Pierre di konsèy la Kris se Mesi a

Konsèy la reyini ankò. Devan yo, Pierre deklare Kris se Mesi a.

32 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Travay 5:22–33

22 Men lè jandam yo te vini, yo te twouve ke yo pa t nan prizon an. Konsa yo te retounen pou te bay rapò a. 23 Yo te di: “Nou te twouve prizon an byen fèmen e byen sere avèk gad yo ki te kanpe devan pòt la, men lè nou te louvri li, nou pa twouve pèsòn ladann.”

24 Lè wo prèt la avèk kaptenn kò gad tanp lan te tande sa, yo te vin enkyete pou kote pwoblèm sa a ta vin rive.

25 Men yon moun te vin di yo: “Gade, mesye sa yo ke nou te mete nan prizon an kanpe nan tanp lan e y ap enstwi pèp la.”

26 Alò, yo te ale avèk kaptenn lan ak jandam yo, e te mennen yo vini san vyolans; paske yo te krent pèp la, pou yo pa ta lapide yo avèk wòch.

27 Lè yo te mennen yo, yo te fè yo kanpe devan konsèy la pou wo prèt la kesyone yo. 28 Li te di yo konsa: “Èske nou pa t bay nou yon lòd byen klè pou nou pa kontinye enstwi nan non sila a? E malgre sa a, nou fin ranpli tout Jérusalem avèk enstriksyon nou yo, e nou gen entansyon voye san mesye sa a sou nou”.

29 Alò Pierre avèk apòt yo te reponn e te di: “Nou oblije obeyi a Bondye olye a lòm. 30 Bondye a zansèt nou yo te fè leve Jésus, ke nou te touye pann sou yon kwa a. 31 Se Li menm Bondye te fè leve wo kote men dwat Li, tankou yon Prens, e yon Sovè, pou bay a Israël repantans, ak padon pou peche yo. 32 Nou te temwen a bagay sa yo; e anplis Lespri Sen an ke Bondye bay a sila ki obeyi Li yo.”

33 Lè yo te tande sa, yo te byen blese, e te fè plan pou touye yo.

Konsèy Gamaliel la fè yo lage apot yo

Travay 5:34–42

34 Alò, yon nonm nan konsèy la ke yo te rele Gamaliel te kanpe, yon pwofesè nan Lalwa ki te gen bon repitasyon pami tout pèp. Li te mande yo mete apot yo deyò pou yon moman.

35 Li te di yo: “Moun Israël yo, veye nou menm ak sa nou gen entansyon fè avèk mesye sila yo, 36 Paske pa anpil jou avan sa, te leve yon Theudas ki t ap pretann li menm te yon pèsonaj, epi yon gwoup kat-san òm te vin jwenn avèk li. Men yo te touye li, e tout sila ki te swiv li yo te vin gaye, e pa t reyalize anyen.

37 “Apre mesye sila a, Judas, Galileyen an, te leve nan jou resansman an, e li te atire kèk moun dèyè l. Li menm tou te peri, e tout sila ki te swiv li yo te vin gaye.

38 “Donk, nan ka prezan an, mwen di nou, rete lwen de moun sa yo, e pa okipe yo, paske si plan oubyen aksyon sa a sòti nan lòm, li va boulvèse. 39 Men si se nan Bondye, nou p ap kab boulvèse yo; sinon nou kab menm twouve ke n ap goumen kont Bondye menm.”

40 Yo te koute konsèy li. Apre yo te rele apòt yo antre, yo te bat yo avèk fwèt, e te kòmande yo pou yo pa pale nan non Jésus, e te lage yo.

41 Donk yo te kite konsèy la; yo te al fè wout yo, e t ap rejwi ke yo te konsidere dign pou soufri mepri pou non Li.

42 Epi chak jou nan tanp lan, sòti nan yon kay a yon lòt, yo te kontinye enstwi ak preche Jésus kòm Kris la.

Nominasyon sèt dyak

Travay 6:1–6

1 Alò nan lè sa a pandan disip yo t ap vin ogmante plis, yon plenyen te vin leve nan pati a Jwif Grèk yo kont Jwif natal yo, paske vèv pa yo te neglije nan separasyon manje chak jou a.

2 Donk, douz yo te rele rasanble ak disip yo e te di: “Li pa bon pou nou neglije pawòl Bondye a pou nou sèvi tab yo. 3 Konsa, frè yo, chwazi pami nou sèt mesye ak bon jan repitasyon ranpli ak Lespri a e ak sajès, pou nou kapab mete an chaj tach sila a. 4 Men nou menm nou va dedye nou a lapriyè ak ministè a pawòl Bondye a.”

5 Pawòl sila a te fè plezi a tout asanble a, e yo te chwazi Étienne, yon nonm ranpli ak lafwa e ak Lespri Sen an, ak Philippe, Prochore, Nicanor, Timon, Parménas, epi Nicolas, yon konvèti nan relijyon a Jwif yo ki sòti Antioche. 6 Epi sila yo te mennen devan apòt yo, e lè yo te fin fè lapriyè, yo te poze men sou yo.

Kantite moun nan legliz la kontinye ogmante 33 apre Christ

Travay 6:7

7 Pawòl Bondye a te kontinye gaye, e kantite disip yo te kontinye ogmante anpil nan Jérusalem, e yon gran nonb pami prèt yo t ap vin obeyisan a lafwa a.

Yo akize Étienne pou blasfèm 33 oswa 34 apre Christ

Apre Étienne fin deklare avèk kran Kris se Mesi a, yo akize l pou blasfèm devan konsèy la.

Travay 6:8–14

8 Epi Étienne, ranpli avèk gras ak pouvwa, te fè mèvèy ak mirak pami pèp la.

9 Men kèk moun ki te sòti nan sa ke yo te rele Sinagòg Dèzòm Lib, ki te gen moun Sireneyen ak moun Alexandryen yo, e kèk moun Cilicie ak Asie, te leve pou diskite avèk Étienne. 10 Men yo pa t kapab fè fas avèk sajès ak Lespri ki t ap fè l pale a.

11 Alò, an sekrè yo te fè moun yo di: “Nou tande li pale pawòl blasfèm kont Moïse ak kont Bondye”.

12 Konsa, yo te soulve pèp la, ansyen yo ak skrib yo. Yo te sezi li, e te trennen li pou mennen l devan konsèy la. 13 Yo te mete devan fo temwayaj ki te di: “Nonm sila a tout tan ap pale kont lye sakre sila a, ak Lalwa. 14 Paske nou konn tande li di ke Nazareyen sila a, Jésus, va detwi plas sila a e chanje koutim ke Moïse te bannou yo.”