Hiram felisite David
Hiram felisite David. Filisten yo anvayi peyi a.
1047 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
11 Alò, Hiram, wa a Tyr la, te voye mesaje yo kote David avèk bwa sèd avèk chapant ak mason k ap kraze wòch; epi yo te bati yon kay pou David. 12 Konsa, David te vin wè ke SENYÈ a te etabli li kòm wa sou Israël, ke Li te egzalte wayòm li an pou koz pèp Li a, Israël.
13 Antretan, David te pran plis ti mennaj avèk madanm soti Jérusalem lè l fin kite Hébron; epi plis fis avèk fi te fèt pou David. 14 Alò, sila yo se non a sila ki te fèt pou li Jérusalem yo: Schammua, Schobab, Nathan, Salomon, 15 Jibhar, Élishua, Népheg, Japhia, 16 Élischama, Éliada, Éliphéleth.
17 Lè Filisten yo te tande ke yo te onksyone David wa sou Israël, tout Filisten yo te monte pou chache jwenn David. Lè David te tande sa, li te desann nan fò a. 18 Alò, Filisten yo te vin gaye yo nan vale Rephaïm nan. 19 Konsa, David te mande konsèy a SENYÈ a. Li te mande: “Èske mwen dwe monte kont Filisten yo? Èske Ou va livre yo nan men mwen?”
SENYÈ a te reponn a David: “Monte, paske vrèman, Mwen va livre Filisten yo nan men ou.”
20 Konsa, David te vini Baal-Peratism e te bat yo la. Li te di: “SENYÈ a te antre sou lènmi mwen yo devan m tankou yon dlo k ap kase.” Pou sa, li te rele plas sa a Baal-Peratsim. 21 Yo te abandone zidòl yo la. Pou sa, David avèk mesye li yo te pote yo ale.
22 Alò, Filisten yo te monte yon fwa ankò. Yo te gaye yo nan vale Rephaïm nan. 23 Lè David te mande konsèy a SENYÈ a, Li te di: “Ou pa pou monte. Ansèkle jis pa dèyè yo e vini sou yo pa devan pye sikomò yo. 24 Li va rive, ke lè ou tande son mache a sou tèt bwa yo; alò, ou va aji vit, paske se nan lè sa a ke SENYÈ a ap gen tan sòti devan ou pou frape lame Filisten an.”
25 Alò, David te fè konsa, jis jan ke SENYÈ a te kòmande li a, e li te bat Filisten yo soti Guéba, pou jis rive Guézer.
17 Rekonesans a David te sòti rive nan tout peyi yo, epi SENYÈ a te mennen lakrent li sou tout nasyon yo.
1 Alò Hiram, wa Tyr la, te voye mesaje yo kote David avèk bwa sèd yo, mason ak chapant pou bati yon kay pou li. 2 Epi David te vin rekonèt ke SENYÈ a te etabli li kon wa sou Israël, epi ke wayòm li an te egzalte byen wo pou koz pèp li a, Israël.
3 David te pran plis madanm Jérusalem, e David te vin papa a plis fis ak fi. 4 Sila yo se non a pitit ki ne a li menm Jérusalem yo: Schammau, Schobab, Nathan, Salomon, 5 Jibhar, Élischua, Elphéleth, 6 Noga, Népheg, Japhia, 7 Élischama, Beéliada ak Éliphéleth.
8 Lè Filisten yo te tande ke David te onksyone wa sou tout Israël, tout Filisten yo te monte pou rankontre David. Lè David te tande sa li te sòti kont yo. 9 Alò, Filisten yo te vini e te fè yon atak nan vale Rephaïm nan. 10 David te mande Bondye, epi te di: “Èske mwen dwe monte kont Filisten yo? Èske Ou va livre yo nan men m?”
SENYÈ a te di li: “Monte, paske Mwen va livre yo nan men ou.”
11 Konsa, yo te rive monte Baal-Peratsim, e David te bat yo la. David te di: “Bondye te kraze lènmi mwen yo pa men mwen kon dlo k ap pete.” Pou sa, yo te rele plas sa a Baal-Peratsim. 12 Yo te abandone dye pa yo la. David te bay lòd pou yo te brile yo avèk dife.
13 Filisten yo te fè yon lòt atak nan vale a. 14 David te mande a Bondye ankò e Bondye te di li: “Ou pa pou monte kont yo. Ansèkle yo pa dèyè e vini sou yo devan pye balzam yo. 15 Li va vin rive ke lè ou tande son mache a nan tèt pye balzam yo, alò, ou va sòti nan batay la; paske Bondye va gen tan sòti devan ou pou frape lame Filisten yo.”
16 David te fè menm sa ke Bondye te kòmande li. Yo te frape desann lame Filisten yo soti Gabaon jis rive menm nan Guézer.