Pati 7: Alyans lan ak Noé

2347 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Jenèz 8:13–9:17

13 Alò, li te vin rive ke nan sis-san-en ane, nan premye mwa, dlo a te fin seche kite tè a. Konsa, Noé te retire kouvèti lach la. Li te gade, e gade byen, sifas tè a te vin sèch. 14 Nan dezyèm mwa, nan venn-sèt jou nan mwa a, tè a te sèch.

15 Alò, Bondye te pale avèk Noé. Li te di: 16 Sòti nan lach la, ou menm avèk madanm ou, fis ou yo, avèk madanm a fis ou yo. 17 Mete deyò avèk ou tout chè vivan ki avèk ou, zwazo, animal, ak tout bèt sila yo ki kouri atè, pou yo kapab kouple anpil sou latè, pou vin fekon, e miltipliye anpil sou tè a.

18 Alò, Noé te sòti, ak fis li yo avèk madanm li, e madanm a fis li yo. 19 Chak bèt, chak reptil ki kouri atè, e chak zwazo, tout bagay ki fè mouvman sou latè yo, te sòti nan lach la selon espès pa yo.

20 Konsa, Noé te bati yon lotèl pou SENYÈ a. Li te pran chak bèt ki pwòp, ak chak zwazo ki pwòp, e li te ofri sakrifis ki te brile sou lotèl la.

21 SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.

22 “Pandan tè a la a, lè semans avèk rekòlt, fredi avèk chalè, sezon chalè ak livè, lajounen avèk lannwit p ap janm sispann.”

9:1 Konsa, Bondye te beni Noé avèk fis li yo. Li te di yo: “Se pou nou vin fekon, miltipliye, e ranpli latè. 2 Lakrent nou, ak laperèz nou va vini sou chak bèt latè, ak chak zwazo syèl la. Tout bagay ki kouri atè, ak tout pwason lanmè, tout livre nan men nou. 3 Chak bagay ki fè mouvman e ki vivan va sèvi kòm manje pou nou. Mwen bannou tout, jan Mwen te bay plant vèt la.

4 “Sèlman, nou pa pou manje chè avèk lavi li, sa vle di san li. 5 Anverite, Mwen va egzije san lavi a paske se pa m. Menm soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a yon moun.

6 “Nenpòt moun ki vèse san lòm, pa lòm san pa l va vèse, paske nan imaj a Bondye, Li te fè lòm. 7 Epi pou nou, se pou nou vin fekon, e miltipliye. Peple tè a anpil, e miltipliye ladann.”

8 Alò, Bondye te pale avèk Noé ak fis li yo avè l. Li te di: 9 “Gade byen, Mwen menm, Mwen vin etabli akò Mwen avèk nou, e avèk desandan aprè nou yo, 10 epi avèk chak kreyati vivan ki avè w: zwazo, bèt kay yo, ak chak bèt ki sou latè avèk nou, tout sa ki sòti nan lach la, menm chak bèt sou tè a.

11 “Mwen etabli akò Mwen avèk nou: Tout chè p ap janm koupe ankò pa dlo delij, ni p ap gen delij ankò pou detwi tè a.”

12 Bondye te di: “Sa se sign akò ke m ap fè antre Mwen avèk nou, e avèk chak kreyati vivan ki la avèk nou, jis rive pou tout jenerasyon k ap vini yo. 13 Mwen mete lakansyèl Mwen nan nwaj la, epi l ap sèvi kòm yon sign pou akò antre Mwen menm avèk latè a. 14 Li va rive ke lè m mennen yon nwaj sou latè, ke lakansyèl la ap vizib nan nwaj la, 15 epi Mwen va sonje akò ki antre Mwen menm avèk nou an, avèk chak kreyati vivan de tout chè. Epi janmen ankò dlo p ap vin yon delij pou detwi tout chè.

16 “Lè lakansyèl la nan nwaj la, Mwen va gade sou li, pou m sonje akò ki jis pou tout tan antre Bondye ak tout kreyati vivan pou tout chè ki sou latè yo.”

17 Epi Bondye te di a Noé: “Sa se sign akò ke Mwen te etabli antre Mwen ak tout chè ki rete sou tè a.”