Job deklare li inosan

2130 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Job 16–17

1 Epi Job te reponn:

2 Mwen tande anpil bagay parèy a sila yo;

move konsolatè nou tout ye.

3 Èske pa gen limit sou pawòl kap pouse van an?

Oswa se kilès k ap toumante ou ki fè ou reponn?

4 Mwen osi ta kab pale tankou ou, si mwen te nan plas ou.

Mwen ta kab konpoze pawòl yo kont ou

e souke tèt mwen sou ou.

5 Mwen ta kab ranfòse ou ak bouch mwen,

e senpati a lèv mwen ta kab redwi doulè ou.

6 Mem si mwen pale sa pa redwi doulè m;

si mwen ralanti nan pale, se kisa ki kite mwen?

7 Men koulye a, Li fin fatige m nèt;

Ou, Bondye, te gate tout zanmi m yo.

8 Ou te fè m vin sèch nèt. Sa devni yon temwen kont mwen.

Epi jan mwen vin mèg, leve kont mwen.

Li fè temwayaj devan figi mwen.

9 Kòlè Li fin chire mwen e chase m jis atè,

Li te modi blese m ak dan L.

Advèsè mwen an chase mwen ak menas Li.

10 Yo te gade m, bouch yo louvri.

Yo te souflete m sou machwè m ak mepriz;

yo te oganize yo menm kont mwen.

11 Bondye te plase mwen nan men enkwayan yo,

e te jete mwen nan men a mechan yo.

12 Mwen te alèz, men Li te brize mwen,

Li te sezi mwen nan kou

e te souke mwen jiskaske m fè mòso;

anplis li te fè m objè tiraj.

13 Flèch Li yo antoure mwen. San pitye Li fann ren mwen ouvri nèt.

Li vide fyèl mwen atè.

14 Li kase antre brèch pa brèch;

Li kouri sou mwen kon yon jeyan.

15 Mwen te koud twal sak sou kò m

epi pouse kòn mwen antre nan pousyè.

16 Figi mwen vin wouj akoz kri mwen yo

e pòpyè zye m vin fonse nwa,

17 Malgre nanpwen vyolans nan men m,

e priyè mwen yo san tach.

18 O latè a, pa kouvri san kò mwen.

Pa bay plas pou kriye m yo pran repo.

19 Menm koulye a, gade byen,

temwen m se nan syèl la.

Avoka m ki pale pou mwen la, an anwo.

20 Se zanmi mwen yo k ap moke m.

Zye m kriye a Bondye.

21 O ke yon nonm ta kab plede avèk Bondye,

kon yon moun plede ak vwazen li!

22 Paske lè kèk ane fin pase, m ap prale

nan chemen ki pap retounen an.

17:1 “Lespri m fin kase.

Jou m yo etenn;

tonbo a pare pou mwen.

2 Anverite mokè yo avè m,

e zye m fikse sou pwovokasyon yo.

3 “Depoze la koulye a, yon sekirite.

Kanpe kon garanti mwen, ak Ou menm.

Se kilès ki kab antann avè m?

4 Paske Ou te anpeche kè yo konprann;

pou sa, ou p ap egzalte yo.

5 Sila ki enfòme kont zanmi li yo pou piyaj la,

menm zye pitit li yo va vin gate.

6 “Men Li te fè m vin tounen yon vye pwovèb pou pèp la.

Konsa, yo vin krache sou figi m.

7 Anplis, zye m vin pa wè klè akoz doulè m,

e tout nanm mwen tankou lonbraj.

8 Moun ladwati va byen twouble ak sa,

e linosan an va leve li menm kont enkwayan yo.

9 Malgre, moun dwat la va kenbe chemen li

e sila ki gen men pwòp yo va vin pi fò e pi fò.

10 Men nou tout, retounen;

malgre mwen pa twouve yon nonm saj pami nou.

11 Jou pa m yo fin pase, plan mwen yo vin chire nèt,

menm dezi a kè mwen yo.

12 Yo fè lannwit mwen vin sanble lajounen.

Yo di ‘limyè a toupre’ lè tout se fènwa.

13 Si mwen chache Sejou mò yo kon lakay mwen,

si mwen fè kabann mwen nan tenèb la;

14 Si mwen kriye a fòs tonbo a:

‘Se ou ki papa m’; epi a vè a:

“Ou se manman m ak sè m’;

15 Alò, koulye a, se kibò espwa mwen ye?

Epi se kilès k ap okipe espwa m?

16 Èske espwa m va desann avèk mwen

nan Sejou Lanmò yo?

Èske se ansanm n ap desann nan pousyè a?”