Lwa sou eritaj la
1451 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Epi chèf lakay zansèt a fis a Galaad yo, fis a Makir yo, fis a Manassé a, a zansèt a Joseph yo, te vin toupre pou te pale devan Moïse ak devan chèf yo, chèf lakay zansèt a fis Israël yo. 2 Yo te di: “SENYÈ a te kòmande mèt pa mwen an pou bay peyi a pa tiraj osò a fis Israël yo. E mèt mwen an te kòmande pa SENYÈ a pou bay eritaj a Tselophchad la, frè nou an, bay pitit fi li yo. 3 Men si yo marye avèk youn nan fis nan lòt tribi fis Israël yo, eritaj yo va retire nan eritaj zansèt nou yo, e li va vin ajoute a eritaj a tribi sou sila yo vin manm nan. Konsa, l ap retire nan eritaj ki te tonbe nan dwa nou an. 4 Lè jibile a rive, alò, eritaj pa yo a va ajoute a eritaj tribi kote yo manm nan. Konsa, eritaj pa yo a va retire nan eritaj tribi a zansèt nou yo.”
5 Alò, Moïse te kòmande fis a Israël yo pa pawòl a SENYÈ a, e te di: “Sa ke tribi a fis Joseph yo di a se sa. 6 Se sa ke SENYÈ a te kòmande konsènan fi a Tselophchad yo e te di: ‘Kite yo marye ak nenpòt moun ke yo vle; men fòk yo marye nan pwòp fanmi a tribi zansèt papa pa yo. 7 Konsa, nanpwen eritaj nan fis Israël yo ki va transfere de tribi a tribi, paske fis Israël yo va chak kenbe eritaj a tribi zansèt yo. 8 Chak fi ki vin posede yon eritaj nan yon tribi a fis Israël yo va madanm a yon moun ki nan fanmi tribi zansèt papa li a, pou chak fis Israël yo kapab posede eritaj a zansèt pa yo. 9 Konsa nanpwen eritaj k ap transfere de yon tribi rive nan yon lòt tribi. Paske, tribi a fis Israël yo va chak kenbe nan pwòp eritaj pa yo.’”
10 Jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la, se konsa fi a Tselophchad yo te fè: 11 Machla, Thirtsa, Hogla, Milca, ak Noa, fi a Tselophchad yo, yo te marye avèk fis a tonton yo. 12 Yo te marye sa yo soti nan fanmi a fis a Manassé yo, fis a Joseph la, e eritaj yo te rete avèk tribi a fanmi zansèt papa yo.
Lwa sou ofrann yo
Lwa sou ofrann yo, ansanm ak lòt kesyon.
1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2 Bay lòd a fis Israël yo, e di yo: “Ou va fè atansyon pou prezante ofrann Mwen yo, manje Mwen pou ofrann pa dife Mwen yo, a yon odè ki santi bon anvè Mwen, nan lè ki deziye pou yo a. 3 Ou va di yo: ‘Sa se ofrann pa dife ke ou va ofri bay SENYÈ a: de mal mouton nan laj 1 nan, san defo, yon ofrann chak jou ki p ap janm sispann. 4 Ou va ofri yon jenn mouton nan maten e lòt jenn mouton an nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa; 5 osi, yon dizyèm efa farin fen kòm yon ofrann sereyal mele avèk yon ka hin lwil ki bat. 6 Li se yon ofrann brile tout tan ki te òdone nan mòn Sinaï kòm yon odè ki bon, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. 7 Epi ofrann bwason li va yon ka hin lwil pou chak mouton. Ou va vide yon ofrann bwason ak bwason fò a SENYÈ a, nan plas ki sen an. 8 Lòt jenn mouton an, ou va ofri li nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa. Menm jan ak ofrann sereyal maten an, ak ofrann bwason pa l, ou va ofri li, yon ofrann pa dife, yon odè ki bon bay SENYÈ a.
9 “‘Epi nan jou Saba a, de jenn mouton mal san defo, ak de dizyèm a yon efa farin fen, kon yon ofrann sereyal, mele avèk lwil, avèk ofrann bwason li an: 10 Sila a se ofrann brile a chak Saba, anplis ke ofrann brile tout tan ki fèt kontinyèlman, ak ofrann bwason an.
11 “‘Nan kòmansman a chak nan mwa nou yo, nou va prezante yon ofrann brile a SENYÈ a: de towo avèk yon belye, sèt jenn mal mouton, avèk laj 1 nan san defo, 12 epi twa dizyèm efa farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal pou chak towo; epi de dizyèm nan farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann pou yon sèl belye; 13 epi yon dizyèm efa farin fen mele avèk lwil kòm yon ofrann sereyal pou chak jenn mouton, kòm yon ofrann brile, yon odè ki santi bon, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. 14 Ofrann bwason pa yo a va avèk yon mwatye hin diven pou yon towo, yon tyè hin pou belye a, ak yon ka hin pou yon jenn mouton. Sa se ofrann brile a pou chak mwa pandan tout mwa nan ane yo. 15 Epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche bay SENYÈ a. Li va ofri anplis ke ofrann brile ki pou fèt tout tan yo avèk ofrann bwason li.
16 “‘Alò, nan katòzyèm jou a, nan premye mwa a, se va Pak SENYÈ a. 17 Nan kenzyèm jou nan mwa a, va gen yon fèt pen san ledven ki va manje pandan sèt jou. 18 Nan premye jou fèt la, yon konvokasyon sen; nou pa pou fè okenn travay ki di. 19 Nou va prezante yon ofrann pa dife, yon ofrann brile bay SENYÈ a: de towo avèk yon belye ak sèt mal mouton nan laj 1 nan, ki san defo, 20 avèk ofrann sereyal pa yo, nou va ofri farin fen mele avèk lwil. Nou va ofri twa dizyèm efa pou yon towo ak de dizyèm pou belye a. 21 Yon dizyèm efa, nou va ofri li pou chak nan sèt jenn mouton yo; 22 epi yon mal kabrit pou yon ofrann peche pou fè ekspiyasyon pou nou. 23 Nou va prezante sa yo anplis ke ofrann brile maten an, ki se pou yon ofrann brile k ap fèt tout tan. 24 Nan menm jan sila a, nou va prezante li chak jou pandan sèt jou, manje a ofrann pa dife a, kòm yon odè ki santi bon a SENYÈ a. Li va prezante avèk ofrann bwason pa li an ki anplis ofrann brile k ap fèt tout tan an. 25 Nan setyèm jou a, nou va fè yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di.
26 “‘Osi, nan jou premye fwi yo, lè nou prezante yon ofrann sereyal nèf bay SENYÈ a nan fèt semèn yo, nou va fè yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di. 27 Nou va ofri yon ofrann brile pou yon odè ki bon a SENYÈ a: de jenn towo, yon belye, sèt mal mouton nan laj 1 nan; 28 epi ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou chak towo, de dizyèm pou yon belye. 29 Yon dizyèm pou chak nan sèt jenn mouton yo; 30 osi yon mal kabrit pou fè ekspiyasyon pou nou. 31 Anplis, ofrann brile kontinyèl la avèk ofrann sereyal li an, nou va prezante yo avèk ofrann bwason pa yo a. Yo va san defo.