Pati 6: Delij la
2348 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
5 Noé te fè tout bagay jan ke Bondye te mande l la. 6 Alò, Noé te gen laj sis-san ane lè delij la te vini sou latè.
7 Noé avèk fis li yo, avèk madanm li, avèk madanm a fis li yo, avèk li menm te antre nan lach la akoz dlo delij la. 8 Nan bèt ki te pwòp yo, avèk bèt ki pa pwòp yo, zwazo avèk tout sa ki kouri atè yo, 9 tout te antre nan lach la ak Noé, de pa de, mal avèk femèl, jan Bondye te kòmande Noé a. 10 Li te rive apre sèt jou ke dlo delij la te vini sou latè.
11 Nan sis-santyèm ane nan lavi Noé, nan dezyèm mwa, nan di-setyèm jou nan mwa a, nan menm jou a, tout sous nan gran fon an te vin pete, e pòt delij yo nan syèl la te vin louvri. 12 Lapli te tonbe sou latè pandan karant jou, ak karant nwit.
13 O jis nan menm jou sa a, Noé avèk Sem, Cham, avèk Japhet, fis a Noé yo, madanm a Noé, ak twa madanm a fis li yo, te antre nan lach la, 14 yo menm avèk chak bèt selon espès yo, tout bèt domestik selon espès pa yo, tout reptil ki kouri atè selon espès pa yo, ak tout kalite zwazo. 15 Epi yo te antre nan lach la vè Noé, pa de nan tout chè ki te gen souf lavi. 16 Sila ki te antre yo, mal avèk femèl nan tout chè, te antre jan Bondye te kòmande li a; epi SENYÈ a te fèmen lach la dèyè li.
17 Konsa delij la te vini sou latè a pandan karant jou. Dlo a te vin ogmante e te leve lach la jis li rive anwo tè a. 18 Dlo a te monte. Li te ogmante anpil sou tè a, e lach la te monte sou dlo a. 19 Dlo a te vin monte plis toujou sou tè a, jis tout mòn toupatou anba syèl la te vin kouvri. 20 Dlo a te vin monte pou kenz koude anplis, e mòn yo te vin kouvri.
21 Tout chè ki t ap fè mouvman sou tè a te vin peri, zwazo avèk bèt domestik avèk bèt sovaj, e chak ensèk ki vole ansanm sou latè, ak tout moun. 22 Tout sa ki te sou tè sèk la, ki te gen souf lavi nan nen yo te vin mouri. 23 Konsa Li te efase chak bagay ki t ap viv sou fas tè a, soti nan lòm jis rive nan tout bèt, sou sa ki te kouri atè, ak zwazo latè yo. Konsa yo te efase soti sou tè a nèt, e se sèl Noé ki te rete ansanm avèk sila ki te avèk li nan lach la.
24 Dlo a te monte kouvri tout tè a pandan san-senkant jou.
8:1 E Bondye te sonje Noé avèk tout bèt ki te avèk li nan lach la. Konsa, Bondye te fè yon van pase sou tè a, e dlo yo te vin bese.
2 Sous nan fon yo te vin fèmen. Pòtay lapli nan syèl la te fèmen, e lapli ki te sòti nan syèl la te sispann. 3 Dlo a te bese ofiramezi sou tè a. E apre san-senkant jou, dlo a te vin mwens.
4 Nan setyèm mwa, nan dis-setyèm jou nan mwa a, lach la te vin poze sou mòn Ararat la. 5 Dlo a te bese toujou jis nan dizyèm mwa a. Nan dizyèm mwa, nan premye jou mwa a, tèt mòn yo te vin vizib.
6 Alò, li te vin rive ke lè karant jou yo fin pase, Noé te ouvri fenèt lach la, ke li te fè a. 7 Konsa, li te voye deyò yon kònèy zwazo nwa ki te vole de yon kote a lòt jiskaske dlo a te vin seche sou tè a. 8 Epi li te voye deyò yon toutrèl sòti kote li, pou wè si dlo a te bese sou fas tè a, 9 men toutrèl la pa t jwenn plas repo pou plante pye li, e li te retounen kote li nan lach la, paske dlo a te sou fas tout tè a. Alò, li te lonje men l deyò, li te pran l, e li te fè l antre nan lach la vè li menm.
10 Li te tann pou yon lòt sèt jou ankò, e li te revoye toutrèl la soti nan lach la. 11 Toutrèl la te vin kote l vè aswè, e gade byen, nan bèk li te gen yon fèy bwa doliv byen fre. Konsa Noé te konnen ke dlo a te bese sou tè a.
12 Alò, li te tann pou yon lòt sèt jou. Li te revoye toutrèl la, e li pa t retounen kote li ankò.