Levanjil yo

Pati 1: Sous Levanjil yo

Luc esplike metòd rechèch li

Nan dedikas li a, Luc esplike metòd rechèch li.

Bib Sen An (BSA)

Luc 1:1–4

1:1 Akoz gen anpil moun ki deja antreprann pou rasanble yon listwa de bagay ki te fèt pami nou yo, 2 jis jan ke yo te lonje bay a nou menm pa men a sila yo, ki depi nan kòmansman an te wè avèk pwòp zye yo, e kon sèvitè a pawòl la, te fè nou konnen yo. 3 Sa te sanble bon pou mwen tou, akoz ke m te fè yon ankèt konplè depi nan kòmansman an, pou m ekri sa pou nou ta byen konprann jan li te rive a, chè ekselans Théophile. 4 Konsa, ou ta kapab konnen verite egzakt la, selon bagay ke ou te enstwi yo.