Pati 2: Egzistans Kris anvan li te vin moun ak enkarnasyon li

Jean prezante Kris kòm Pawòl la

Nan entwodiksyon li a, Jean prezante Kris kòm Pawòl la (Logos).

Bib Sen An (BSA)

Jean 1:1–18

1:1 Nan kòmansman, te gen Pawòl la, e Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la te Bondye. 2 Li te nan kòmansman avèk Bondye. 3 Tout bagay ki te fèt te fèt pa Li, epi san Li, anyen ki te fèt pa t vin fèt. 4 Nan Li se te lavi, epi lavi se te limyè a lòm. 5 Limyè fè klè nan tenèb la, epi tenèb la pa t ka venk li.

6 Te vin parèt yon nonm ke Bondye te voye ke yo te rele Jean. 7 Li te vini kon yon temwen, pou li ta kapab fè temwen a limyè a, pou tout moun ta kapab kwè akoz li menm. 8 Se pa li ki te Limyè a, men li te vini pou li ta kapab fè temwen a Limyè a.

9 Te gen vrè Limyè a ke, lè l vini nan mond lan, klere tout moun. 10 Li te nan lemond, e lemond te fèt pa Li, men lemond pa t rekonèt Li. 11 Li te vini a moun pa Li yo, e moun pa L yo pa t resevwa Li. 12 Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li, 13 ki pa t fèt ni pa san, ni pa volonte lachè a, ni pa volonte a lòm, men pa Bondye.

14 E pawòl la te vin lachè, e te viv pami nou. Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.

15 Jean te fè temwen a Li. Li te rele fò e te di: “Sa se Li menm de moun mwen te pale nou lè m te di: ‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’” 16 Paske nan plenitid Li, nou tout te resevwa gras sou gras. 17 Paske Lalwa te bay pa Moïse, men nou te resevwa gras ak verite pa Jésus Kris. 18 Pèsòn pa janm wè Bondye. Men Fis inik la, ki nan sen Papa L, te fè nou konnen L.