Ésaïe pwofetize sou envazyon Asiryen yo (continued)
Pwofesi Ésaïe sou envazyon lame Asiryen an nan Palestin.
715 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Yon boujon va vòltije soti nan chouk Jessé a
e yon branch ki sòti nan rasin li, va bay anpil fwi.
2 Lespri SENYÈ a va poze sou Li,
lespri a sajès ak bon konprann,
lespri a konsèy ak pwisans lan,
lespri a konesans ak lakrent SENYÈ a.
3 Li va pran plezi nan lakrent SENYÈ a.
Li p ap jije selon sa ke zye l wè,
ni fè yon desizyon pa sa ke zòrèy li tande;
4 men ak ladwati, Li va jije malere yo,
e pran desizyon ak jistis pou aflije sou latè yo.
Li va frape tè a ak baton bouch Li,
e avèk souf lèv Li yo, Li va detwi mechan yo.
5 Anplis, ladwati va sentiwon an ki antoure ren Li
e fidelite va sentiwon ki pase nan senti Li a.
6 Lou a va demere ak jèn mouton an,
leyopa va kouche ak jèn kabrit la,
jèn bèf la ak jèn lyon an ansanm ak bèf gra a;
epi yon tigason va mennen yo.
7 Anplis, vach la ak lous la va manje zèb nan patiraj la;
pitit pa yo va kouche ansanm e lyon an va manje zèb tankou bèf la.
8 Pitit k ap tete, va jwe bò twou koulèv anpwazone a,
e pitit sevre a va mete men l sou kav vipè a.
9 Yo p ap donmaje ni detwi nan tout mòn sen Mwen an,
paske latè va ranpli ak konesans SENYÈ a,
tankou dlo kouvri lanmè a.
10 Nan jou sa a, nasyon yo va retounen vè rasin a Jessé a, ki va kanpe tankou yon sinyal pou pèp la. Epi plas repo Li a va ranpli ak laglwa.
11 Li va vin rive nan jou sa a ke SENYÈ a va ranmase yon dezyèm fwa ak men Li, retay a pèp Li a ki rete soti Assyrie Égypte, Pathros, Cush, Élam Schinear, ak Hamath ak devan lil lanmè yo. 12 Li va leve yon drapo pou nasyon yo, rasanble egzile Israël yo, e Li va rasanble dispèse Juda ki soti nan kat kwen latè yo. 13 Jalouzi Éphraïm nan va fini, e sila ki twouble Juda va koupe retire nèt. Éphraïm p ap jalou a Juda e Juda p ap twouble Éphraïm. 14 Yo va desann sou pant Filisten yo vè lwès. Ansanm yo va piyaje fis a lès yo. Yo va posede Edom ak Moab e fis a Ammon yo va vin soumèt a yo menm. 15 Konsa, SENYÈ a va detwi lang lanmè Égypte la nèt. Li va pase men L sou rivyè a ak van cho a, e Li va frape divize l an sèt flèv pou fè moun kapab travèse li pye sèk. 16 Va gen yon gran chemen k ap sòti depi Assyrie pou retay a pèp Li, menm jan ki te genyen pou Israël nan jou ke yo te monte kite peyi Egypte la.
12:1 Nou va di nan jou sa a: “Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ; paske malgre ou te fache avèk mwen, kòlè Ou vin detounen, e Ou fè m twouve rekonfò. 2 Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an.” 3 Akoz sa, plen ak jwa, nou va rale dlo nan sous sali yo. 4 Konsa, nan jou sa a, nou va di: “Bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li! Fè konnen zèv Li yo pami pèp latè yo! Fè yo sonje ke non Li egzalte! 5 Louwe SENYÈ a ak chanson yo, paske Li te fè gwo bagay! Kite sa konnen sou tout latè! 6 Fè kri anlè e rele ak jwa, O nou menm ki rete Sion, paske gran nan mitan nou se Sila Ki Sen an Israël la!”
13:1 Pwofesi konsènan Babylon ke Ésaïe, fis a Amots la, te wè a.
2 Leve yon drapo sou mòn toutouni an! Leve vwa nou vè yo! Fè sign ak men pou yo ka antre nan pòt a prens yo! 3 Mwen te pase lòd anvè konsakre Mwen yo; menm gran gèrye Mwen yo. Mwen te rele sila ki rejwi nan pwisans Mwen yo, pou egzekite kòlè Mwen. 4 Yon bri a gwo zen sou mòn yo, tankou bri anpil moun! Yon son a gwo bri nan wayòm yo; son a nasyon yo ki vin rasanble ansanm! SENYÈ dèzame yo ap rasanble lame a pou batay. 5 Yo sòti nan yon peyi byen lwen, soti nan ekstremite pi lwen yo, SENYÈ a avèk zouti a gwo kòlè Li yo, pou detwi tout peyi a.
6 Rele anmwey, paske jou SENYÈ a toupre! Li va rive tankou yon destriksyon k ap sòti nan Toupwisan an. 7 Akoz sa, tout men yo va tonbe san fòs e kè a tout moun va fann. 8 Y ap vin pè anpil; doulè ak gwo lapèn va sezi yo nèt. Yo va vire tòde tankou fanm k ap akouche; youn va gade lòt ak sezisman. Figi yo k ap fè flanm dife. 9 Gade byen, jou SENYÈ a ap vini, byen sovaj ak gwo kòlè tèrib; kòlè k ap brile pou fè peyi a dezole! Li va ekstèmine pechè ki sou li yo. 10 Konsa, zetwal syèl yo ak fòmasyon yo p ap bay limyè yo. Solèy la va nwa lè l leve e lalin nan p ap bay limyè li. 11 Konsa Mwen va pini mond lan pou mechanste li ak mechan yo pou inikite yo. Mwen va mete fen ak awogans moun ògeye e desann awogans a sila ki san pitye a. 12 Mwen va fè lòm mòtèl la vin pi ra pase lò san tach, e limanite ke lò Ophir. 13 Pou sa, Mwen va fè syèl yo tranble e latè va fin souke jiskaske li kite plas li nan kòlè a SENYÈ dèzame yo nan jou kòlè Li k ap anflame a. 14 Konsa li va rive ke menm tankou yon antilop k ap chase, oswa mouton san moun pou rasanble yo, yo chak va vire vè pwòp pèp yo, e yo chak va sove ale rive nan pwòp peyi yo. 15 Nenpòt moun yo rankontre, yo va frennen touye nèt, e nenpòt moun ke yo kaptire, va mouri pa nepe. 16 Timoun piti pa yo, anplis, va kraze an mòso devan zye yo. Lakay yo va piyaje e madanm yo va vyole.
17 Gade byen, Mwen va fè Mèdes leve kont yo; kont sila ki p ap bay ajan valè yo, ni pran plezi nan lò yo. 18 Banza yo va koupe jennonm yo tankou zèb; yo p ap menm gen konpasyon pou fwi zantray la, ni zye yo p ap fè pitye pou timoun. 19 Konsa, Babylone bèlte a wayòm yo, glwa ak ògèy a Kaldeyen yo, va tankou lè ke Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe a. 20 Li p ap janm abite ankò, ni pèsòn p ap viv ladann soti nan yon jenerasyon a yon lòt. Arab la p ap monte tant li la, ni bèje yo p ap fè twoupo yo kouche la. 21 Men se bèt sovaj dezè ki va kouche la, e lakay yo va plen jakal. Anplis, otrich va viv la e kabrit mawon k ap vòltije la. 22 Chat mawon va plenyen nan fò ki wo yo, e jakal yo nan bèl palè yo. Move lè pa li a va rive ase vit e jou li yo p ap pwolonje.