Ti bèf an lò a

1491 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Egzòd 32:1–6

1 Alò, lè pèp la te wè ke Moïse te fè reta sòti nan mòn nan, pèp la te rasanble vè Aaron e yo te di li: “Vini, fè pou nou yon dye ki va ale devan nou; pwiske, Moïse sila a, nonm ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, nou pa konnen sa ki rive li.”

2 Aaron te di yo: “Chire retire zanno lò ki nan zòrèy a Madanm nou yo, fis nou yo, ak fi nou yo, e pote yo ban mwen.” 3 Epi tout pèp la te chire zanno lò ki te nan zòrèy pa yo. Yo te pote yo bay Aaron. 4 Li te pran yo nan men yo; li te fè desen li avèk yon zouti pou grave, e li te fonn li pou fè yon jèn towo. Konsa yo te di: “Sa se dye pa ou, O Israël, ki te mennen ou sòti nan peyi Égypte la.”

5 Alò, lè Aaron te wè sa, li te bati yon lotèl devan li. Epi Aaron te fè yon pwoklamasyon e te di: “Demen va yon fèt pou SENYÈ a.” 6 Epi nan jou ki te vini an, yo te leve bonè. Yo te ofri ofrann brile a, e yo te pote ofrann lapè yo. Konsa, pèp la te chita pou manje, pou bwè, e yo te leve pou jwe.

Yo kraze tablèt lalwa yo

Egzòd 32:7–33:23

7 Alò SENYÈ a te pale ak Moïse e te di: “Desann koulye a, paske pèp ou a, ke ou te mennen monte nan peyi Égypte la, gen tan vin konwonpi. 8 Yo vire byen vit kite chemen ke Mwen te pase lòd ba yo a. Yo fè pou yo menm yon jèn towo fonn, yo adore li, yo fè sakrifis bay li, e yo di: ‘Sa se dye pa ou, O Israël, ki te mennen ou monte kite peyi Égypte la!’”

9 SENYÈ a te di a Moïse: “Mwen wè pèp sa, e gade byen, se yon pèp tèt di. 10 Koulye a alò, kite Mwen sèl, pou kòlè Mwen kapab briye kont yo, e pou M kapab detwi yo; epi Mwen va fè nan ou menm yon gran nasyon.”

11 Men Moïse te priye SENYÈ a Bondye li a, e te di: “O SENYÈ poukisa kòlè ou briye kont pèp Ou a, ke Ou te fè sòti nan peyi Égypte la avèk gran pouvwa e avèk yon men pwisan an? 12 Poukisa Ejipsyen yo ta dwe pale pou di: ‘Avèk mechanste Li te fè yo sòti, pou touye yo nan mòn yo e pou detwi yo sou fas tè a?’”

“Vire kite kòlè Ou k ap briye a, e vire kite ide Ou sou entansyon Ou, pou fè pèp Ou mal la. 13 Sonje Abraham, Isaac, ak Israël, sèvitè ou yo, ke Ou te sèmante pa Ou menm, pou di yo: ‘Mwen va miltipliye desandan nou yo tankou zetwal nan syèl yo, e tout peyi ke M te pale yo, Mwen va bay a desandan nou yo, e yo va eritye li jis pou tout tan.’”

14 Konsa, SENYÈ a te chanje ide li sou mal ke Li te di Li t ap fè a pèp Li a.

15 Alò, Moïse te vire desann mòn nan avèk de tablèt temwayaj yo nan Men l; tablèt ki te ekri nan toude fas yo. 16 Tablèt yo se te zèv Bondye yo te ye. Ekriti a se te ekriti Bondye menm ki grave sou tablèt yo. 17 Alò, lè Josué te tande bwi a pèp la pandan yo t ap rele fò, li te di Moïse: “Gen son lagè nan kan an”.

18 Men li te di yo: “Se pa son a yon kri viktwa, ni se pa son ke y ap pèdi batay; men se son chante ke m tande.” 19 Li te vin rive ke depi Moïse te pwoche kan an, li te wè jèn towo a ak tout dans yo. Konsa, kòlè te briye nan Moïse. Li te jete tablèt ki te nan men li yo atè, e li te kraze yo nan baz mòn nan. 20 Li te pran jèn towo ke yo te fè a; li te brile li avèk dife. Li te kraze l fè poud, e li te gaye li sou tout sifas dlo a. Konsa, li te fè fis Israël yo bwè li.

21 Moïse te di a Aaron: “Kisa pèp sa te fè ou la a, pou ou ta mennen yon si tèlman gwo peche sou yo?”

22 Aaron te di: “Pa kite kòlè a mèt mwen briye. Ou konnen pèp sa a ou menm, ke yo toujou panche vè lemal. 23 Paske yo te di mwen: ‘Fè yon dye pou nou ki va ale devan nou. Paske Moïse sila a, mesye ki te mennen nou monte sòti nan peyi Égypte la, nou pa konnen sa ki rive li.’” 24 “Mwen te di yo: ‘Nenpòt moun ki gen nenpòt lò, ke yo chire retire li.’ Alò, yo te ban mwen li, mwen te jete li nan dife a, e ti towo sa a te parèt.”

25 Alò, lè Moïse te wè ke pèp la te pèdi kontwòl nèt—paske Aaron te kite yo pèdi kontwòl pou yo te kapab devni yon rizib pami lènmi yo— 26 Alò, Moïse te vin kanpe nan pòtay kan an, e li te di: “Nenpòt moun ki pou SENYÈ a vin kote mwen!” Epi tout fis Levi yo te rasanble kote li.

27 Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, chak moun nan nou mete nepe nou sou kwis nou. Ale tout kote pòtay sou pòtay nan kan an, e chak touye frè nou, chak zanmi nou, chak vwazen nou.”

28 Konsa, fis a Levi yo te fè sa ke Moïse te enstwi yo a, e anviwon twa-mil moun nan pèp la te tonbe nan jou sa a.

29 Alò Moïse te di: “Konsakre nou nan menm jou sa a bay SENYÈ a—paske chak moun te kont fis li, e kont frè li—pou Li kapab beni nou jodi a.”

30 Nan pwochen jou a, Moïse te di a pèp la: “Nou pou kont nou te komèt yon gwo peche. Koulye a mwen ap monte vè SENYÈ a. Petèt mwen kapab twouve padon pou peche nou yo.”

31 Alò, Moïse te retounen vè Bondye, e te di: “Elas, pèp sa a komèt yon gwo peche. Yo te gen tan fè yon dye an lò pou yo menm. 32 Men koulye a, si Ou va padone, padone peche yo—e si non, souple efase mwen nan liv ke Ou te ekri a!”

33 SENYÈ a te di a Moïse: “Nenpòt moun ki te peche kont Mwen, Mwen va efase li nan liv Mwen an. 34 Men ale koulye a, mennen pèp la kote Mwen te di ou a. Veye byen, zanj Mwen va ale devan ou. Malgre sa, nan jou ke Mwen va pini an, Mwen va pini yo pou peche yo a.”

35 Konsa, SENYÈ a te frape pèp la akoz sa yo te fè avèk jèn towo ke Aaron te fè a.

33:1 Alò SENYÈ a te pale ak Moïse: “Pati, ale monte soti isit la, ou menm avèk pèp ke ou te mennen monte sòti nan peyi Égypte la, vè yon peyi ke Mwen te sèmante a Abraham, Isaac, e a Jacob lè M te di yo: ‘A desandan nou yo Mwen va bay li.’ 2 Mwen va voye yon zanj devan ou, e Mwen va mete Kananeyen yo deyò, Amoreyen yo, Evetyen yo, Ferezyen yo, Etyen yo, ak Jebizyen yo. 3 Monte vè yon peyi ki koule lèt ak siwo myèl; men Mwen p ap monte nan mitan nou, pwiske nou se yon pèp tèt di, e Mwen ta kapab petèt detwi nou nan chemen an.”

4 Lè pèp la te tande pawòl tris sa yo, yo te antre nan gwo doulè, e pèsòn pa t abiye avèk òneman yo. 5 Paske SENYÈ a te di a Moïse: “Di a fis Israël yo: ‘Nou se yon pèp tèt di; si M ta monte nan mitan nou pandan yon moman, Mwen ta detwi nou. Koulye a, pou sa, retire òneman yo sou nou menm, pou M kapab konnen kisa ke M ta dwe fè avèk nou.’”

6 Konsa, soti Mòn Horeb pou rive pi lwen, fis Israël yo te retire tout òneman yo nèt sou yo menm.

7 Alò Moïse te abitye pran tant lan, li te monte li deyò kan an, yon bon distans a kan an, e li te rele li “Tant Reyinyon an”. Epi tout moun ki t ap chache SENYÈ a te konn ale nan tant reyinyon ki te deyò kan an.

8 Epi li te rive ke nenpòt lè ke Moïse te sòti deyò tant lan, ke tout pèp la ta leve kanpe, chak moun nan antre a tant pa yo a, e gade vè Moïse jiskaske li te vin retounen nan tant lan. 9 Nenpòt lè Moïse te antre nan tant lan, pilye a nwaj la te konn desann e kanpe nan antre tant lan; epi SENYÈ a ta pale avèk Moïse.

10 Lè tout pèp la te wè pilye a nwaj la ki te kanpe nan antre tant lan, tout pèp la te leve adore, chak moun depi nan antre a tant pa li a. 11 Konsa SENYÈ a te konn pale avèk Moïse fasafas, menm jan ke yon moun pale avèk zanmi li. Lè Moïse te retounen nan kan an, sèvitè li a, Josué, fis a Nun nan, yon jennonm, ta refize sòti nan mitan tant lan.

12 Alò, Moïse te di a SENYÈ a: “Ou wè, Ou di mwen, ‘Monte avèk pèp sa a, men Ou menm ou pa kite m konnen kilès Ou va voye avèk mwen.’ Anplis, Ou te di m: ‘Mwen te konnen ou pa non Ou, e ou osi twouve favè nan zye M.’ 13 Alò, pou sa, mwen priye Ou, si mwen twouve favè nan zye Ou, kite mwen konnen chemen pa Ou yo, pou m kapab konnen Ou, pou m kab jwenn favè nan zye Ou. Konsidere tou, ke nasyon sila a se pèp pa Ou.”

14 Konsa, Li te di: “Prezans Mwen va ale avèk ou, e Mwen va bay ou repo.”

15 Epi Moïse te di Li: “Si prezans Ou p ap prale avèk nou, pa mennen nou monte isit la. 16 Paske kijan pèp sa ka konnen ke mwen te twouve favè nan zye Ou, mwen avèk pèp Ou a? Èske se pa lè ou ale avèk nou, ke nou, mwen menm avèk pèp Ou a, kapab distenge pami tout lòt pèp ki rete sou fas tè a?”

17 SENYÈ a te di a Moïse: “Mwen va osi fè bagay sa ke ou te pale a; paske ou twouve favè nan zye M, e Mwen konnen ou pa non Ou.”

18 Konsa, Moïse te di: “Mwen priye Ou, montre m glwa Ou!”

19 Epi Li te reponn li: “Mwen menm va fè tout bonte Mwen pase devan ou, e Mwen va pwoklame non SENYÈ a devan ou. Konsa, Mwen va fè gras a sa ke M vle fè gras yo, e Mwen va montre mizerikòd a sa ke M vle montre mizerikòd yo.”

20 Men Li te di: “Ou p ap kapab wè figi Mwen, paske okenn moun pa ka wè M pou l viv!”

21 SENYÈ a te di: “Gade byen, gen yon plas bò kote Mwen. Ou va kanpe la sou wòch la. 22 Epi li va rive ke pandan glwa Mwen ap pase, Mwen va mete ou nan twou wòch la. E Mwen va kouvri ou avèk men M pou jiskaske M fin pase. 23 Alò, Mwen va retire men M, e ou va wè do Mwen, men figi M p ap vizib.”