Yo mete Aaron ak pitit gason l yo apa (continued)
Yo mete Aaron ak pitit gason l yo apa, ansanm ak lòt kesyon.
1491 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 “Anplis, ou va fè yon lotèl kòm yon plas pou brile lansan. Ou va fè li avèk bwa akasya. 2 Longè li va yon koude, e lajè li va yon koude. Li va kare, e wotè li va de koude. Kòn li yo va fèt tankou yon sèl pyès ansanm avèk li. 3 Ou va kouvri li avèk yon kouch fen an lò; tèt li e akote li, toupatou ansanm avèk kòn li yo; epi ou va fè yon bòdi lò pou antoure li nèt. 4 Ou va fè de wondèl an lò pou li anba bòdi li. Ou va fè yo sou de fas kote, ki opoze yo, e yo va soutyen pou poto ki sèvi pou pote li yo. 5 Ou va fè poto yo avèk bwa akasya e kouvri yo avèk lò. 6 Ou va mete lotèl sa a pa devan vwal ki pre lach temwayaj la, devan chèz pwopyatwa a ki kouvri lach temwayaj la, kote Mwen va rankontre avèk ou a.
7 “Aaron va brile lansan ki santi bon sou li. Li va brile li chak maten lè l ap pran swen lanp yo. 8 Lè Aaron ap pran swen lanp yo nan aswè, li va brile lansan. Va genyen lansan tout tan devan SENYÈ a pandan tout jenerasyon nou yo.
9 “Ou pa pou ofri okenn lòt lansan sou lotèl sila a, ni ofrann ki brile, ni ofrann sereyal; ni ou pa pou vide yon ofrann bwason sou li. 10 Aaron va fè ekspyasyon sou kòn li yo yon fwa pa ane. Li va fè ekspyasyon sou li avèk san ofrann peche ki pou ekspyasyon an yon fwa pa ane pandan tout jenerasyon nou yo. Li pi sen pase tout bagay bay SENYÈ a.”
11 SENYÈ a te osi pale ak Moïse. Li te di l: 12 “Lè nou fè yon kontwòl ofisyèl de tout fis Israël yo pou konte yo, alò, chak nan yo va bay pwòp ranson li pou nanm li bay SENYÈ a, lè n ap kontwole yo, pou pa vin genyen okenn epidemi ki rive pami yo lè n ap nimewote yo. 13 Se chak moun ki kontwole yo ki va bay: mwatye sik selon sik sanktyè a, (yon sik se ven gera) mwatye sik kòm kontribisyon bay SENYÈ a.
14 “Tout moun ki kontwole, soti nan laj a ventan oswa plis, va bay yon kontribisyon bay SENYÈ a. 15 Rich yo p ap peye plis, ni malere yo p ap peye mwens ke mwatye sik la, lè ou bay kontribisyon SENYÈ a pou fè ekspyasyon pou nou menm.
16 “Ou va pran lajan ekspyasyon an pou fis Israël yo, e ou va bay li pou sèvis nan tant reyinyon an, pou li kapab yon souvni pou fis Israël yo devan SENYÈ a, pou fè ekspyasyon pou nou menm.”
17 “SENYÈ a te pale a Moïse Li te di l: 18 Ou va osi fè yon basen lave an bwonz, avèk yon baz an bwonz, pou lave. Ou va mete li antre tant reyinyon an avèk lotèl la, e ou va mete dlo ladann. 19 Aaron avèk fis li yo va lave men yo ak pye yo ladann. 20 Lè yo antre nan tant reyinyon an, yo va lave avèk dlo, jis pou yo pa mouri; oswa lè yo pwoche lotèl la pou fè sèvis, pou ofri anlè nan lafimen, yon ofrann dife vè SENYÈ a. 21 Epi yo va lave men yo ak pye yo pou yo pa mouri. Konsa, li va yon règleman k ap la pou toujou, pou Aaron avèk desandan li yo pami tout jenerasyon yo.”
22 Anplis, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 23 “Pran anplis pou ou menm pi bon epis yo: nan mi k ap koule, senk san sik, nan kannèl santi bon an, mwatye sa, de-san-senkant, e nan wozo awomatik, de-san-senkant, 24 epi nan kasya, senk-san, selon sik sanktyè a, e nan lwil doliv la, yon in nan lwil doliv la. 25 Ou va fè sila yo tankou yon lwil sen pou onksyone, yon melanj pafen, zèv a yon mèt melanj pafen; se va yon lwil sen pou onksyone.”
26 “Avèk li ou va onksyone tant reyinyon an ak lach temwayaj la, 27 tab la avèk tout bagay itil li yo, lanp bouji a avèk bagay itil li yo, ak lotèl lansan an, 28 lotèl ofrann brile a avèk tout bagay itil li yo, basen lave a, avèk baz li.
29 “Ou va osi konsakre yo, pou yo kapab vin sen pase tout bagay. Nenpòt moun ki touche yo dwe sen. 30 Ou va vide lwil sou Aaron avèk fis li yo, e ou va konsakre yo, pou yo kapab sèvi pou Mwen kòm prèt.”
31 Ou va pale avèk fis Israël yo. Ou va di: “Sa va yon lwil ki sen a Mwen pandan tout jenerasyon nou yo. 32 Li pa pou vide sou kò a okenn moun, ni ou pa pou fè okenn bagay ki sanblab ak li nan menm mezi melanj lan. Li sen, e li va sen pou ou menm. 33 Nenpòt moun ki mele nenpòt bagay parèy ak li, oswa nenpòt moun ki mete okenn nan li sou yon moun ki pa prèt, li va koupe retire pami moun li yo.”
34 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pran pou ou menm epis yo, safetida, zong santi bon, galbanòm, avèk lansan pi, yo chak nan menm kantite. 35 Avèk li ou va fè lansan, yon pafen, zèv a yon mèt melanj pafen, avèk disèl, ki pi, e ki sen. 36 Ou va bat kèk nan li byen fen, e ou va mete yon pati ladann devan temwayaj la nan tant reyinyon an, kote Mwen va rankontre avèk ou a. Li va yon choz pou nou, ki sen pase tout choz.”
37 “Lansan sa a, nou pa pou fè li nan menm mezi pou sèvis pèsonèl nou; li va sen a nou pou SENYÈ a. 38 Nenpòt moun ki ta fè parèy li pou sèvi kòm pafen va koupe retire pami pèp li a.”
31:1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2 “Gade, Mwen te rele Betsaléel pa non li, fis Uri a, nan tribi Juda. 3 Mwen te ranpli li avèk Lespri Bondye nan sajès, nan konprann, nan konesans, ak nan tout kapasite mendèv yo, 4 pou fè desen pou travay avèk lò, avèk ajan, e avèk bwonz, 5 epi nan koupe pyè bijou pou monti, ak nan fè desen sou bwa, pou li kapab fè tout kalite mendèv.
6 “Epi gade byen, Mwen menm te nonmen ansanm avèk li Oholiab, fis Ahisamach la, nan tribi Dan lan; epi osi nan kè tout moun ki ranpli avèk kapasite, Mwen te mete kapasite sa a, pou yo ta kapab fè tout sa ke M te kòmande ou yo: 7 “Pou tant reyinyon an, lach temwayaj la, chèz pwopyatwa a sou li, ak tout mèb tant lan, 8 tab la osi avèk tout bagay itil li yo, chandelye an lò pi avèk tout bagay itil li yo, ak lotèl lansan an, 9 lotèl ofrann ki brile yo, osi avèk tout bagay itil li yo, e basen lave a avèk baz li, 10 epi vètman tise yo tou, vètman sen pou Aaron yo, prèt la, ak vètman pou fis li yo, pou ranpli kapasite prèt la; 11 lwil onksyon an osi, ak lansan santi bon pou lye sen an. Yo va fèt selon tout sa ke M te kòmande ou yo.”
12 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 13 “Men pou ou menm, pale a fis Israël yo. Di yo: ‘Nou va vrèman obsève Saba Mwen yo. Paske sa se yon sign antre Mwen ak nou pandan tout jenerasyon pa nou yo, pou nou kapab konnen ke Mwen se SENYÈ ki fè nou sen an.
14 “‘Pou sa, nou gen pou obsève Saba a, paske li sen pou nou. Tout sila ki vyole li yo va vrèman vin mete a lanmò. Paske nenpòt moun ki fè okenn travay nan li, moun sa a va koupe retire de pèp li a.
15 “‘Pandan sis jou nou kapab travay, men nan setyèm jou a, gen yon Saba repo konplè, ki sen a SENYÈ a. Nenpòt moun ki fè okenn travay nan jou sa a va vrèman vin mete a lanmò. 16 Konsa, fis Israël yo va obsève Saba a, pou selebre Saba a pandan tout jenerasyon pa yo kòm yon akò ki p ap janm sispann. 17 Li se yon sign antre Mwen avèk fis Israël yo pou tout tan. Paske nan sis jou SENYÈ a te fè syèl la avèk tè a, men nan setyèm jou a Li te pran repo, e Li te vin rafrechi Li.’”
18 “Lè Li te fin pale avèk li sou Mòn Sinai a, Li te bay Moïse de tablèt temwayaj la. Tablèt yo te fèt an wòch, e yo te ekri pa dwèt SENYÈ a.”