yo ta kapab gen lavi, pou yo ta ka genyen l an abondans.

11 “Mwen menm se bon bèje a. Bon bèje a ap bay vi Li pou mouton yo.

12 “Sila a ki se yon ouvriye jounalye epi pa yon bèje, ki pa mèt mouton yo, wè lou ap vini epi li kouri kite mouton yo. Lou a vin pran yo, epi gaye yo. 13 Li sove ale, paske se yon ouvriye jounalye, e afè mouton pa konsène l.

14 “Mwen se bon bèje a. Mwen rekonèt sa yo ki pou Mwen, e pa Mwen yo rekonèt Mwen. 15 Menm jan ke Papa a rekonèt Mwen, Mwen rekonèt Papa a. Mwen bay vi Mwen pou mouton yo.

16 “Epi Mwen gen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Fòk Mwen mennen yo tou. Epi yo va tande vwa M. Yo va vini yon sèl pak avèk yon bèje.

17 “Pou rezon sa a, Papa a renmen M, paske Mwen bay lavi Mwen pou M kab reprann li ankò. 18 Okenn moun pa pran li nan men M, men Mwen bay li avèk pwòp volonte M. Mwen gen otorite pou bay li, e Mwen gen otorite pou reprann li ankò. Kòmandman sila a Mwen te resevwa l depi nan men Papa M.”

19 Konsa te leve yon divizyon pami Jwif yo akoz pawòl sa yo.

20 Anpil t ap di: “Li gen yon dyab epi Li fou. Poukisa nou ap koute Li?”

21 Lòt t ap di: “Pawòl sa yo se pa pawòl a yon move lespri. Yon dyab p ap kab ouvri zye a yon moun ki avèg. Nou ta kwè sa?”

Misyon swasanndis yo

Misyon swasanndis yo, ak kè kontan Kris pou travay yo lè yo retounen.

La a, nou jwenn bagay se sèlman Luc ki rakonte, ki te pwobableman pase nan Juda. Plizyè ladan yo sanble ak evènman ak diskou Matthieu ak Marc rakonte sou ministè a nan Galilée.

Pwobableman nan Juda

(Konpare ak misyon douz yo.)

Luc 10:1–24

10:1 Alò, apre sa, Senyè a te nonmen swasann-dis lòt. Li te voye yo de pa de devan Li nan chak vil ak andwa kote Li menm te gen pou vini.

2 Li t ap di yo: “Rekòlt la anpil, men ouvriye yo piti. Konsa, sipliye Senyè rekòlt la pou L voye ouvriye nan chan rekòlt Li a.

3 “Ale fè wout nou! Veye byen, Mwen voye nou tankou jenn mouton nan mitan lou. 4 Pa pote bous, ni sak, ni soulye. Pa menm salye pèsonn nan wout la.

5 “‘Nan nenpòt kay ke nou antre, premyèman mande pou Lapè rete sou kay sa a’. 6 Si yon nonm lapè a la, lapè nou va rete sou li; men si li pa la, li va retounen sou nou. 7 Rete nan kay sa a. Manje e bwè sa ke yo mete devan nou; paske ouvriye a dign de salè li. Pa kontinye pase de kay an kay.

8 “Nan Nenpòt vil ke nou antre, e yo resevwa nou, manje sa yo mete devan nou. 9 Geri sila yo ki malad nan li. Di yo: Wayòm syèl la gen tan vin toupre nou”.

10 “Men nan Nenpòt vil ke nou antre, si yo pa resevwa nou, tou ale nan lari yo e di: 11 Menm pousyè vil nou an ki kole nan pye nou, nou siye li kont nou menm. Men konnen sa byen; ke wayòm syèl la gen tan vin toupre nou.”

12 “Mwen di nou, li va pi tolerab nan jou sa pou Sodome ke pou vil sa a.

13 “Malè a nou menm, Chorazin! Malè a nou menm, Bethsaïde! Paske si mirak ki te fèt nan nou yo te konn fèt nan Tyr avèk Sidon, yo t ap vin repanti lontan sa, e vin chita nan sann abiye ak twal sak.

14 “Men li va pi tolerab pou Tyr ak Sidon nan jijman an, pase pou nou menm.

15 “Epi nou menm, Capernaüm, nou p ap egzalte nan syèl la, men nou ap jete anba nan sejou mò yo.

16 “Sila ki koute nou an, koute Mwen; e sila ki rejte nou an, rejte Mwen. E sila ki rejte Mwen an, rejte Sila a ki voye Mwen an.”

17 Swasann-dis yo te retounen avèk jwa. Yo te di: “Senyè, menm dyab yo soumèt a nou menm nan non Ou”.

18 Li te di yo: “Mwen t ap gade Satan k ap tonbe soti nan syèl la tankou yon kout loraj. 19 Veye byen, Mwen bannou otorite poumache sou sèpan avèk eskòpyon anba pye nou, sou tout pouvwa a lènmi an, e anyen p ap fè nou mal.

20 “Malgre sa, pa rejwi nan sa, ke lespri yo soumèt a nou menm, men rejwi paske non nou ekri nan syèl la.”

21 Nan menm moman an, Li te rejwi anpil nan Lespri Sen an. Li te di: “Mwen louwe Ou, o Papa, Senyè a syèl la avèk tè a, Ke Ou kache bagay sa yo devan saj yo ak entèlijan yo pou revele yo a zanfan yo. Wi, Papa, paske konsa sa te fè plezi nan zye Ou.”

22 Tout bagay te livre a Mwen menm pa Papa M, epèsòn pa konnen ki moun Fis la ye, sof ke Papa a, e ki moun Papa a ye, sof ke Fis la, ak Nenpòt moun ke Fis la revele L.

23 Li te vire vè disip yo Li te di an prive: “Beni se zye ki wè bagay ke nou gen tan wè a. 24 Paske Mwen di nou, ke anpil nan pwofèt avèk wa yo te vle wè bagay ke nou wè yo, men yo pa t wè yo, ni tande bagay ke nou tande yo, e yo pa t tande yo.”