Pwovèb Salomon yo (continued)

984 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Pwovèb Yo 19–20

1 Pi bon se yon malere ki mache ak entegrite

pase sila ak bouch konwonpi ki ensanse a.

2 Anplis, li pa bon pou gen gwo kouraj, san konesans,

ni pou prese rive fè fo pa.

3 Foli a yon nonm fè chemen l gate;

e kè li anraje kont SENYÈ a.

4 Richès fè zanmi ogmante anpil;

men malere pèdi zanmi li yo.

5 Yon fo temwen pa prale san pinisyon;

e sila ki fè manti a, p ap chape.

6 Anpil moun va chache favè a yon moun jenere ak men ouvri;

tout moun se zanmi a sila ki bay kado.

7 Tout frè a malere yo a rayi li;

konbyen, anplis, pou zanmi l kouri kite l.

L ale jwenn yo ak pawòl plede, men yo fin ale.

8 Sila ki twouve sajès renmen pwòp nanm li.

Sila ki kenbe ak bon konprann nan va jwenn sa ki bon.

9 Yon fo temwen pa prale san pinisyon;

epi sila ki bay manti a, va peri.

10 Lavi alèz pa fèt pou moun ensanse;

bokou mwens pou yon esklav ta gen otorite sou prens yo.

11 Yon nonm ak bon konprann lan nan kòlè;

se glwa li pou bliye yon transgresyon.

12 Kòlè a wa a se tankou yon lyon k ap rele fò;

men favè li se tankou lawouze sou zèb vèt.

13 Se yon fis plen foli k ap detwi papa l,

e yon madanm k ap diskite a

se tankou dlo kap degoute san rete.

14 Kay ak byen se eritaj ki sòti nan papa;

men yon fanm pridan sòti nan SENYÈ a.

15 Parès va voye yon pwofon somèy sou moun,

e yon nonm ki pa travay, va soufri grangou.

16 Sila ki kenbe kòmandman an kenbe nanm li,

men sila ki enpridan nan kondwit va mouri.

17 Yon moun ki fè gras a yon malere prete a SENYÈ a,

e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.

18 Bay fis ou a disiplin pandan gen espwa;

pa chache lanmò li.

19 Yon nonm ak gwo kòlè va pote pinisyon li;

paske si ou pwoteje moun nan ou va oblije fè l ankò.

20 Koute konsèy e aksepte disiplin pou ou

kab vin saj pou tout rès vi ou.

21 Plan nan kè lòm yo anpil;

men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.

22 Sa ki dezirab nan yon nonm se yon kè ki dous.

Pito yon nonm ta malere pase li ta yon mantè.

23 Lakrent SENYÈ a dirije a lavi pou fè moun dòmi

ak kè satisfè, san kontamine ak mal.

24 Parese a fouye men l nan plato a;

men li refize rale l rive nan bouch li.

25 Frape yon mokè pou moun san konprann nan vin gen lespri;

repwòch a yon moun bon konprann,

va fè l genyen konesans.

26 Sila ki atake papa li e chase manman l ale,

se yon fis ki fè wont ak dega patou.

27 Sispann koute disiplin, fis mwen an

e ou va pèdi chemen konesans.

28 Yon temwen ki fè dezòd moke lajistis;

e bouch mechan an gaye inikite.

29 Gen desizyon jijman pou mokè yo;

ak kou pou do a moun ensanse yo.

20:1 Diven se yon mokè, e bwason fò fè goumen rive nan tenten;

nenpòt moun ki vin sou pa li, pa saj.

2 Laperèz a wa a se tankou gwo vwa lyon k ap rele fò;

sila ki fè l fache va pèdi lavi l.

3 Rete lwen konfli ak rayisman, e ou va gen respè;

alò, nenpòt moun ensanse ka fè yon kont.

4 Parese a pa laboure tè nan sezon otòn;

akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.

5 Yon plan nan kè moun se tankou dlo fon;

men yon nonm ak bon konprann rale l fè l sòti.

6 Gen anpil moun ki pwomèt fidelite;

men kibò pou jwenn yon nonm onèt?

7 Yon nonm dwat ki mache nan entegrite l;

A la beni fis ki vini apre li yo beni!

8 Yon wa ki chita sou twòn lajistis

fè tout mal sove ale ak pwòp zye l.

9 Se kilès ki kapab di: “Mwen te netwaye kè m;

mwen vin pirifye de tout peche m?”

10 Balans ki pa ojis ak mezi ki pa ojis;

tou de abominab a SENYÈ a.

11 Menm yon timoun vinrekonèt pa zèv li;

si li aji byen e si kondwit li dwat.

12 Zòrèy ki tande ak zye ki wè;

se SENYÈ a ki te fè tou de.

13 Pa renmen dòmi, sinon ou va vin malere;

ouvri zye ou e ou va satisfè ak manje.

14 “Pa bon, pa bon”, di sila k ap achte a;

men lè l fè wout li, li pale kè l kontan.

15 Gen lò ak tout kalite bijou;

men lèv plen konesans se pi bèl bagay.

16 Lè l sèvi garanti pou yon enkoni, pran manto li;

epi pou fanm andeyò a, fè papye pwosè vèbal pou sa li pwomèt la.

17 Pen konn twouve nan bay manti dous;

men pita, bouch la plen gravye.

18 Fè tout plan ak konsiltasyon;

fè lagè ak konsèy saj.

19 Sila ki difame moun devwale sekrè;

pou sa a, pa asosye ou ak moun ki mache bouch ouvri.

20 Sila ki modi papa li oswa manman li an,

lanp li va etenn nan tan fènwa.

21 Yon eritaj ranmase vit nan kòmansman a, p ap beni nan lafen.

22 Pa di: “M ap rekonpanse mechanste”;

tann SENYÈ a, e Li va sove ou.

23 Pwa ki pa ojis ak mezi ki pa ojis;

tou de abominab a SENYÈ a.

24 Pa a yon nonm regle pa SENYÈ a;

konsa, kijan yon nonm kab vin konprann chemen li?

25 Se yon pèlen pou yon nonm ta di avèk enpridans:

“Sa sen!” e aprè ve yo fèt, pou fè ankèt.

26 Yon wa ki saj va vannen mechan yo

e fè wou moulen pase anwo yo.

27 Lespri a lòm se lanp SENYÈ a,

ki chache pati ki pi entim nan li yo.

28 Fidelite ak verite prezève wa a,

e ladwati bay twòn li an soutyen.

29 Glwa a jèn yo se fòs yo,

e lonè a granmoun yo se cheve blan yo.

30 Kout fwèt ki blese fè disparèt mechanste;

li frape rive nan pati pi fon yo.