Yo detwi Nadab ak Abihu

1490 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Levitik Yo 10

1 Alò Nadab avèk Abihu, fis Aaron yo, te pran pwòp plato sann dife pa yo. Lè yo te fin mete dife ladan yo, yo te mete lansan sou li e yo te ofri dife etranj la devan SENYÈ a, ke Li pa t kòmande yo fè.

2 Konsa, dife te sòti nan prezans SENYÈ a, e te brile yo nèt. Yo te mouri devan SENYÈ a.

3 Answit, Moïse te di a Aaron: “Se sa ke SENYÈ a te pale lè L te di:

‘Mwen va demontre M sen a sila ki vin pwòch Mwen yo,

e devan tout pèp la Mwen va onore.’”

Konsa, Aaron te gade silans.

4 Moïse te rele osi Mischaël ak Eltsaphan, fis a tonton Aaron an, Uziel. Li te di yo: “Avanse; pote moun fanmi nou yo sòti devan sanktyè a pou rive deyò kan an.” 5 Konsa, yo te avanse e yo te pote yo toujou nan tinik yo pou rive deyò kan an. 6 Answit, Moïse te di a Aaron avèk fis li yo, Éléazar ak Ithamar: “Pa dekouvri tèt nou, ni chire rad nou, pou nou pa mouri; pou Li pa vin ranpli avèk kòlè kont tout asanble a. Men kite tout fanmi nou yo, tout lakay Israël la, lamante akoz brile ke SENYÈ a te limen an. 7 Nou pa pou menm sòti nan pòtay tant asanble a, sinon, nou va mouri; paske lwil onksyon SENYÈ a sou nou.”

8 “Alò, SENYÈ a te pale avèk Aaron. Li te di: 9 Pa bwè diven oubyen gwòg, ni ou menm, ni fis ki avèk ou yo, lè nou ap antre nan tant asanble a, pou nou pa mouri—-sa se yon lòd pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo. 10 Fòk nou fè yon distenksyon antre sa ki sen ak sa ki pa sen; antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp. 11 Enstwi fis Israël yo nan tout lòd ke SENYÈ a te pale atravè Moïse yo.”

12 Answit, Moïse te pale ak Aaron e ak fis ki te rete vivan yo, Éléazar avèk Ithamar: “Pran ofrann sereyal ki toujou rete nan ofrann pa dife SENYÈ a, e manje li san ledven akote lotèl la, paske li sen pase tout. 13 Anplis, nou va manje li nan yon lye ki sen akoz ke se dwa ou ak dwa fis ou yo ki sòti nan ofrann pa dife SENYÈ a. Paske, se konsa Mwen te resevwa kòmand lan. 14 Sepandan, pwatrin ofrann balanse anlè a ak kwis ofrann ke nou kapab manje nan yon plas ki pwòp la, ou menm avèk fis ou yo, e fi nou yo avèk nou menm. Paske yo te bay a ou menm e a fis ou yo kòm dwa ki sòti nan sakrifis ofrann lapè a fis Israël yo. 15 Kwis ke yo te ofri nan leve a, ak pwatrin ke yo te ofri nan ofrann balanse anlè a, yo va pote yo ansanm avèk ofrann pa dife pati grès la, pou prezante kòm yon ofrann leve balanse anlè devan SENYÈ a. Konsa, li va yon bagay ki dwa ou, e dwa fis ou yo avèk ou pou tout tan, jan SENYÈ a te kòmande a.”

16 Men Moïse te chache avèk atansyon kabrit ofrann peche a, e vwala, li te fin brile nèt! Donk, li te fache avèk fis Aaron ki te toujou vivan yo, Éléazar avèk Ithamar. Li te di: 17 “Poukisa nou pa t manje ofrann peche ki nan lye sen an? Paske li sen pase tout, e Li te bannou li pou efase koupabilite asanble a, pou fè ekspiyasyon pou yo devan SENYÈ a. 18 Gade byen, san li pa t pote antre nan sanktyè a. Anverite, nou te dwe manje li nan sanktyè a jan Mwen te kòmande a.”

19 Men Aaron te pale avèk Moïse, e te di: “Gade byen, se jou sa a menm ke yo te prezante ofrann peche ak ofrann brile pa yo a devan SENYÈ a. Epi gade bagay konsa yo ki vin rive mwen. Si m te manje yon ofrann peche jodi a, èske li t ap bon nan zye SENYÈ a?” 20 Lè Moïse te tande sa, sa te sanble gen bon rezon devan zye li.

Dezyèm Pak la

Nonb 9:1–14

1 SENYÈ a te pale avèk Moïse nan dezè Sinaï a, nan premye mwa nan dezyèm ane a lè yo te fin sòti nan Égypte la. Li te di: 2 “Alò, kite fis Israël yo obsève fèt Pak la nan lè ki apwente pou li a. 3 Nan katòzyèm jou nan mwa sa a, nan aswè avan li fènwa, nou va obsève li nan lè apwente a. Nou va obsève li avèk tout règleman e avèk tout òdonans li yo.”

4 Konsa, Moïse te pale ak fis Israël yo pou obsève Pak la. 5  Yo te obsève Pak la nan premye mwa, nan katòzyèm jou a, nan aswè lè li fenk kòmanse fènwa, nan dezè Sinaï a. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, se konsa fis Israël yo te fè.

6 Men te gen kèk mesye ki pa t pwòp akoz yon mò. Akoz sa, yo pa t kab obsève Pak la nan jou sa a. Konsa yo te vin devan Moïse avèk Aaron nan jou sa a. 7 Mesye sa yo te di li: “Malgre nou pa pwòp akoz mò a, poukisa nou anpeche vin prezante ofrann SENYÈ a nan lè apwente pami fis Israël yo?”

8 Konsa, Moïse te reponn yo: “Tann, e mwen va koute sa ke SENYÈ a va kòmande pou nou menm.”

9 Epi SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 10 “Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Si nenpòt nan nou, oswa nan desandan nou yo vin pa pwòp akoz yon mò, oswa se nan yon vwayaj, malgre sa, li kapab obsève Pak SENYÈ a. 11 Nan dezyèm mwa a, sou katòzyèm jou a, nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa, yo va obsève li. Yo va manje li avèk pen san ledven ak zèb anmè. 12 Yo p ap kite anyen ladann pou rive nan maten, ni kase okenn zo ladann. Selon tout règleman a Pak la, yo va obsève li. 13 Men mesye ki pwòp e ki pa nan yon vwayaj, ki malgre sa, neglije obsève Pak la, moun sa a va vin koupe retire de pèp li a. Paske li pa t prezante ofrann bay SENYÈ a nan lè chwazi a. Nonm sila a va pote peche li.

14 “‘Si yon etranje demere pami nou e li obsève Pak SENYÈ a, li gen pou fè l selon règleman a Pak la, ak selon òdonans li. Nou va genyen yon sèl règleman, ni pou etranje, ni pou natif peyi a.’”