Ésaïe anonse destriksyon Tyr
715 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Pwofesi konsènan Tyr a.
Rele anmwey, O bato a Tarsis yo! Paske Tyr detwi e li vin rete san kay, ni pò. Rapò a rive kote yo soti nan peyi Chypre. 2 Rete san pale, O moun ki rete nan peyi kot yo; komèsan a Sidon yo k ap travèse lanmè a fin ranplase ou. 3 Sou anpil dlo sereyal a Nil la, rekòlt a Rivyè a te mwayen lavi li. Se li ki te mache pou nasyon yo. 4 Rete wont, O Sidon; paske lanmè a pale, sitadèl lanmè a, di: “Mwen pa t gen doulè, ni fè pitit; mwen pa t leve jennonm, ni leve vyèj.” 5 Lè rapò a rive an Égypte, y ap twouble anpil akoz rapò Tyr a. 6 Janbe rive Tarsis! Rele anmwey, O moun peyi kot yo! 7 Èske sa se gwo vil kè kontan nou an, ki te bati soti antikite yo, pye a sila ki te konn pote li jis byen lwen nan vwayaj yo?
8 Kilès ki te fè plan sila a kont Tyr, ki te konn bay tout kouwòn yo, komèsan a sila ki te prens yo, machann a sila ki te gen onè sou tout latè yo? 9 SENYÈ dèzame yo te planifye sa, pou souye ògèy a tout bèlte sa a e imilye tout gran sou latè yo. 10 Debòde peyi ou a tankou Rivyè Nil, O fi a Tarsis; nanpwen anyen ki pou anpeche ou ankò. 11 Li fin lonje men l sou lanmè a, Li te fè wayòm yo tranble. SENYÈ a te pase lòd konsènan Canaan pou detwi tout fò ranfòse yo. 12 Li fin di: “Ou p ap leve tèt ou wo ankò, O vyèj kraze Sidon an! Leve, travèse Chypre; menm la, ou p ap jwenn repo.”
13 Gade byen, peyi a Kaldeyen yo—sa se pèp ki pa t egziste. Assyrie te dezigne l pou moun dezè—yo te fè leve fò syèj yo, byen wo. Yo te kraze palè li yo, yo te fè l vin yon pil mazi kraze. 14 Rele anmwey, O bato a Tarsis yo, paske sitadèl ranfòse nou yo vin detwi! 15 Alò, nan jou sa a, Tyr va vin bliye pandan swasann-dizan, tankou jou a yon sèl wa. Nan fen swasann-dizan yo, sa va vin rive Tyr tankou nan chanson a fanm pwostitiye a. 16 Pran ap ou, mache nan vil la, O fanm pwostitiye ki fin bliye. Rale kòd li yo ak ladrès; chante anpil chan pou yo ka sonje ou. 17 Li va vin rive nan fen swasann-dizan yo, ke SENYÈ a va vizite Tyr. Apre, li va retounen jwenn salè pwostitiye li yo e li va fè pwostitiye ak tout wayòm sou tout fas latè yo. 18 Sa li reyalize ak salè pwostitiye a, li va mete li apa pou SENYÈ a. Li p ap mete li nan depo, ni sere l nan depo, men sa li reyalize a va devni manje ase ak vètman byen chwazi pou sila ki demere nan prezans SENYÈ yo.
Ésaïe pwofetize sou envazyon Asiryen yo
Pwofesi Ésaïe sou envazyon lame Asiryen an nan Palestin.
5 Malè a Assyrie, baton kòlè Mwen an, e zouti pou kòlè Mwen an. 6 Mwen voye li kont yon nasyon ki san Bondye e Mwen bay li komisyon kont pèp k ap resevwa kòlè Mwen an, pou kaptire piyaj yo, sezi byen yo, e pou foule yo anba tankou labou nan lari. 7 Men se pa sa ki entansyon li; ni plan an pa konsa nan kè l. Men pito bi li se pou detwi e koupe retire nèt pami anpil nasyon. 8 Paske li di: “Èske tout prens mwen yo pa wa yo? 9 Èske Calno pa tankou Carkemisch, oswa Hamath pa tankou Arpad? Ni Samarie pa tankou Damas? 10 Menm jan men m te rive kote wayòm a zidòl yo, ki te gen imaj taye pi gran pase sila Jérusalem ak Samarie yo, 11 eske mwen p ap fè a Jérusalem ak imaj pa li yo menm jan ke m te fè a Samarie ak zidòl pa li yo?” 12 Se konsa li va rive ke lè Senyè a fin akonpli tout travay Li yo sou Mòn Sion ak sou Jérusalem, Mwen va pini fwi a kè ògèy wa Assyrie a ak gwosè awogans li. 13 Paske li te di: “Ak pouvwa men m ak sajès mwen, mwen te fè sa a, paske mwen gen konprann. Mwen te retire bòn a tout pèp la, mwen te piyaje tout byen yo, e tankou yon nonm pwisan, mwen te ranvèse chèf yo. 14 Epi men m te lonje desann jis li rive nan richès a pèp la kon yon nich, e tankou yon moun ta ranmase ze ki abandone, se konsa mwen te ranmase tout latè. Konsa, pa t gen youn nan yo ki te bat zèl li, oswa te ouvri bèk li, ni ki te kriye.” 15 Èske rach la fèt pou vin ògeye sou sila ki koupe avè l la? Èske si a konn egzalte tèt li sou sila ki manevre l la? Sa ta sanble ak yon baton ki voye sila ki leve l la, oswa tankou yon baton ki leve sa ki pa fèt ak bwa a. 16 Pou sa, Senyè a, BONDYE dèzame yo, va voye yon maladi deperi moun nèt pami gèrye vanyan li yo; epi anba ògèy li, va rasanble yon dife tankou yon flanm k ap brile. 17 Limyè Israël la va devni yon dife; Sila ki Sen an, yon flanm. Li va brile yo e devore pikan li yo ak raje li yo nan yon sèl jou. 18 Epi Li va detwi glwa a forè ak jaden plen ak fwi li yo, ni nanm, ni kò; epi sa va tankou lè yon nonm malad vin deperi nèt e deseche nèt. 19 Epi rès bwa ki rete nan forè li yo, va vin tèlman piti an kantite, ke yon timoun ta ka konte yo. 20 Alò nan jou sa a, retay Israël la ak sila lakay Jacob ki te chape yo p ap janm depann de sila ki te frape yo, men va anverite depann de SENYÈ a, Sila ki sen an Israël la. 21 Yon retay va retounen, retay a Jacob la, retounen kote Bondye pwisan an. 22 Paske malgre pèp ou a, O Israël, kapab tankou sab lanmè, sèlman yon retay ladann va retounen. Yon destriksyon, debòde ak ladwati, fèt pou rive. 23 Paske yon destriksyon konplè nan tout latè a dekrete deja, e SENYÈ dèzame yo va egzekite li. 24 Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE dèzame yo: “O pèp Mwen an, ki rete Sion an, pa pè Assyrie ki frape nou ak baton an e ki leve baton l kont nou kon Ejipsyen yo te konn fè a. 25 Paske nan yon tan byen kout, kòlè Mwen kont nou va fin pase, e kòlè Mwen va dirije vè destriksyon pa yo.” 26 SENYÈ dèzame yo va leve yon gwo fwèt kont li tankou masak a Madian nan wòch Oreb la. Baton Li va lonje sou lanmè a e Li va leve li wo jan Li te konn fè an Égypte la. 27 Konsa li va rive nan jou sa a, ke chaj Li va leve soti sou do nou, jouk Li sou kou nou, e jouk la va kraze akoz lwil onksyone a. 28 Li te vini kont Ajjath, li te pase nan Migron; nan Micmasch, li te depoze bagaj li. 29 Yo te pase nan lakoup lan epi te di: “Nan Guéba, nou va fè plas pou nou rete.” Rama nan laperèz nèt e Guibea a Saul la sove ale nèt. 30 Kriye fò ak vwa ou, fi a Gallim nan! Fè atansyon, Laïs ak malere Anathoth! 31 Madména fin sove ale. Abitan Guébim yo fin chache sekou. 32 Men jodi a, li va rete Nob. Li souke ponyèt li vè mòn fi a Sion an, kolin a Jérusalem nan. 33 Gade byen, SENYÈ a, BONDYE dèzame yo va koupe tout branch yo ak yon gran bri. Sa osi ki gen gran tay va koupe nèt e sila a gran wotè yo va vin bese nèt. 34 Li va koupe nèt gwo rakbwa forè a ak yon rach ki fèt an fè, e Liban va tonbe akoz Toupwisan an.