Bildad reponn Job

2130 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Job 18

1 Epi Bildad, Shuach la te reponn:

2 “Pou jiskilè ou va chase pawòl?

Montre bon sans ou pou nou kab pale.

3 Poukisa nou gade tankou bèt,

tankou sòt nan zye ou?

4 O ou menm ki chire pwòp kò ou menm nan kòlè ou,

èske se pou lakoz ou menm ke tè a ta abandone,

oswa wòch la deplase nan plas li?

5 “Anverite, limyè a mechan an va etenn,

e flanm dife li pap bay limyè.

6 Limyè nan tant li an vin fènwa,

e lanp li etenn sou li.

7 Gran pa dyanm li yo vin kout,

e pwòp manèv li a vin desann li.

8 Paske li tonbe nan pèlen an akoz pwòp pye li

e li mache sou filè a.

9 Yon pèlen pran l pa talon,

e yon filè vin fèmen sou li.

10 Yon pyèj kache pou li nan tè a,

e yon zatrap sou chemen li.

11 Patou laperèz fè l sezi e kouri dèyè l

nan chak pa ke li fè.

12 Fòs li vin epwize e gwo dega parèt akote li.

13 Kò li devore pa maladi;

premye ne lanmò a devore manm kò li yo.

14 Li fin chire soti nan sekirite tant li an

e yo pran l pou l parèt devan wa laperèz la.

15 Anyen pa rete nan tant li ki pou li;

souf gaye toupatou sou abitasyon li.

16 Rasin li vin sèch anba li,

e branch li fin koupe pa anwo.

17  Memwa li fin disparèt sou tè a

men li pa gen non nan okenn lòt peyi.

18 Li bourade pouse lwen limyè a pou rive nan tenèb,

e chase jis deyò mond kote moun rete a.

19 Li pa gen ni desandan ni posterite pami pèp li a,

ni okenn moun ki rete kote li te demere.

20 Sila nan lwès yo vin revòlte de desten li

e sila nan lès yo vin sezi ak laperèz.

21 Anverite, se konsa abitasyon a mechan yo ye a.

Sa se plas a sila ki pa konnen Bondye a.”

Job plenyen pou jan zanmi l yo trete l san pitye

Job 19

1 Epi Job te reponn:

2 Pou konbyen de tan, nou va toumante m,

e kraze mwen avèk pawòl yo?

3 Dis fwa sa yo nou te ensilte m;

nou pa menm wont fè m tò.

4 Menm si m fè erè, erè sa repoze anndan m.

5 Si anverite nou vin ògeye kont mwen,

e fè m wè prèv a gwo wont mwen,

6 alò, konnen byen ke Bondye te fè m tò,

e te fèmen pèlen Li an antoure mwen.

7 “Gade byen, mwen kriye: ‘Vyolans!’ Men nanpwen repons.

Mwen rele sekou! Men nanpwen jistis.

8 Li te bare chemen mwen pou m pa kab pase,

e Li te mete fènwa sou pa m yo.

9 Li te retire lonè sou mwen e

te retire kouwòn nan sou tèt mwen.

10 Li kraze desann mwen tout kote e mwen fin disparèt;

Li te dechouke espwa m kon yon pyebwa.

11 Anplis, Li te limen lakòlè Li kont mwen

e te konsidere m kon lènmi Li.

12 Lame Li a vin rasanble pou

bati chemen pa yo kont mwen.

Yo fè kan kap antoure tant mwen an.

13 “Li te retire frè m yo byen lwen mwen

e sila mwen te konnen yo vin separe de mwen nèt.

14 Fanmi mwen yo vin fè fayit

e pi pwòch zanmi m yo te bliye m.

15 Sila ki rete lakay mwen yo ak sèvant mwen yo

konsidere m kon yon etranje.

Mwen se yon etranje menm nan zye yo.

16 Mwen rele sèvitè mwen an, men li pa reponn;

mwen oblije sipliye l ak bouch mwen.

17 Menm souf mwen fè bay ofans a madanm mwen,

e mwen vin abominab a pwòp frè m.

18 Timoun yo meprize mwen.

Mwen leve e yo pale kont mwen.

19 Tout asosye m yo etone ak krent devan m.

Sila ke m byen renmen yo te vire kont mwen.

20 Zo m yo kole sou po m ak chè m;

se sèl pa po dan m ke m chape lanmò.

21 “Gen pitye pou mwen, gen pitye,

O nou menm ki zanmi mwen yo,

paske men Bondye vin frape mwen.

22 Poukisa n ap pèsekite mwen menm tankou Bondye

e pa satisfè ak chè mwen.

23 O ke pawòl mwen yo te ekri!

O ke yo te enskri nan yon liv!

24 Ke avèk pwent plim ak plon,

yo te grave sou wòch la jis pou tout tan!

25 Men pou mwen, mwen konnen ke Redanmtè mwen an vivan.

Epi apre tout sa a, li va vin kanpe sou latè.

26 Menm lè po m fin detwi,

malgre chè m fin sòti,

mwen va wè Bondye nan chè a;

27 ke mwen, mwen menm va wè,

ke zye m va wè, e se pa kon yon etranje.

“Kè m vin fèb anndan m.

28 Si nou di: ‘Men kijan nou va pèsekite li!’

pwiske rasin ka sa a se nan mwen,’

29 fè lakrent nepe a pou kont nou,

paske lakòlè Bondye mennen pinisyon nepe a.

Fòk nou kab konnen, gen jijman.”