Dènye apèl Moïse bay pèp la
1451 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Sila yo se pawòl akò a ke SENYÈ a te kòmande Moïse pou fè avèk fis Israël yo nan peyi Moab la, anplis akò Li te fè avèk yo nan Horeb la. 2 Moïse te konvoke tout Israël e te di yo:
“Nou te wè tout sa ke SENYÈ a te fè a Farawon nan peyi Égypte la e a tout sèvitè li yo avèk tout peyi li a; 3 gwo eprèv ke zye nou te wè yo, gwo sign sa yo avèk mèvèy yo. 4 Men jis rive jodi a, SENYÈ a pa t bannou yon kè pou konnen, ni zye pou nou wè, ni zòrèy pou nou tande. 5 Mwen te mennen nou pandan karantan nan dezè a. Rad nou yo pa t epwize sou nou, ni sandal nou yo pa t epwize nan pye nou. 6 Nou pa t manje pen, ni nou pa t bwè bwason ki fò pou nou ta konnen ke Mwen menm, se Senyè a, Bondye nou an. 7 Lè nou te rive kote sa a, Sihon, wa Hesbon an avèk Og, wa Basan an, yo te sòti pou rankontre nou pou batay, men nou te bat yo. 8 Nou te pran peyi pa yo a pou bay li kòm eritaj a Ribenit yo, a Gadit yo e a mwatye tribi a Manasit yo. 9 Pou sa, kenbe pawòl akò sa yo pou fè yo, pou nou kapab reyisi nan tout sa ke nou eseye fè. 10 Nou vin kanpe la a jodi a, nou tout, devan SENYÈ, Bondye nou an: chèf nou yo, tribi nou yo, ansyen nou yo ak ofisye nou yo, tout mesye Israël yo, 11 timoun nou yo, madanm nou yo ak etranje ki demere nan kan nou yo, soti nan sila ki koupe bwa dife nou, jis rive nan sila ki rale dlo nou yo, 12 pou nou kapab antre an akò avèk SENYÈ a, Bondye nou an, pou sèman ke SENYÈ Bondye nou an, ap fè avèk ou jodi a, 13 pou Li kapab etabli nou jodi a kòm pèp Li, e pou Li kapab devni Bondye nou, jis jan ke Li te pale nou an ak jan Li te sèmante a zansèt nou yo, a Abraham, Isaac, e a Jacob la. 14 Alò, se pa avèk nou sèlman ke Mwen ap fè akò sila a avèk sèman sila a, 15 men avèk sila ki kanpe isit yo avèk nou jodi a nan prezans a SENYÈ a, Bondye nou an, e avèk sila ki pa la avèk nou jodi a 16 (paske nou konnen kijan nou te viv nan peyi Égypte la ak kijan nou te pase nan mitan nasyon kote nou te pase yo; 17 anplis, nou te wè abominasyon pa yo ak zidòl pa yo an bwa, wòch, ajan ak lò, ki te avèk yo); 18 pou pa t ap genyen pami nou jodi a ni gason, ni fanm, ni fanmi, ni tribi, ki gen kè ki vire kite SENYÈ a, Bondye nou an, pou ale sèvi lòt dye a nasyon sa yo; pou pa vin gen pami nou yon rasin ki pote fwi pwazon anmè konsa. 19 Pou l ta rive ke lè li tande pawòl a madichon sila a, li vin ògeye, e di: ‘Mwen va gen lapè menmlè mwen mache avèk kè di, pou m detwi tè wouze ansanm ak tè sèk.’ 20 SENYÈ a p ap janm dakò pou padone li, men pito, lakòlè SENYÈ ak jalouzi Li va brile kont nonm sa a. Konsa, tout madichon ki ekri nan liv sa a, va vin rete sou li, e SENYÈ a va efase non li anba syèl la. 21 Epi SENYÈ a va mete li apa pou mechanste l soti nan tout tribi Israël yo, selon tout madichon a akò ki ekri nan liv lalwa sila a.
22 “Alò, jenerasyon k ap vini an—fis nou ki leve apre nou yo, avèk etranje a ki sòti nan yon peyi lwen—lè yo wè toumant a peyi ak maladi avèk sila SENYÈ a te aflije li yo, yo va di: 23 Tout tèritwa li se souf avèk sèl, yon kote devaste kap brile nèt. Li pa simen menm, ni pwodwi anyen, li san zèb grandi ladann, tankou boulvèsman Sodome nan avèk Gomorrhe a. Li tankou Adma avèk Tseboïm ke SENYÈ a te boulvèse nan chalè Li avèk kòlè Li. 24 Tout nasyon yo va di: ‘Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi sila a? Poukisa gwo kòlè sila a?’
25 “Epi yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone akò SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a te fè avèk yo, lè Li te mennen yo sòti nan peyi Égypte la.’ 26 Yo te sèvi lòt dye yo e yo te adore yo, dye ke yo pa t konnen e ke Li pa t janm te ba yo. 27 Pou sa, kòlè SENYÈ a te brile kont peyi a, pou mennen sou li tout madichon ki ekri nan liv sa a. 28 SENYÈ a te dechouke yo nan peyi pa yo a nan kòlè Li. Avèk gwo mekontantman, Li te rache yo soti nan peyi yo pou jete yo nan yon lòt peyi, jan li ye kounye a.”
29 Bagay sekrè yo apatyen a SENYÈ a, Bondye nou an. Men bagay ki revele yo se pou nou menm avèk fis nou yo jis pou tout tan, pou nou kapab obsève tout pawòl lalwa sila yo.
30:1 “Konsa li va ye lè tout bagay sa yo fin vini sou nou, benediksyon an avèk madichon an ke mwen te mete devan nou pou nou sonje yo nan tout nasyon kote SENYÈ a va egzile nou yo, 2 epi ou retounen kote SENYÈ Bondye ou a, pou obeyi vwa Li ak tout kè e tout nanm ou, selon tout sa ke M kòmande ou jodi a, ou menm anplis ak fis ou yo. 3 Konsa SENYÈ a, Bondye nou an, va restore nou apre kaptivite sila a e Li va vin gen konpasyon sou nou. Li va ranmase nou ankò sòti nan tout pèp kote SENYÈ a, Bondye nou an, te gaye nou yo. 4 Si moun egzil sa yo nan lòt pwent tè a, soti la, SENYÈ a, Bondye nou an, va ranmase nou. Epi soti la, Li va mennen nou tounen. 5 SENYÈ a, Bondye nou an, va mennen nou antre nan peyi ke zansèt nou yo te posede a. Nou va posede li, epi Li va fè nou pwospere e vin miltipliye plis ke zansèt nou yo. 6 Anplis, SENYÈ a, Bondye nou an, va sikonsi kè nou ak kè desandan nou yo, pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou, pou nou kapab viv. 7 SENYÈ a, Bondye nou an, va aflije lènmi nou yo avèk tout madichon sa yo ansanm ak sila ki rayi nou yo, ki te pèsekite nou yo. 8 Konsa, nou va ankò obeyi SENYÈ a e obsève tout kòmandman li yo ke Mwen te kòmande nou jodi a. 9 Epi SENYÈ a, Bondye nou an, va fè nou vin pwospere anpil nan travay men nou, nan fwi zantray nou yo, nan pòtre a bèt nou yo ak nan pwodwi ki sòti nan tè yo; paske SENYÈ a va ankò rejwi de nou pou bonte nou, jis jan ke Li te rejwi de zansèt nou yo, 10 si nou obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, pou kenbe kòmandman Li yo ak lwa Li yo ki ekri nan liv lalwa sila a, si nou vire vè SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè ak nanm nou.
11 “Paske kòmandman sila ke mwen bannou jodi a pa twò difisil pou nou, ni li pa twò wo pou nou pa rive kote l. 12 Li pa nan syèl la, pou nou ta di: ‘Kilès ki va monte nan syèl la pou pran li pou nou e fè nou tande li, pou nou kapab swiv li?’ 13 Ni li pa lòtbò lanmè a, pou nou ta di: ‘Kilès k ap travèse lanmè a, pou pran li pou nou e fè nou tande li, pou nou kapab swiv li.’ 14 Men pawòl la toupre nou, nan bouch nou ak nan kè nou, pou nou kapab swiv li. 15 Nou wè, jodi a Mwen te mete devan nou lavi avèk abondans, oswa lanmò avèk tout sa ki pa bon. 16 Nan tout sa mwen kòmande nou jodi a pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li yo, epi pou kenbe kòmandman Li yo avèk lwa Li yo ak jijman Li yo, pou nou kapab viv e miltipliye, e pou SENYÈ a, Bondye nou an, kapab beni nou nan peyi kote nou ap antre pou posede a. 17 Men si kè nou detounen e nou refize obeyi, men nou mennen akote pou adore lòt dye yo e sèvi yo, 18 Mwen deklare a nou jodi a ke nou va vrèman peri. Nou p ap pwolonje jou nou yo nan peyi kote nou ap travèse Jourdain an pou antre posede a. 19 Mwen rele syèl la avèk tè a pou fè temwayaj kont nou jodi a, ke mwen te mete devan nou lavi avèk lanmò, benediksyon avèk malediksyon. Pou sa, chwazi lavi pou nou kapab viv, nou menm avèk desandan nou yo, 20 nan renmen SENYÈ a, Bondye nou an ak nan obeyisans a vwa Li ak nan kenbe fèm a Li. Paske sa se lavi nou ak pwolongasyon a jou nou yo, pou nou kapab viv nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo; a Abraham, Isaac e a Jacob, pou bay yo a.”
13 Sa yo se kòmandman ak règleman ke SENYÈ a te kòmande a fis Israël yo pa Moïse nan plèn Moab yo akote Jourdain an, anfas Jéricho.