Inite ak jenerozite legliz premye tan an

30 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Travay 4:32–37

32 Tout moun nan gran foul la ki te kwè yo te vin yon sèl nan kè ak nanm. Pa t gen youn nan yo ki te gen byen ki te reklame pou pwòp tèt yo, men tout bagay te pou tout moun. 33 Avèk gran pouvwa, apòt yo t ap bay temwayaj a rezirèksyon Jésus Kris la, e lagras an abondans te vini sou yo tout. 34 Paske pa t gen yon moun pami yo ki te nan bezwen, pwiske sila ki te mèt tè yo oubyen kay yo te vann yo e pote benefis a vant lan bay, 35 pou mete yo nan pye apòt yo. Konsa, yo te distribiye a chak en ki te gen nenpòt bezwen.

36 Joseph, yon Levit ki te ne an Chypre ke yo te rele osi Barnabas, pa apòt yo, ki vle di Fis Ankourajman an 37 te gen yon mòso tè. Li te vann li e te pote kòb la mete l nan pye apòt yo.

Lanmò Ananias ak Saphira

Travay 5:1–10

1 Men yon sèten mesye ke yo te rele Ananias ak Saphira, madanm li, te vann yon mòso tè. 2 Men li te kenbe yon pati nan pri a pou li menm, avèk konesans madanm li. Konsa, li te pote yon sèten pati, e te mete l nan pye apòt yo.

3 Men Pierre, te di: “Ananias, poukisa Satan ranpli kè ou pou bay manti a Lespri Sen an e pou kenbe yon pati nan pri tè a an kachèt. 4 Pandan li te rete pa t vann nan, èske li pa t nan men ou? E lè li te fin vann nan, èske li pa t toujou sou kontwòl pa w? Poukisa ou kalkile bagay sa a nan kè ou? Se pa a moun ke ou bay manti a, men a Bondye.”

5 Ananias, lè l te tande bagay sa yo, te tonbe atè e te respire dènye souf li. Yon gwo laperèz te vini sou tout sila ki te tande bagay sa yo.

6 Jennjan yo te leve li, vlope li nan yon twal e te pote l deyò pou te antere l.

7 Nan anviwon twazèdtan, madanm li, san konnen sa ki te rive a, te antre.

8 Pierre te di li: “Di m si ou te vann tè a pou yon pri konsa?” Li te di: “Wi, pou yon pri konsa”.

9 Alò, Pierre te di li: “Poukisa ke nou dakò ansanm pou tante Lespri Senyè a? Vwala, pye a sila ki te antere mari ou yo parèt nan pòt la, e yo va pote ou deyò a tou.”

10 Konsa li te tonbe atè e te rann dènye souf li. Jennjan yo te antre, yo twouve li tou mouri e te pote l ale. Yo te antere li bò kote mari li.

Eta legliz la nan epòk sa a 31 apre Christ

Travay 5:11

11 Yon gwo laperèz te vin tonbe sou tout legliz la, e sou tout sila ki te tande bagay sa yo.

Travay 5:13–14

13 Pou lòt yo, pa t gen pèsòn ki te gen kouraj pou vin jwenn avèk yo, men pèp la te bay yo lwanj. 14 Konsa, anpil kwayan nan non Senyè a, yon fòs kantite gason avèk fi t ap ajoute tout tan pami yo.

Travay 5:12

12 Pa men apòt yo, anpil sign ak mirak te fèt pami pèp la, e yo tout te an akò nan Galri Salomon an.

Travay 5:15–16

15 Yo t ap menm pote malad yo e mete yo nan lari; yo te fè yo kouche sou kabann ak palèt, pou menm yon ti kras lonbraj Pierre, lè l pase, ta kapab tonbe sou nenpòt nan yo.

16 Te vini osi foul ki te sòti nan vil ki te antoure Jérusalem yo, ki t ap pote moun malad, ak sila ki te twouble pa move Lespri yo, e yo tout te geri.

Yon zanj libere apot yo nan prizon 32 apre Christ

Travay 5:17–21

17 Men wo prèt la te vin leve, ak tout sila ki te avèk li yo (sa vle di Sadiseyen yo), e yo te jalou anpil. 18 Yo te mete men sou apòt yo, e te mete yo nan yon prizon piblik.

19 Men yon zanj Bondye te ouvri pòt prizon an pandan lannwit, e te fè yo sòti, e te di: 20 “Ale, kanpe pale ak pèp la nan tanp lan tout pawòl lavi a.”

21 Lè yo te tande sa, yo te antre nan tanp lan granmmaten, e yo te kòmanse enstwi.

Men lèwo prèt la te vini, ansanm ak sila ki te avèk li yo, yo te reyini yon gran konsèy avèk tout ansyen Israël yo. Konsa yo te voye kote prizon an pou fè yo vini.