Lwa sou ofrann yo (continued)
Lwa sou ofrann yo, ansanm ak lòt kesyon.
1451 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 “‘Alò, nan setyèm mwa nan premye jou nan mwa a, nou va osi fè yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di. Li va pou nou yon jou pou soufle twonpèt. 2 Ou va ofri yon ofrann brile kòm yon odè ki bon a SENYÈ a: yon towo, yon belye, ak sèt mal mouton nan laj 1 nan, san defo; 3 osi, ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou towo a, de dizyèm pou belye a, 4 epi yon dizyèm pou chak nan sèt jenn mouton yo. 5 Ofri yon mal kabrit pou yon ofrann peche, pou fè ekspiyasyon pou nou, 6 anplis, ofrann brile a lalin nèf yo avèk ofrann sereyal li, ofrann brile ki fèt tout tan an avèk ofrann sereyal li, ofrann bwason pa li, selon òdonans pa yo, pou yon odè ki santi bon, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
7 “‘Epi nan dizyèm jou nan setyèm mwa a, nou va fè yon konvokasyon sen, e nou va imilye nou. Nou p ap fè okenn travay. 8 Nou va prezante yon ofrann brile bay SENYÈ a kòm yon odè ki santi bon: yon towo, yon belye, sèt mal mouton nan laj 1 nan, ki pa gen okenn defo; 9 epi ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou towo a, de dizyèm pou yon belye, 10 yon dizyèm pou chak nan sèt jenn mouton yo; 11 yon mal kabrit pou yon ofrann peche, anplis ke ofrann peche pou ekspiyasyon an, epi ofrann brile ki fèt tout tan an, avèk ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a.
12 “‘Nan kenzyèm jou a nan setyèm mwa a, nou va fè yon konvokasyon sen. Nou va obsève yon fèt a SENYÈ a pandan sèt jou. 13 Nou va prezante yon ofrann brile, yon ofrann pa dife kòm yon odè ki santi bon a SENYÈ a: trèz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan, ki san defo; 14 epi ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou chak nan trèz towo yo, de dizyèm pou chak nan de belye yo, 15 epi yon dizyèm pou chak nan katòz belye yo; 16 epi yon mal mouton pou yon ofrann peche, anplis ofrann brile kontinyèl la, ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a.
17 “‘Epi nan dezyèm jou a: douz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo; 18 epi ofrann sereyal avèk ofrann bwason pa yo pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo, pa nimewo a yo selon òdonans lan; 19 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis ofrann kontinyèl la avèk ofrann sereyal ak ofrann bwason pa yo.
20 “‘Epi nan twazyèm jou a: onz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo; 21 epi ofrann sereyal pa yo, ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo, selon nimewo òdonans lan; 22 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile k ap fèt tout tan an, ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a.
23 “‘Epi nan katriyèm jou a: de towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo; 24 ofrann sereyal pa yo a ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn ti mouton yo, selon nimewo òdonans lan; 25 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis ofrann brile ki fèt tout tan an, ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa li.
26 “‘Epi nan senkyèm jou a: nèf towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo’ 27 epi ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou mouton yo selon nimewo òdonans lan; 28 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an ak ofrann sereyal avèk ofrann bwason pa li a.
29 “‘Alò, nan sizyèm jou a: uit towo, de belye, katòz mal mouton 1 nan san defo; 30 epi ofrann sereyal yo ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn ti mouton yo, selon nimewo òdonans lan; 31 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an avèk ofrann sereyal ak ofrann bwason pa li a.
32 “‘Alò, nan setyèm jou a: sèt towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan, san defo; 33 epi ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason yo pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo selon nimewo òdonans lan, 34 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an, ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa li a.
35 “‘Nan uityèm jou a, nou va fè yon asanble solanèl; nou pa pou fè okenn travay di nan jou sa yo. 36 Men nou va prezante yon ofrann brile, yon ofrann pa dife kòm yon ofrann ki santi bon bay SENYÈ a: yon towo, yon belye, sèt mal mouton nan laj 1 nan san defo; 37 ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa yo pou towo a, pou belye a ak pou jenn mouton yo, selon nimewo òdonans lan; 38 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an ak ofrann sereyal la avèk ofrann bwason pa li a.
39 “‘Nou va prezante sila yo bay SENYÈ a nan lè fèt apwente nou chwazi yo—anplis, ofrann ve nou yo ak ofrann bòn volonte nou yo—pou ofrann brile nou yo, pou ofrann sereyal pa nou yo, ofrann bwason pa nou yo ak ofrann lapè nou yo.’”
40 Moïse te pale avèk fis Israël yo an akò avèk tout sa ke SENYÈ a te kòmande li yo.
Lwa sou ve yo
1 Alò, Moïse te pale a chèf a tribi fis Israël yo. Li te di: “Sa se pawòl ke SENYÈ a te kòmande a. 2 Si yon nonm fè yon ve a SENYÈ a, oswa fè yon sèman ki mare li ak yon angajman, li pa pou vyole pawòl li. Li va fè li an akò avèk tout sa ki sòti nan bouch li.
3 “Osi, si yon fanm fè yon ve a SENYÈ a, e li mare li ak yon angajman lakay papa li, pandan jenès li, 4 epi papa li te tande ve li a, angajman pa sila li te mare tèt li a, e papa li pa di li anyen, alò, tout ve li yo va kanpe e tout angajman pa sila li te mare tèt li yo, yo va kanpe. 5 Men si papa li ta anpeche li nan jou ke li tande sa a, okenn nan ve sa yo ni angajman pa sila li te mare tèt li yo, p ap kanpe. SENYÈ a va padone li akoz ke papa li te anpeche li.
6 “Si li ta marye pandan li anba ve oswa sèman a bouch li ki te manke sajès la, pa sila li te vin mare tèt li a, 7 epi mari li tande sa e li pa di anyen a li menm nan jou ke li tande sa a; alò, ve li a va kanpe, e angajman pa sila li te mare tèt li a, va kanpe. 8 Men si nan jou ke mari li tande sa a, li anpeche li; alò, li va anile ve ke li anba li a, ak sèman ki te manke sajès pa sila li te mare tèt li a. SENYÈ a va padone li.
9 “Men yon ve pa yon vèv, oswa yon fanm divòse, tout sa pa sila li te mare tèt li a, va vin kanpe kont li.
10 “Si li te fè ve a lakay mari li, oswa li te mare tèt li pa yon angajman avèk yon sèman, 11 epi mari li te tande sa; men pa t di anyen a li menm, e li pa t anpeche li; alò, tout ve li yo va kanpe e tout angajman pa sila li te mare tèt li yo, va vin kanpe. 12 Men si, vrèman, mari li anile yo nan jou ke li tande yo a; alò, okenn ve oswa angajman ki sòti nan lèv li, p ap kanpe. Mari li te anile yo. SENYÈ a va padone li. 13 Nenpòt ve oswa nenpòt sèman pa sila li te mare tèt li a, mari li kapab aksepte li, oswa mari li kapab anile li. 14 Men si mari li, vrèman, pa di anyen a li menm de jou an jou; alò, li te aksepte li. Paske li pa di anyen a li menm nan jou ke li te tande yo a. 15 Men si li, vrèman, anile yo apre li te tande yo a; alò, mari a va pote koupabilite chaj li.”
16 Sa yo se règleman ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, antre yon mesye ak madanm li, oswa antre yon papa ak fi ki nan laj jenès li, ki te viv lakay papa li.