Sèvis Paul pou etranje yo ak plan li yo
Kounye a Paul fin ekri pati lèt li a ki konsène doktrin ak fason pou moun viv, li vire pi espesyalman bò kote etranje yo. Li sèten yo tèlman chaje ak bonte ak konesans sou sa Bondye vle pou yo, yo kapab youn korije lòt. Men, li ekri yo avèk kran poutèt fonksyon apot li a, yon fonksyon li resevwa nan men Bondye pou fè etranje yo konvèti; kounye a li prezante yo bay Bondye kòm yon ofrann Bondye aksepte. Li vante siksè pwòp sèvis li a, paske Kri ap travay avè l epi li konfime ni ansèyman li ni misyon li ak gwo siy ak mirak, grasa pouvwa Lespri Sen an. Anvi li genyen pou l preche levanjil la kote yo poko konnen l te anpeche l vizite Rome, kote levanjil la te deja tabli. Men kounye a, kòm li pa gen anyen ankò pou l fè, li espere wè yo sou wout li pou Espagne, epi pran plezi nan konpayi yo pandan li prale la. Li pale de vwayaj li planifye pou Jérusalem, pou l pote kontribisyon moun nan pèp etranje ki te konvèti grasa li yo bay Jwif ki te konvèti yo nan Jérusalem. Li espere konsa li va rekonsilye yo youn ak lòt: piske etranje yo te vin konnen bagay espirityèl yo grasa Jwif yo, yo gen obligasyon rann yo sa nan bagay materyèl. Li repete li gen lide vizite yo lè li fin remèt kontribisyon yo, pou l pote don ak benediksyon levanjil Kri a. Li ankouraje yo priye ak tout kè yo pou l chape anba Jwif ki pa kwè yo, ki t ap chèche detwi l, epi pou Jwif Kretyen yo ka aksepte kontribisyon li a. Li fini ak esperans li genyen pou l wè yo, pou ni li menm ni yo ka jwenn fòs lè yo pataje don espirityèl yo, epi li bay benediksyon li.
58 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
14 Epi konsènan nou menm, frè mwen yo, mwen gen konviksyon ke nou menm, nou plen ak bonte, byen ranpli avèk tout konesans, e kapab osi egzòte youn lòt. 15 Men mwen ekri nou avèk kouraj sou kèk pwen pou fè nou sonje ankò, akoz gras Bondye ke mwen resevwa a, 16 pou m kapab yon sèvitè Jésus Kris pou pèp etranje yo, pou m fè sèvis kòm yon prèt pou levanjil Bondye a, jis pou ofrann mwen bay pèp etranje yo kapab vin akseptab, e byen sanktifye pa Lespri Sen an. 17 Konsa, nan Jésus Kri mwen gen tan twouve rezon pou vante tèt mwen nan bagay ki apatyen a Bondye. 18 Mwen p ap pèmèt mwen pale de okenn bagay sof de sa ke Kris gen tan akonpli atravè mwen an, kon rezilta a, obeyisans pèp etranje yo pa pawòl ak aksyon, 19 nan pouvwa sign ak mirak yo nan pouvwa Lespri a, pouke soti Jérusalem jis rive nan Illyrie ak anviwon peyi a, mwen fin preche tout levanjil a Kris la. 20 Se konsa mwen vle preche levanjil la; pa kote ke Kris te deja konnen pou m pa bati sou fondasyon a yon lòt moun, 21 Men jan sa ekri a:
“Sila ki pa gen nouvèl Li yo va wè,
e sila ki pa tande yo va konprann”.
22 Pou rezon sa a byen souvan mwen anpeche vin kote nou. 23 Men koulye a, akoz pa gen lòt andwa pou mwen nan rejyon sa yo, e depi anpil ane mwen anvi vin wè nou, 24 nenpòt lè mwen ale Espagne, mwen espere wè nou pandan m ap pase. Konsa nou kapab ede m fin rive la apre mwen fin rejwi de prezans nou pandan kèk tan. 25 Men koulye a mwen prale Jérusalem pou sèvi fidèl yo. 26 Paske legliz yo nan Macédoine ak Achaïe te kontan fè yon don pou malere yo pami fidèl Jérusalem yo. 27 Wi, yo te kontan fè sa, e yo dwe yo. Paske si pèp etranje yo gen tan pataje bagay ki soti nan Lespri Bondye a, yo dwe remèt sèvis a yo tou ak bagay materyèl. 28 Konsa, lè m fin fè sa, e mete so mwen sou fwi sa ki sòti nan yo menm nan, m ap pase bò kote nou nan wout pou m ale Espagne la. 29 Mwen konnen ke lè m vin kote nou, m ap vini byen ranpli avèk benediksyon a Kris la.
30 Koulye a mwen ankouraje nou, frè m yo, pa Senyè nou an, Jésus Kri e pa lanmou Lespri a, pou fè tout efò ansanm avèk mwen nan lapriyè a Bondye pou mwen menm 31 pou mwen kapab delivre anba sila yo nan Juda ki dezobeyisan, e pou sèvis mwen pou Jérusalem kapab akseptab devan fidèl yo, 32 pou mwen kapab vini a nou menm nan lajwa pa volonte Bondye e pou m twouve yon repo rafrechisan an konpayi de nou menm. 33 Pou koulye a ke Bondye lapè a kapab avèk nou tout. Amen.
Paul rekòmande Phoebé epi li salye zanmi li yo
Paul rekòmande Phoebé, ki te pote lèt sa a, bay Kretyen ki nan Rome yo pou yo ede l. Li salye Aquilas ak Priscille, li fè anpil lwanj pou yo, epi li salye legliz ki reyini lakay yo a. Li salye anpil zanmi Kretyen li yo ki te vin abite Rome; petèt gen kèk ladan yo ki te konvèti grasa li menm.
1 Mwen rekòmande a nou sè nou Phoebé, yon sèvant legliz ki nan Cenchrée a. 2 Pou nou resevwa li nan non Senyè a nan yon jan ke fidèl yo ta dwe fè, e pou nou ede li nan nenpòt bezwen ke li kapab genyen. Paske li menm se yon èd pou anpil lòt moun, ak pou mwen menm tou.
3 Salye Prisca ak Aquilas, ouvriyè yo nan travay mwen nan Jésus Kris, 4 moun ki te riske pwòp tèt yo pou lavi m. Se pa sèlman a yo menm ke m di mèsi, men a tout legliz pèp etranje yo. 5 Salye osi tout legliz la ki reyini lakay yo a. Salye Épaïnète, zanmi byeneme m, ki te premye konvèti an Asie a. 6 Salye Marie ki travay di pou nou. 7 Salye Andronicus ak Junias, paran mwen yo, e prizonye parèy mwen yo, ki byen remakab pami apot yo, e ki te nan Kris la avan m. 8 Salye Amplias, zanmi byeneme m nan Senyè a. 9 Salye Urbain, ouvriye parèy a nou nan Kris la ak Stachys, zanmi byeneme m nan. 10 Salye Apellès, ki apwouve nan Kris la; salye sila ki lakay Aristobule yo. 11 Salye Hérodion fanmi mwen. Salye sila ki lakay Narcisse yo, ki nan Senyè a. 12 Salye Tryphène ak Tryphose, ouvriye nan Senyè a. Salye Perside, byeneme a, ki travay di nan Senyè a. 13 Salye Rufus, yon nonm chwazi nan Senyè a, manman li osi e ki tankou manman pa m tou. 14 Salye Asyncrite, Phlégon, Hermès, Patrobas, Hermas, ak tout frè ki avèk yo. 15 Salye Philologue ak Julie, Nérée ak sè li, e Olympe, e tout fidèl ki avèk yo. 16 Salye youn lòt avèk yon bo ki sen. Tout legliz Kris la salye nou.
Evite moun k ap lakòz divizyon yo
Paul avèti yo ankò pou yo evite divizyon ak moun k ap lakòz yo. Moun konsa pa sèvi Kri lè y ap preche ansèyman li a, paske se avantaj materyèl sèlman y ap chèche; epi, kòm yo pa gen don espirityèl, yo twonpe moun ki fèk vin Kretyen yo e ki pa sispèk anyen, oswa yo detounen kè yo ak bèl pawòl ak flatri. Li kontan pou obeyisans yo montre kounye a, epi li ankouraje yo kontinye disène sa ki byen epi fè li, e pou yo rete pi, oswa inosan, anrapò ak sa ki mal: sa vle di, pou yo evite tout fo ansèyman ak tout move egzanp. Li anonse ajan Satan yo, ki pote divizyon nan legliz la, pral detwi byen vit, epi li fini ak benediksyon li.
17 Koulye a, frè mwen yo, mwen ankouraje nou pou toujou veye sou sila k ap koze e fè blokis ki kontrè a enstriksyon nou te resevwa a. Vire do nou ba yo menm. 18 Paske moun konsa se esklav yo ye, pa a Senyè nou an, Kris la, men a pwòp apeti pa yo. Ak pawòl ki dous e flatè, yo desi kè a inosan yo. 19 Paske rapò obeyisans nou an gen tan rive toupatou. Konsa mwen rejwi de nou, men mwen vle nou saj nan sa ki bon e inosan nan sa ki mal. 20 Bondye lapè a va kraze Satan anba pye nou toutalè.
Ke lagras Senyè nou an Jésus kapab avèk nou.
Salitasyon ak glwa pou sèl Bondye ki gen sajès la
Nan yon nòt li ajoute nan fen lèt la, Paul voye salitasyon plizyè moun ki te avè l. Li rezime tout bagay lè li bay Bondye glwa, paske se Bondye sèlman ki gen pouvwa fè yo rete fèm nan vrè lafwa nan Kri a san Lalwa Moïse la. Sa te yon mistè anvan, yon sekrè yo te kenbe kache (byenke yo te anonse Bondye t ap rele etranje yo), men kounye a li fè l konnen sou lòd Bondye etènèl la te revele bay Paul, pou, grasa predikasyon li, tout nasyon yo ka vin konnen obeyisans ki soti nan lafwa a, epi pou yo kwè e pou yo obeyi. Li fini lè li bay sèl Bondye ki gen sajès la glwa pou tout tan.
21 Timothée, kanmarad travay mwen, salye nou, e osi Lucius ak Jason ak Sosipater ki se fanmi mwen. 22 Mwen menm, Tertius k ap ekri lèt sa a, salye nou nan Senyè a. 23 Gaïus ki te ban m kote pou m rete ak tout legliz la, salye nou. Éraste, trezorye vil la salye nou ak Quartus osi, frè a. 24 Ke lagras Senyè nou an, Jésus Kri, rete avèk nou tout. Amen. 25 Koulye a, a Sila ki kapab etabli nou selon bòn nouvèl mwen an ak predikasyon a Jésus Kri a, atravè revelasyon a mistè a ke li te kenbe an sekrè pandan tout tan pase yo, 26 men koulye a ki vin manifeste, selon Ekriti Sen a pwofèt yo, ak kòmandman a Bondye etènèl la, ki vin konnen pa tout nasyon yo, ki mennen rive a obeyisans lafwa a. 27 A Bondye sèl ki saj la, atravè Jésus Kris ki se laglwa pou tout tan an. Amen.