Parabòl bon Samariten an
Jésus reponn yon espesyalis nan lalwa ki poze l kesyon sou lavi ki p ap janm fini an, epi li bay parabòl bon Samariten an.
Pwobableman nan Juda
29 oswa 28 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Luc 10:25–37
10:25 Epi vwala, yon sèten avoka te kanpe pou pase l nan leprèv. Li te di L: “Mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?”
26 Li te pale li: “Kisa ki ekri nan Lalwa a? Kijan ou li li?”
27 Li te reponn:
“Ou va renmen Senyè a, Bondye ou a
avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout fòs ou,
e avèk tout panse ou, epi vwazen ou tankou tèt ou.”
28 Li te di li: “Ou reponn byen kòrèk. Fè sa, e ou va viv.”
29 Men li te vle jistifye tèt li. Li te di a Jésus, “E kilès ki vwazen mwen?”
30 Jésus te reponn e te di: “Yon sèten mesye t ap desann sòti Jérusalem pou rive Jéricho. Li te tonbe pami vòlè yo. Yo te pran rad li. Yo te bat li, e yo te kite l mwatye mouri.
31 “Konsa, pa aza, yon sèten prèt t ap desann nan wout sa a. Lè l te wè li, li te vin pase sou lòtbò wout la.
32 “Menm jan an, yon Levit tou, lè l te rive kote a, li te wè l, e te vin pase sou lòtbò.
33 “Men yon sèten Samariten, ki t ap fè yon vwayaj, te rive sou li. Lè l te wè l, li te gen konpasyon. 34 Li te vini kote li, te mete lwil avèk diven sou blesi li yo, e te panse yo. Li te vin mete li sou pwòp bèt pa li, e te mennen li nan yon pansyon pou l pran swen li. 35 Nan landemen, li te rale kòb de denye. Li te bay yo a mèt otèl la e te di l: ‘Pran swen li, epi nenpòt sa ke ou depanse, lè m tounen, mwen va remèt ou li.’
36 “Kilès nan twa sa yo ou kwè ki te fè prèv ke se te yon bon vwazen a mesye ki te tonbe nan men vòlè yo?”
37 Li te reponn: “Sila ki te gen konpasyon pou li a.” Konsa Jésus te di l: “Ale fè menm bagay la”.
Jésus se envite Marthe ak Marie
Béthanie, toupre Jérusalem
Luc 10:38–42
10:38 Pandan yo t ap vwayaje, Li te antre nan yon sèten vil. Konsa, yon fanm yo rele Marthe te resevwa Li lakay li.
39 Li te gen yon sè yo te rele Marie, ki anplis t ap koute pawòl Senyè a, byen chita nan pye Li. 40 Men Marthe te gen tèt chaje akoz tout sèvis lakay yo. Li te pwoche Jésus, e te di: “Senyè, èske sa pa fè Ou anyen ke sè m nan kite m ap fè tout sèvis la pou kont mwen? Alò, di l vin ede m.”
41 Men Senyè a te reponn li, e te di: “Marthe, Marthe, ou enkyete e twouble pa anpil bagay, 42 men se yon sèl bagay ki nesesè. Marie te chwazi sila ki bon an, e sa p ap retire soti nan men li.”
Jésus bay yon modèl lapriyè ankò
Jésus bay yon modèl lapriyè ankò epi li ankouraje disip li yo priye. Parabòl zanmi ki pèsiste a.
Pwobableman nan Juda
Luc 11:1–13
11:1 Li te rive ke pandan Li t ap priye nan yon sèten kote, lè L te fini, youn nan disip Li yo te di Li: Senyè, montre nou kijan pou nou priye, menm jan ke Jean osi te montre disip li yo.
2 Li te di yo: “Lè n ap priye, di:
‘Papa nou ki nan syèl la,
ke non Ou kapab Sen.
Ke wayòm Ou kapab vini.
Ke volonte ou kapab fèt sou latè a,
menm jan kon nan syèl la.
3 Bannou chak jou pen nou pou jounen an.
4 Konsa, padone peche nou yo, paske nou
menm osi padone tout sila ki dwe nou.
Pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de sila ki mechan an.’”
5 Answit, Li te di yo: “Sipoze ke youn nan nou ta gen yon zanmi, e nou ale kote li a minwi pou di li: ‘Zanmi, prete m twa mòso pen. 6 Mwen gen yon zanmi ki vini, soti nan yon vwayaj, e mwen pa gen anyen pou mete devan l.’ 7 Depi anndan, li va di: ‘Pa deranje m! Pòt la fèmen deja. Pitit mwen yo avèk mwen menm deja nan kabann nan, e mwen pa kapab leve pou bay ou anyen.’ 8 Mwen di nou, menm si li p ap leve bay li anyen paske li se zanmi li, men akoz pèsistans li, l ap leve pou bay li kont sa li bezwen.
9 “Donk Mwen di nou: Mande, e nou va resevwa. Chache e nou va twouve. Frape, e l ap ouvri bannou. 10 Paske tout moun ki mande, va resevwa. Sila a ki chache, va twouve. E a sila a ki frape, l ap ouvri.
11 “Alò, sipoze ke youn nan papa nou yo resevwa yon demann de fis li pou yon pen. Li p ap bay li yon wòch olye de pen. Se pa sa? O si li mande pou yon pwason, èske li va bay li yon koulèv? 12 Oubyen si li mande li pou bay li yon ze, èske l ap bay li yon eskòpyon? 13 Si nou menm ki mechan, alò, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis Papa nou nan syèl la va bay Lespri Sen an a sila yo ki mande Li?”