Fen lavi Moïse

Yo anonse lanmò Moïse

1451 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Nonb 27:12–14

12 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Monte nan mòn Abarim nan, pou wè peyi ke Mwen te bay a fis Israël yo. 13 Lè ou fin wè li, ou va vin rasanble vè zansèt ou yo, jan sa te rive avèk frè ou a, Aaron. 14 Paske, nan dezè Tsin nan, pandan asanble a t ap fè kont, ou te fè rebèl kont lòd Mwen pou trete Mwen tankou sen devan zye yo kote dlo a.” (Sila yo se dlo a Meriba yo nan Kadés nan dezè a Tsin nan.)

Yo chwazi Josué pou ranplase Moïse

Nonb 27:15–23

15 “Alò, Moïse te pale avèk SENYÈ a. Li te di: 16 Ke SENYÈ a, Bondye a lespri tout chè yo, ta chwazi yon mesye sou kongregasyon an, 17 ki va sòti e antre devan yo, ki va mennen yo deyò, e rale yo antre, pou kongregasyon SENYÈ a pa devni tankou yon mouton ki san bèje.”

18 Konsa SENYÈ a te di a Moïse: “Pran Josué, fis a Nun nan, yon nonm nan sila Lespri a rete a, e poze men ou sou li. 19 Konsa, fè li kanpe devan Éléazar, prèt la, ak devan tout kongregasyon an, e ba li lòd komisyon an devan zye yo. 20 Ou va mete otorite pa w sou li, pou tout kongregasyon a fis Israël yo kapab obeyi a li menm. 21 Anplis, li va kanpe devan Éléazar, prèt la, ki va fè ankèt pou li selon jijman a Orim nan devan SENYÈ a. A kòmand pa li, yo va sòti e a kòmand pa li, yo va antre, ni li, ni fis Israël yo avèk li menm, tout kongregasyon an menm.”

22 Moïse te fè jis sa ke SENYÈ a te kòmande li. Li te pran Josué e te mete li devan Éléazar, prèt la, avèk tout kongregasyon an. 23 Konsa, li te poze men li sou li e te bay li lòd komisyon an, jis jan ke SENYÈ a te pale pa Moïse la.

Dènye enstriksyon Moïse bay pèp la

Detewonòm 31:1–6

1 Konsa Moïse te ale e te pale pawòl sa yo a tout Israël. 2 Li te di yo: “Mwen gen san-ventan daj jodi a. Mwen p ap ka ankò fè antre soti. SENYÈ a te di mwen: ‘Ou p ap travèse Jourdain sila a.’ 3 Se SENYÈ a, Bondye nou menm nan, ki va travèse devan nou. Li va detwi nasyon sila yo devan nou e nou va deplase yo. Se Josué ki va travèse devan nou, jan SENYÈ a te pale a. 4 SENYÈ a va fè yo menm jan ke Li te fè a Sihon avèk Og, wa a Amoreyen yo, e a peyi pa yo a, lè Li te detwi yo a. 5 SENYÈ a va livre yo devan nou, e nou va aji avèk yo an akò avèk kòmandman ke mwen menm te kòmande nou yo. 6 Rete fò e pran kouraj. Pa pè yo ni tranble devan yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se sila k ap ale avèk nou an. Li p ap fè nou desi, ni li p ap abandone nou.

Enstriksyon Moïse bay Josué

Detewonòm 31:7–8

7 Konsa, Moïse te rele Josué e te di li devan tout Israël: “Kenbe fò, pran kouraj, paske ou va ale avèk pèp sa a pou antre nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt pa yo pou ba yo a; epi ou va ba yo li kòm eritaj. 8 Se SENYÈ a k ap prale devan ou. Li va avèk ou. Li p ap fè ou desi, ni abandone ou. Pa pè, ni pèdi kouraj.”

Moïse fin ekri lwa a

Moïse fin ekri lwa a, epi li remèt li bay prèt yo.

Detewonòm 31:9–21

9 Konsa, Moïse te ekri lwa sa a, e li te livre bay li a prèt yo, fis a Lévi yo ki te pote lach akò a SENYÈ a, e a tout ansyen an Israël yo. 10 Moïse te kòmande yo e te di: “Nan fen chak sèt ane, nan sezon ane remisyon dèt nan Fèt Tonèl Yo, 11 lè tout Israël vini pou parèt devan SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke Li va chwazi a, nou va li lwa sila a devan tout Israël pou yo tout tande l. 12 Rasanble pèp la, gason avèk fanm, ak pitit yo, etranje ki nan vil nou yo, pou yo ka tande aprann gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, epi fè atansyon pou swiv tout pawòl a lwa sila yo. 13 Pitit yo ki pa t konnen, va tande e aprann gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, pou tout tan ke nou viv nan peyi ke nou prèt pou travèse Jourdain an pou posede a.”

14 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, lè pou ou mouri toupre. Rele Josué, e prezante nou menm nan tant asanble a, pou Mwen kapab ba li komisyon li.” 15 SENYÈ a te vin parèt nan tant lan nan yon pilye nwaj e pilye nwaj la te kanpe nan pòtay tant lan. 16 SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, ou prèt pou kouche avèk zansèt ou yo. Konsa, pèp sa a va fè jwèt pwostitiye ak dye etranje yo nan peyi kote y ap prale a, pou abandone Mwen, epi va kraze akò Mwen ke Mwen te fè avèk yo a. 17 Alò, kòlè Mwen va vin limen kont yo nan jou sa a, Mwen va abandone yo e kache figi Mwen a yo menm. Yo va detwi e anpil malè va rive sou yo, jiskaske yo va di nan jou sa a: ‘Èske se pa paske Bondye nou an pa pami nou ke malè sa yo vin rive sou nou?’ 18 Men anverite, Mwen va kache figi Mwen nan jou sa a akoz tout mechanste ke yo te fè, paske yo te vire vè lòt dye yo.” 19 “Koulye a, akoz sa, ekri chanson sila a pou nou menm e montre li a fis Israël yo. Mete li sou lèv yo, pou chanson sa a kapab yon temwen pou Mwen kont fis Israël yo. 20 Paske lè Mwen mennen yo antre nan peyi k ap koule avèk lèt avèk siwo myèl la, ke Mwen te sèmante a zansèt pa yo, yo te manje e satisfè, e yo te vin pwospere, alò, yo va vire a lòt dye yo pou sèvi yo, meprize Mwen e kraze akò Mwen an. 21 Epi li va rive ke lè anpil malè avèk twoub vini sou yo, ke chan sa a va fè temwayaj devan yo (paske li p ap bliye pa desandan pa yo); paske Mwen konnen entansyon ke yo ap fòme depi jodi a, avan Mwen mennen yo antre nan peyi ke Mwen te fè sèman pou ba yo a.”

Dezyèm enstriksyon yo bay Josué

Dezyèm enstriksyon yo bay Josué, ak lwa a yo remèt bay Levit yo.

Detewonòm 31:23–29

23 Epi li te bay Josué, fis a Nun nan, komisyon li, e te di: “Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va mennen fis Israël yo antre nan peyi ke mwen te sèmante a yo menm nan, epi mwen va avèk ou.” 24 Li te vin rive ke lè Moïse te fin ekri pawòl a lwa sa yo nan yon liv soti nan kòmansman jiska lafen, 25 ke Moïse te kòmande Levit ki te pote lach akò SENYÈ yo. Li te di: 26 “Pran liv lalwa a e mete li akote lach akò SENYÈ a, Bondye nou an, pou li kapab rete la kòm yon temwen kont nou. 27 Paske mwen konnen rebelyon nou ak kou rèd nou. Gade byen, pandan mwen toujou vivan avèk nou jodi a, nou te fè rebelyon kont SENYÈ a. Konbyen anplis, konsa, apre mwen fin mouri? 28 Rasanble pou mwen tout ansyen a tribi nou yo ak ofisye nou yo, pou mwen kapab pale pawòl sila yo pou yo tande e rele sou syèl la avèk tè a pou temwaye kont yo. 29 Paske mwen konnen apre lanmò mwen, nou va fè zak konwonpi e vire kite chemen an ke m te kòmande nou an. Epi konsa, malè va swiv nou nan dènye jou yo, paske nou va fè sa ki mal nan zye SENYÈ a, e pwovoke Li a lakòlè avèk zèv men nou.”