Pati 2: Pataj jeneral peyi a
Yon rezime konkèt yo
1444 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, sila yo se wa a peyi ke fis Israël yo te fin bat e tèren ke yo te vin posede lòtbò Jourdain an vè solèy leve a, soti nan vale Arnon an jis rive nan Mòn Hermon ak tout Araba vè lès: 2 Sihon, wa Amoreyen yo, ki te rete Hesbon, ki te domine soti Aroër ki akote vale Arnon an, ni mitan vale a ak mwatye Galaad, menm jis rive nan ti rivyè Jabbok la, lizyè a fis Ammon an; 3 epi nan Araba jis rive nan lanmè Kinnéreth la, vè lès, jis rive nan lanmè Araba a, ki se Lame Sale a, vè lès vè Beth-Jeschimoth ak nan sid, nan pye pant a Mòn Pisga yo; 4 epi tèritwa Og, wa Basan an, youn nan retay Rephaïm ki te rete Aschtaroth ak Édréï, 5 epi li te domine sou Mòn Hermon ak Salca avèk tout Basan, jis rive nan lizyè a Gechouryen ak Maakatyen yo, epi mwatye Galaad, pou rive nan lizyè Sihon, wa Hesbon an.
6 Moïse, sèvitè SENYÈ a, ak fis Israël yo te bat yo. Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay yo a Ribenit ak Gadit yo, avèk mwatye tribi Manassé a, kòm posesyon.
7 Alò, sila yo se wa peyi ke Josué avèk fis Israël yo te bat lòtbò Jourdain an, vè lwès, soti Baal-Gad nan vale Liban, jis rive nan Mòn Halak ki leve vè Séir. Epi Josué te bay li a tribi Israël yo kòm posesyon selon divizyon pa yo, 8 nan peyi ti kolin yo, nan ba plèn nan, nan Araba a, nan pant yo, nan dezè a, nan Negev la; Etyen an, Amoreyen an, Kananeyen an, Ferezyen an, Evyen ak Jebizyen an:
9 wa a Jéricho a, youn; wa a Ai ki akote Béthel la, youn;
10 wa a Jérusalem nan, youn; wa a Hébron an, youn;
11 wa a Jarmuth lan, youn; wa a Lakis la, youn;
12 wa a Églon an, youn; wa a Guézer a, youn;
13 wa a Debir a, youn; wa a Guéder a, youn;
14 wa a Horma a, youn; wa a Arad la, youn
15 wa a Libna a, youn; wa a Adulam nan, youn;
16 wa a Makkéda a, youn; wa a Béthel la, youn;
17 wa a Tappuach la, youn; wa a Hépher a, youn;
18 wa a Aphek la, youn; wa Lascharon an, youn;
19 wa a Madon an, youn; wa a Hatsor a, youn;
20 wa a Schimron-Meron an, youn; wa a Acschaph la, youn;
21 wa a Taanac la, youn; wa a Meguiddo a, youn;
22 wa a Kédesh la, youn; wa a Joknaem nan Carmel la, youn;
23 wa a Dor a, youn; wa a Gojim nan, toupre Guilgal, youn;
24 wa a Thirtsa a, youn. Total wa yo, tranteyen.
13:1 Alò Josué te vin vye e avanse nan laj lè SENYÈ a te di li: “Ou vin vye e avanse nan laj e anpil nan tè a rete san posede.
2 “Men tè ki rete yo: tout kote Filisten yo ak tout sila a Gechouryen yo; 3 soti nan Schichor ki nan lès Égypte, jis rive nan fwontyè Ékron ki nan nò (li konte tankou Kananeyen yo); senk prens a Filisten yo: sa Gaza a, sa Asdod la, sa Askalon an, sa Gath la ak sa Ekron an e pa Avyen yo. 4 Nan sid, tout tèritwa a Canaan yo ak Meara ki pou Sidonyen yo, soti nan Aphek jis rive nan fwontyè Amoreyen yo; 5 epi tèritwa Gibliyen yo avèk tout Liban, vè lès, soti Baal-Gad anba Mòn Hermon jis rive nan Lebo-Hamath.
6 “Tout pèp ki te rete nan peyi ti kolin yo soti Liban jis rive Misrephoth-Maim, tout Sidonyen yo, mwen va pouse yo ale soti devan fis Israël yo. Se sèl a Israël pou bay li kòm eritaj, jan Mwen te kòmande ou a. 7 Koulye a, pou sa, divize tè sa a kòm eritaj a nèf tribi yo avèk mwatye tribi a Manassé a.”
8 Avèk lòt mwatye tribi a, Ribenit yo ak Gadit yo te resevwa eritaj pa yo ke Moïse te ba yo lòtbò Jourdain an nan lès, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay yo a: 9 soti Aroër ki akote vale Arnon an, avèk vil ki nan mitan vale a ak tout plèn Médeba a, jis rive nan Dibon; 10 epi tout vil a Sihon yo, wa a Amoreyen yo, ki te renye nan Hesbon yo, jis rive nan lizyè fis a Ammon yo; 11 epi Galaad ak tèritwa a Gechouryen yo avèk Maakatyen yo, tout Mòn Hermon an ak tout Basan jis rive Salca; 12 tout wayòm a Og yo nan Basan ki te renye nan Ashtaroth ak nan Édréï, (se te li sèl ki te rete kòm retay a Rephaïm yo); paske Moïse te frape yo e deplase yo.
13 Men fis Israël yo pa t deplase Gechouryen yo ak Maakatyen yo; paske Gueschur avèk Maacath rete pami Israël yo jis jodi a.
14 Sèlman a tribi Levi a, li pa t bay eritaj. Ofrann pa dife a SENYÈ a, Bondye a Israël la, se eritaj pa yo, jan Li te pale yo a.