Yo konsakre Aaron kòm prèt
Yo etabli prètriz la: yo konsakre Aaron, epi yo aksepte ofrann li.
1490 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: 2 “Pran Aaron ak fis li yo avè l, avèk vètman yo, lwil onksyon an, towo ofrann peche a, de belye, ak panyen pen san ledven an, 3 epi reyini tout asanble a nan pòtay tant asanble a.”
4 Alò, Moïse te fè ojis sa ke SENYÈ a te kòmande li a. Lè asanble a te fin reyini nan pòtay tant asanble a, 5 Moïse te di asanble a: “Sa se bagay ke SENYÈ a te kòmande pou fè yo.” 6 Konsa, Moïse te fè Aaron avèk fis li yo vin pwoche e te benyen yo avèk dlo. 7 Li te mete yon tinik sou li, mare senti li avèk yon sentiwon an twal, abiye li avèk yon manto, mete efòd la sou li; epi li te tache ban atistik efòd la e mare l sou li. 8 Li te mete pyès lestomak la sou li. Anplis, nan pyès lestomak la, li te mete Ourim nan avèk Toumim nan. 9 Li te plase plastwon an sou tèt li. Sou plastwon an, pa devan, li te mete plak an lò a, kouwòn sen an, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
10 Alò, Moïse te pran lwil onksyon an e te onksyone tabènak la ak tout sa ki te ladann, epi li te konsakre yo. 11 Li te flite kèk lwil ladann sou lotèl la sèt fwa, e li te onksyone lotèl la avèk tout zouti li yo, ak basen an avèk baz li pou konsakre yo. 12 Konsa, li te vide kèk nan lwil onksyon an sou tèt Aaron, e li te onksyone li, pou konsakre li. 13 Apre sa, Moïse te fè fis Aaron yo pwoche. Li te abiye yo avèk tinik yo, mare senti yo avèk sentiwon an twal yo e mare kas yo sou yo, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
14 Answit, li te pote towo ofrann peche a, e Aaron avèk fis li yo te poze men yo sou tèt towo ofrann peche a. 15 Apre sa, Moïse te touye li. Li te pran san an avèk dwèt li, li te mete kèk nan li toupatou sou kòn lotèl la, e te pirifye lotèl la. Rès san an, li te vide li nan baz lotèl la, e li te konsakre li pou fè ekspiyasyon pou li. 16 Li te osi pran tout grès ki te sou zantray yo avèk gwo mòso fwa a, de ren yo avèk grès pa yo. Moïse te ofri li nan lafimen sou lotèl la. 17 Men towo a avèk po li ak chè li, ak watè li, li te brile yo nan dife a deyò kan an jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
18 Alò, li te prezante belye ofrann brile a. Aaron avèk fis li yo te poze men yo sou tèt belye a. 19 Moïse te touye li e li te flite san an toutotou lotèl la. 20 Lè li te fin koupe belye a an mòso, Moïse te ofri tèt la, mòso yo ak grès di ki kouvri ren yo nan lafimen. 21 Apre li te fin lave zantray yo ak janm yo avèk dlo, Moïse te ofri tout belye a nan lafimen sou lotèl la. Se te ofrann brile a pou yon bon odè. Li te yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
22 Answit, li te prezante dezyèm belye a, belye òdinasyon an. Aaron avèk fis li yo te poze men yo sou tèt belye a. 23 Moïse te touye li, pran kèk nan san li e li te mete li sou tèt zòrèy dwat Aaron, sou pous men dwat li ak gwo zòtèy pye dwat li. 24 Osi, li te fè fis Aaron yo vin toupre; epi Moïse te mete kèk nan san an sou tèt zòrèy dwat la, sou pous men dwat yo, ak sou gwo zòtèy pye dwat yo. Alò, Moïse te flite rès san an toutotou lotèl la.
25 Li te pran grès la, grès ke a, tout grès ki te sou zantray yo, gwo mòso fwa a, de ren yo avèk grès pa yo ak kwis dwat la. 26 Nan panyen pen san ledven ki te devan SENYÈ a, li te retire yon gato pen san ledven, yon gato pen mele avèk lwil ak yon galèt, e li te plase yo sou pati grès yo ak sou kwis dwat la. 27 Answit, li te mete tout sa yo nan men Aaron ak nan men fis li yo, e li te prezante yo kòm yon ofrann balanse anlè devan SENYÈ a.
28 Answit, Moïse te pran yo nan men yo, e li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la avèk ofrann brile yo. Yo te yon ofrann òdinasyon pou yon bon odè. Se te yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. 29 Moïse te pran pwatrin nan, e li te prezante li kòm yon ofrann balanse anlè a devan SENYÈ a. Sa te pati pa Moïse nan belye òdinasyon an, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
30 Alò, Moïse te pran kèk nan lwil onksyon an e kèk nan san ki te sou lotèl la, e li te flite li sou Aaron, sou vètman pa li, sou fis li yo, sou vètman pou fis li yo avèk pa li a. Konsa, li te konsakre Aaron, vètman li yo, fis li yo ak vètman a fis li yo ansanm avèk li menm.
31 Answit, Moïse te di a Aaron ak fis li yo: “Bouyi chè a nan pòtay tant asanble a, e manje li ansanm avèk pen ki nan panyen ofrann òdinasyon an, jis jan ke m te kòmande a lè m te di: ‘Aaron avèk fis li yo va manje li.’ 32 Sa ki rete nan chè a ak nan pen an, ou va brile li nan dife. 33 Pandan sèt jou, nou pa pou sòti deyò pòtay tant asanble a, jis rive jou ke tan òdinasyon nou an fini: paske li va òdone nou pandan sèt jou.
34 “Sa ki te fèt la jodi a, konsa, SENYÈ a te bay lòd pou fè, pou fè ekspiyasyon pou nou. 35 Nan pòtay tant asanble a, anplis, nou va rete lajounen kon lannwit pandan sèt jou pou kenbe lòd SENYÈ a pou nou pa mouri: paske se konsa mwen resevwa lòd la.”
36 Konsa, Aaron avèk fis li yo te fè tout bagay ke SENYÈ a te kòmande atravè Moïse yo.
9:1 Alò, li te vin rive nan uityèm jou a ke Moïse te rele Aaron, fis li yo ak ansyen an Israël yo. 2 Konsa, li te di a Aaron: “Pran pou nou menm yon jenn kabrit, yon jenn towo pou yon ofrann peche ak yon belye pou yon ofrann brile, tou de san defo, e ofri yo devan SENYÈ a. 3 Epi a fis Israël yo nou va pale pou di: ‘Pran yon mal kabrit pou yon ofrann peche, ak yon jenn kabrit avèk yon jenn mouton, toude nan laj yon ane, san defo, pou yon ofrann brile, 4 epi yon bèf avèk yon belye pou ofrann lapè a, pou fè sakrifis devan SENYÈ a; e yon ofrann sereyal melanje avèk lwil: paske jodi a, SENYÈ a va parèt a nou menm.’”
5 Donk, yo te pran sa ke Moïse te kòmande devan tant asanble a. Tout asanble a te rapwoche pou kanpe devan SENYÈ a. 6 Moïse te di: “Sa se bagay ke SENYÈ a te kòmande nou pou fè, pou glwa SENYÈ a kapab parèt a nou menm.”
7 Konsa, Moïse te di a Aaron: “Vin toupre lotèl la, e ofri ofrann peche ak ofrann brile nou yo, pou nou kapab fè ekspiyasyon pou nou menm, ak pou pèp la; pou nou kapab fè ekspiyasyon pou yo, jan SENYÈ a te kòmande a.”
8 Donk, Aaron te vin toupre lotèl la. Li te touye jenn kabrit la, ofrann peche ki te pou li menm nan. 9 Fis Aaron yo te prezante san an ba li. Li te fonse dwèt li nan san an, li te mete kèk sou kòn lotèl la, e li te vide rès san an nan baz lotèl la. 10 Grès la, ren yo avèk gwo mòso fwa ofrann peche a, li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la. 11 Men chè a avèk po a, li te brile yo avèk dife deyò kan an.
12 Answit, li te touye ofrann brile a; epi fis Aaron yo te lonje bay li san an, e li te flite li toupatou sou lotèl la. 13 Yo te lonje ofrann brile a ba li an mòso avèk tèt la, e li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la. 14 Li te lave zantray yo avèk janm yo, e li te ofri yo nan lafimen avèk ofrann brile yo sou lotèl la.
15 Answit, li te prezante ofrann pèp la, e li te pran kabrit ofrann peche ki te pou pèp la. Li te touye li e li te ofri li pou peche, tankou premye a.
16 Li te prezante osi ofrann brile a. Li te ofri li selon òdonans lan. 17 Apre, li te prezante ofrann sereyal la, li te plen men li avèk kèk ladann. Konsa, li te ofri li nan lafimen sou lotèl la, anplis de ofrann brile nan maten an.
18 Answit, li te touye bèf la avèk belye a, sakrifis lapè ki te pou pèp la. Fis Aaron yo te lonje ba li san an pou li te flite li toupatou sou lotèl la; 19 ak pati grès ki sòti nan bèf la, nan belye a, grès ke a ak grès ki kouvri ren yo avèk gwo mòso fwa a, 20 epi yo te plase pati grès sou pwatrin yo. Konsa, li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la. 21 Men pwatrin yo avèk kwis dwat la, Aaron te prezante yo kòm yon ofrann balanse anlè a devan SENYÈ a, jis jan ke Moïse te kòmande a.
22 Alò, Aaron te leve men li anlè vè pèp la e li te beni yo. Konsa, li te desann lè l te fin fè ofrann peche a, ofrann brile a ak ofrann lapè yo.
23 Moïse avèk Aaron te antre nan tant asanble a. Lè yo te sòti e te beni pèp la, laglwa SENYÈ a te parèt a tout pèp la. 24 Answit, dife te sòti devan SENYÈ a, e ofrann nan te brile nèt ak pati grès sou lotèl la. Lè tout pèp la te wè sa, yo te rele fò, e yo te tonbe sou figi yo.