Pwovèb Salomon yo (continued)

984 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Pwovèb Yo 17–18

1 Pi bon se yon mòso pen sèch ak lapè

pase yon kay ak gwo manje nan konfli.

2 Yon sèvitè ki aji avèk sajès

va renye sou yon fis ki aji ak wont;

li va pataje eritaj la pami frè yo.

3 Po rafine se pou ajan, e founo se pou lò;

men SENYÈ a ap sonde tout kè.

4 Yon malfektè koute lèv mechan yo;

yon mantè prete atansyon a yon lang k ap detwi.

5 Sila ki moke malere a moke Kreyatè li;

sila ki rejwi nan malè a, p ap soti san pinisyon.

6 Pitit a pitit se kouwòn a granmoun,

e glwa a fis yo se papa yo.

7 Bèl diskou pa byen koresponn ak yon moun ki ensanse,

bokou mwens lèv k ap manti sou yon prens.

8 Vèse kòb anba tab se tankou wanga pou mèt li;

nenpòt kote li vire, li byen reyisi.

9 Sila ki kouvri yon transgresyon, chache lanmou;

men sila ki repete yon koze, separe bon zanmi yo.

10 Yon repwòch antre pi fon nan moun bon konprann nan

pase anpil kou sou yon moun ensanse.

11 Yon nonm rebèl se mal l ap chache;

konsa, yon mesaje byen sovaj va voye kont li.

12 Pito yon nonm rankontre yon lous fewòs ki separe de pitit li,

pase yon moun ensanse nan mitan foli li.

13 Pou sila ki remèt mal pou byen an,

mal la p ap janm kite lakay li.

14 Kòmansman a konfli se tankou pete gwo baryè dlo;

konsa, kite kont lan avan l kòmanse.

15 Sila ki bay rezon a mechan an, ni sila ki kondane moun dwat la;

tou de abominab a SENYÈ a.

16 Poukisa gen kòb nan men moun ensanse a

pou l achte sajès, konsi, li pa konprann anyen?

17 Yon zanmi renmen tout tan;

yon frè fèt pou move tan.

18 Yon nonm ki manke konprann sèvi garanti,

e devni responsab nan prezans a vwazen li.

19 Sila ki renmen vyole lalwa a renmen konfli;

sila ki awogan an, chache gwo dega.

20 Sila ki gen panse kwochi a, pa jwenn anyen ki bon,

e sila ki pèvès nan pawòl li yo tonbe nan mal.

21 Sila ki fè pitit ki san konprann nan, fè l nan tristès;

e papa a yon moun ensanse pa gen kè kontan.

22 Yon kè kontan se bon remèd;

men yon lespri brize seche tout zo.

23 Yon nonm mechan an resevwa kòb anba tab an sekrè;

pou l tòde chemen lajistis.

24 Sajès se devan fas a sila ki gen bon konprann nan;

men zye a moun ensanse yo chache jis rive nan tout pwent latè.

25 Yon fis ki san konprann se yon tèt chaje a papa l,

ak gwo chagren a sila ki te pòte li a.

26 Anplis, li pa bon pou pini moun dwat la,

ni pou frape prens yo akoz entegrite yo.

27 Sila ki kenbe pawòl li, gen konesans;

e sila ki gen lespri kalm nan se yon nonm ak bon konprann.

28 Menm yon moun ensanse, lè l rete an silans, konsidere kon saj;

lè l fèmen lèv li, li parèt rezonab.

18:1 Sila ki izole pwòp tèt li, chache pwòp enterè l;

bon jijman an pa anyen devan l.

2 Yon moun ensanse pa pran plezi nan bon konprann;

men sèlman nan devwale pwòp panse li.

3 Lè yon nonm mechan vin parèt, mepriz la vini ansanm avè l;

e avèk dezonè, wont vin parèt.

4 Pawòl yo ki sòti nan bouch a yon nonm se yon dlo byen fon;

dlo sajès se yon dlo fre k ap koule tout tan.

5 Panche vè yon moun mechan an pa bon,

ni pou fè jijman ki rache jistis nan men moun dwat yo.

6 Lèv a yon moun ensanse mennen konfli;

bouch li ap mande kou.

7 Bouch a moun san konprann nan se dega li;

e lèv li se pèlen pou nanm li.

8 Pawòl a sila ki chichote pawòl nan zòrèy moun nan

se tankou bonbon ki gen gou dous;

se jis nan fon kò a yo desann.

9 Anplis, sila ki parese nan travay li a

se frè a sila ki detwi a.

10 Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò;

moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.

11 Pou yon nonm rich, byen li se yon vil ki fò;

kon yon miray byen wo nan panse li.

12 Avan destriksyon, kè yon nonm plen ògèy;

men imilite ale devan onè.

13 Sila ki bay repons avan li koute a;

plen foli ak wont.

14 Lespri a yon nonm kapab sipòte maladi;

men nan ka lespri brize a, se kilès ki kab sipòte li?

15 Panse a sila ki gen bon konprann nan, ranmase konesans;

anplis, zòrèy a saj la chache konesans.

16 Don a yon nonm fè kont espas pou li,

e mennen li devan moun enpòtan.

17 Premye moun pou plede ka li a, sanble gen rezon;

jiskaske yon lòt moun vin egzamine l.

18 Tiraj osò fè konfli sispann;

l ap pran desizyon antre moun pwisan yo.

19 Yon frè ki blese se pi rèd pou konvenk pase yon vil fòtifye;

konfli ak li se tankou ba fè nan yon sitadèl.

20 Se fwi a bouch moun ki satisfè vant li;

l ap satisfè ak sa ke lèv li pwodwi.

21 Lanmò ak lavi nan pouvwa a lang lan;

e sila ki renmen l yo, va manje fwi li.

22 Sila ki jwenn yon madanm, jwenn yon bon bagay,

e twouve favè SENYÈ a.

23 Malere a pale: “Souple, fè m gras”;

men moun rich la reponn byen di.

24 Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt;

men gen yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.