Yo Separe Peyi a

1444 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Josué 14:1–5

1 Alò, sila yo se tèritwa ke fis Israël yo te eritye nan peyi Canaran an, ke Éléazar, prèt la ak Josué, fis a Nun nan, ak chèf kay nan tribi a fis Israël yo te divize bay yo kòm eritaj yo, 2 selon tiraj osò eritaj pa yo, jan SENYÈ a te kòmande a, pa Moïse pou nèf tribi avèk mwatye tribi a. 3 Paske Moïse te bay eritaj la a de tribi avèk mwatye tribi lòtbò Jourdain an. Men li pa t bay yon eritaj a Levit ki te pami yo. 4 Paske fis Joseph yo te de tribi, Manassé avèk Éphraïm, e yo pa t bay yon pòsyon a Levit nan peyi yo, sof ke vil pou yo viv ladan yo, avèk tèren pa yo pou bèt pa yo ak pou byen pa yo. 5 Konsa, fis Israël yo te fè jan SENYÈ a te kòmande Moïse la. Yo te divize tèren an.

Eritaj De Tribi ak Yon Demi yo

Josué 13:15–33

15 Epi Moïse te bay a tribi fis a Ruben yo selon fanmi pa yo. 16 Tèritwa pa yo te soti Aroër ki arebò vale Arnon an, avèk vil nan mitan vale a ak tout plèn akote Médeba a; 17 Hesbon ak tout vil pa li yo ki nan plèn nan: Dibon avèk Bamoth-Baal ak Beth-Baal-Meon, 18 epi Jahats, Kedémoth, Méphaath, 19 Kirjathaïm, Sibma, Tséreth-Haschachar sou mòn a vale a, 20 Beth-Peor, avèk pant a Pisga yo, Beth-Jeschimoth, 21 tout vil nan plèn yo ak tout wayòm a Sihon an, wa Amoreyen an, ki te renye nan Hesbon, ke Moïse te frape ansanm avèk chèf Madian yo, Évi, Rékem, Tsur, Hur, avèk Reba, prens a Sihon yo, ki te rete nan peyi a. 22 Fis Israël yo, osi, te touye avèk nepe, Balaam, fis a Beor a, yon divinò, pami tout lòt ki te mouri nan yo. 23 Lizyè a fis a Ruben yo se te Jourdain an. Sa se te eritaj a fis Ruben yo selon fanmi pa yo, vil ak ti bouk yo.

24 Moïse, osi, te bay tribi Gad la, a fis Gad yo, selon fanmi pa yo. 25 Tèritwa pa yo se te Jazer, tout vil nan Galaad yo ak mwatye peyi a fis Ammon yo, jis rive nan Aroër ki devan Rabba a, 26 epi soti Hesbon, jis rive nan Ramath-Mitspé, Bethonim ak soti Mahanaïm jis rive nan lizyè Debir a; 27 epi nan vale a, Beth-Haram, Beth-Nimra, Succoth ak Tsaphon, sila ki rete nan wayòm Sihon an, wa Hesbon an, avèk Jourdain an kòm lizyè li jis rive nan pwent Lamè Kinnéreth la, lòt kote Jourdain an vè lès. 28 Sa se eritaj a fis a Gad yo selon fanmi, vil yo ak bouk pa yo.

29 Moïse te, osi, bay yon eritaj a mwatye tribi Manassé a. Li te pou mwatye tribi Manassé a selon fanmi pa yo. 30 Tèritwa pa yo te soti nan Mahanaïm, tout Basan, tout wayòm ki pou Og la, wa Basan an ak tout a vil a Jaïr yo ki nan Basan, swasant vil antou. 31 Anplis, mwatye nan Galaad, avèk Aschtaroth ak Édréï, vil nan wayòm Og yo, nan Basan, te vin pou fis Makir yo, fis a Manassé yo, pou mwatye a fis Makir yo selon fanmi pa yo.

32 Sila yo se tèritwa ke Moïse te divize kòm eritaj nan ba plèn a Moab yo, lòtbò Jourdain an, vè Jéricho ki nan lès.

33 Men a tribi Levi a, Moïse pa t ba li eritaj. SENYÈ a, Bondye a Israël la, se eritaj pa yo, jan li te pwomèt a yo menm nan.

Eritaj Caleb

Josué 14:6–15

6 Alò, fis Juda yo te pwoche toupre Josué nan Guilgal ak Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an. Yo di li: “Ou konnen pawòl ke SENYÈ a te pale a Moïse, nonm Bondye a, konsènan ou menm avèk mwen nan Kadès-Barnéa. 7 Mwen te gen karantan lè Moïse, sèvitè SENYÈ a, te voye mwen sòti nan Kadès Barnéa pou fè espyonaj peyi a. Mwen te mennen pawòl la retounen kote li jan li te ye nan kè m nan. 8 Sepandan, frè m ki te monte avè m yo te fè kè a pèp la fann avèk laperèz; men Mwen te swiv SENYÈ a, Bondye mwen an nèt.” 9 Konsa, Moïse te sèmante nan jou sa a, e li te di: “Vrèman peyi a sila pye ou te foule a va vin yon eritaj pou ou menm ak pitit ou yo pou tout tan, akoz ou te swiv SENYÈ a, Bondye mwen an nèt.”

10 “Koulye a, gade byen, SENYÈ a te kite mwen viv pandan karant-senk ane sa yo, jis jan ke Li te pale a, soti nan tan sila a ke SENYÈ a te pale pawòl sa a Moïse la, lè Israël te mache nan dezè a. Epi koulye a, gade byen, jodi a mwen gen katreven senk ane. 11 Mwen gen menm fòs jodi a ke m te gen nan jou Moïse te voye mwen an. Tankou fòs mwen te gen nan moman sa a, se konsa fòs mwen ye koulye a, pou fè lagè ak antre sòti. 12 Alò, koulye a, ban m peyi ti kolin yo sa ke SENYÈ a te pale nan jou sa a. Paske ou te tande nan jou sa a ke Anakim yo te la avèk gran vil byen fòtifye. Li kapab ke SENYÈ a va avè m, e mwen va chase yo sòti ladann jan SENYÈ a te pale a.”

13 Alò, Josué te beni li e te bay Hébron a Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an jis rive jodi a kon eritaj li. Paske li te swiv SENYÈ a, Bondye Israël la nèt. 14 Konsa, Hébron te devni eritaj Caleb, fis a Jephunné, Kenyen an, jis rive jou sa a, akoz li te swiv SENYÈ a nèt. 15 Alò, non ansyen a Hébron an se te Kirjath-Arba, paske Arba te moun pi gran pami Anakim yo.

Answit, peyi a te vin gen repo san fè lagè.

Josué 15:13–19

13 Alò, li te bay a Caleb, fis Jephunné a, yon pòsyon pami fis Juda yo, selon kòmand a SENYÈ a vè Josué. Li te konn rele Kirjath-Arba, apre papa Anak (ki anplis konn rele, Hébron). 14 Caleb te chase fè sòti la twa fis Anak yo: Schéschaï, Ahiman ak Talmaï, pitit a Anak yo.

15 Konsa, li te monte soti la kont sila ki rete Debir yo. Debir oparavan te rele Kirjath-Sépher. 16 Alò, Caleb te di: “Sila ki kaptire li a, mwen va bay li Acsa, fi mwen an, kòm madanm.” 17 Othniel, fis a Kenaz la, frè Caleb la te kaptire li. Konsa, li te bay li Acsa, fi li a, kòm madanm.

18 Li te vin rive ke lè fi a te vin kote li, li te konvenk li pou mande papa li pou yon chan. Konsa, fi a te desann bourik la, e Caleb te di l: “Kisa ou vle?”

19 Epi li te di: “Beni mwen; Kòmsi, ou te ban mwen tè nan negev la, ban mwen sous dlo yo tou.” Konsa, li te ba li sous pi wo yo avèk sous anba yo.