Yo fè David wa sou tout Israël
1048 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, tout tribi Israël yo te vin kote David Hébron e te di: “Gade byen, nou se pwòp zo ou ak chè ou. 2 Avan, lè Saül te wa sou nou, se te ou menm sèl ki te mennen Israël antre, sòti. Epi SENYÈ a te di ou: ‘Ou va bèje pèp Mwen an, Israël e ou va yon chèf sou Israël.’” 3 Konsa, tout ansyen Israël yo te vin kote wa a Hébron e Wa David te fè yon akò avèk yo devan SENYÈ a Hébron. Epi yo te onksyone David wa sou Israël.
1 Alò, David te fè konsèy ansanm avèk kapitèn a dè milye a dè santèn, menm avèk chak chèf. 2 David te di a tout asanble Israël la: “Si li sanble bon a nou menm e si li soti nan SENYÈ a, Bondye nou an, annou voye toupatou mesaje a fanmi pa nou ki rete nan peyi Israël yo e osi, a prèt avèk Levit ki avèk yo nan vil pa yo, avèk tèren pa yo, pou yo kapab reyini ansanm avèk nou. 3 Konsa, annou pote tounen lach Bondye pa nou an, paske nan jou Saül yo, nou pa t chache li.”
4 Alò, tout asanble a te di ke yo ta fè l, paske bagay la te bon nan zye a tout pèp la.
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
1 O SENYÈ, Ou te sonde mwen e te konnen mwen.
2 Ou konnen lè m chita ak lè m leve.
Ou konprann panse mwen yo de lwen.
3 Ou konn egzamine chemen mwen fè avèk
kouche mwen, e rekonèt bagay pi entim nan chemen mwen yo.
4 Menm avan mwen gen yon pawòl sou bouch mwen,
Men gade, O SENYÈ, Ou konnen tout li menm.
5 Ou fin antoure mwen ni devan, ni dèyè e
Ou te poze men Ou sou mwen.
6 Konesans konsa twò mèvèye pou mwen.
Li twò wo.
Mwen pa kab rive kote l.
7 Kibò mwen kab ale kite lespri Ou?
Oswa kibò mwen kab sove ale pou m ta kite prezans Ou?
8 Si mwen monte nan syèl la, Ou la.
Si m fè kabann mwen nan sejou mò yo, men vwala, Ou la.
9 Si mwen pran zèl nan maten,
si m ta rete nan pati lanmè pi lwen an,
10 menm la, se men Ou k ap mennen mwen,
e se men dwat Ou k ap kenbe m.
11 Si mwen di: “Anverite, tenèb la va kouvri mwen,
e limyè ki antoure mwen an va vin fènwa,”
12 menm tenèb la pa tenèb pou Ou,
e fènwa a klere menm jan ak lajounen.
Tenèb ak limyè se menm pou Ou menm.
13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.
Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.
14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,
paske mwen fèt yon fason mèvèye.
Zèv Ou yo depase bon konprann
e nanm mwen byen konnen sa.
15 Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,
e tise kon mèvèy etonan nan fon tè a.
16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.
Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te
òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.
17 Anplis, SENYÈ, a la presye se panse Ou yo pou mwen!
A la gran, yo gran anpil!
18 Si m te konte yo, yo t ap an kantite depase sab.
Lè m leve nan dòmi, mwen toujou avèk Ou.
19 O ke Ou ta touye mechan yo, O Bondye.
Soti sou mwen, O moun ki vèse san.
20 Paske yo pale kont Ou ak mechanste,
e lènmi Ou yo pran non Ou an ven.
21 Èske m pa rayi sila ki rayi Ou yo, O SENYÈ?
Epi èske mwen pa t blese menm de sila ki leve kont Ou yo?
22 Mwen rayi yo ak yon rayisman ale nèt.
Yo devni lènmi m.
23 Sonde mwen, O Bondye e konnen kè mwen.
Mete mwen a leprèv e konnen panse mwen yo.
24 Konsa, wè si gen okenn move chemen nan mwen e
mennen mwen nan chemen etènèl la.
23 Alò sila yo se nonb nan divizyon ki te prepare pou fè lagè a, nonb ki te vin kote David Hébron pou vire wayòm Saul la vè li menm, selon pawòl a SENYÈ a. 24 Fis a Juda ki te pote boukliye avèk lans yo te si-mil-ui-san, byen prepare pou fè lagè. 25 Nan fis a Siméon yo, mesye plen ak kouraj pou fè lagè yo, sèt-mil-san. 26 Nan fis a Lévi yo, kat-mil-sis-san. 27 Alò, Jehojada, prens lakay Aaron an e avèk li, te gen twa-mil-sèt-san, 28 anplis, Tsadok, gèrye plen ak kouraj la e lakay papa l te gen venn-de kapitèn. 29 Nan fis Benjamin yo, fanmi a Saül la, twa-mil, paske jis moman sa a, pifò nan yo te rete fidèl a lakay Saul. 30 Nan fis Éphraïm yo, ven-mil-ui-san mesye pwisan avèk anpil kouraj, byen koni lakay zansèt pa yo. 31 Nan mwatye tribi Manassé a, diz-ui-mil ki te enskri pa non pou vin fè David wa. 32 Nan fis a Issacar yo, mesye ki te konprann tan yo, avèk konesans a sa ke Israël ta dwe fè, chèf pa yo te de-san; epi tout fanmi yo te sou kòmann pa yo. 33 Nan Zabulon, te gen senkant-mil moun ki te parèt nan lame a ki te konn ranje kò yo nan fòmasyon batay avèk tout kalite zam lagè pou te ede David avèk kè ki pa t divize menm. 34 Nan Nephthali, te gen mil kapitèn e trant-sèt-mil ladann te gen boukliye avèk lans. 35 Nan Danit ki ta kab ranje nan fòmasyon batay yo, te gen venn-tui-mil-sis-san. 36 Nan Aser, te gen karant-mil ki te sòti nan lame a pou ranje yo nan fòmasyon batay la. 37 Soti lòtbò Jourdain an, pa Ribenit ak Gadit yo, avèk mwatye tribi Manassé a, te gen san-ven-mil avèk tout zam lagè pou batay la.
38 Tout sila yo, mesye lagè ki te konn ranje nan fòmasyon batay yo, te vini Hébron avèk yon sèl kè sensè pou fè David wa. 39 Yo te la pandan twa jou. Yo t ap manje ak bwè, paske fanmi pa yo te gen tan prepare pou yo. 40 Anplis, sila ki te toupre yo, menm rive lwen tankou Issacar, Zabulon ak Nephthali, yo te pote manje sou bourik yo, chamo yo, milèt yo, avèk bèf yo, gran kantite a gato farin, gato fig etranje, anpil rezen, diven, lwil, bèf avèk mouton. Vrèman, te gen lajwa an Israël.
8 Sila yo se non a mesye vanyan ki te pou David yo: Joscheb-Basschébeth, Tachkemonit lan, youn nan ofisye prensipal yo. Avèk lans li ui-san òm te mouri yon sèl kou yo. 9 Apre li menm, se Éléazar, fis a Dodo a, Achochit la. Li te youn nan twa gèrye ki te, ansanm ak David yo, ki te konfwonte Filisten ki te rasanble pou batay yo, lè lòt mesye Israël yo te fè bak yo. 10 Li te leve frape Filisten yo jiskaske men li te fatige e te kole a nepe a. Konsa, SENYÈ a te fè parèt yon gran viktwa nan jou sa a. Pèp la te swiv li sèlman pou piyaje mò yo. 11 Alò, apre li se te Schamma, fis Agué a, yon Ararit. Filisten yo te rasanble nan yon ekip kote yon mòso tè te plen avèk pwa lantiy e pèp la te kouri devan Filisten yo. 12 Men li te kanpe pran pozisyon li nan mitan chan an pou defann tè a. Li te frape Filisten yo; epi SENYÈ a te fè vini yon gran viktwa.
20 Epi Abischaï, frè a Joab la te chèf a trant yo ke li te ye e li te voye lans li kont twa san moun e te touye yo. Li te rekonèt menm jan kon trant yo. 21 Nan trant yo se te li ki te pi rekonèt e te devni kòmandan pa yo; men li pa t rive nan nivo a twa sila yo.
22 Benaja, fis a Jehojada a, fis a yon mesye gwo kouraj nan Kabtseel, pwisan nan zèv li yo, te frape touye de fis a Ariël yo, Moabit la. Anplis, li te desann touye yon lyon anndan yon fòs nan yon jou ke lanèj t ap tonbe. 23 Li te touye yon Ejipsyen, yon nonm gran wotè a senk koude. Alò, nan men Ejipsyen an, te gen yon lans tankou shaf a aparèy tise a; men li te desann kote li avèk yon baton, te sezi lans lan soti nan men Ejipsyen an e te touye li avèk pwòp lans pa li a. 24 Bagay sa yo Benaja, fis a Jehojada a te fè e te byen koni menm jan ak twa mesye pwisan yo. 25 Gade byen, li te byen onore pami trant yo, men li pa t rive nan nivo a twa sila yo. Konsa, David te apwente l sou gad pa li.
26 Alò, mesye pwisan lame yo te Asaël, frè Joab, Elchanan, fis a Dodo nan Bethléem, 27 Schammoth, Aworit la, Hélets, Palonit la, 28 Ira, fis a Ikkesch la, Tekoatyen an, Abiézer, Anatotit la. 29 Sibbecaï, Oushatit la, Ilaï, Achoachit la, 30 Maharaï, Netofayit la, Héled, fis a Baana a, Netofayit la, 31 Ithaï, fis a Ribaï a, Gibityen ki sòti nan fis a Benjamin yo, Benaja ak Pirathon. 32 Huraï a ti dlo a Gaash yo, Abie ak Araba. 33 Azmaveth, Bacharumit la, Éliachba, Shaalbonit lan, 34 Bené-Hasdchem, Gizonit lan, Jonathan, fis a Schagué a, Ararit la. 35 Achiam, fis a Sacar a, Ararit la, Éliphal, fis a Ur a, 36 Hépher, a Mekeratit la, Achija, Palonit lan, 37 Hetsro, Kamelit la, Naaraï, fis a Ebzaï a. 38 Joël, frè a Nathan an, Mibchar, fis a Hagri a, 39 Tsélek, Amonit lan, Nachraï, Bewotit ki te pote zam pou Joab yo, fis a Tseruja a. 40 Ira, Jeterit la, Gareb, Jeterit la, 41 Urie, Etyen an, Zabad, fis a Achlaï a. 42 Adina, fis a Schiza a, Ribenit lan, chèf a Ribenit yo ak trant ki te avè l yo. 43 Hanan, fis a Maaca a, Josaphat, Mitnit lan, 44 Ozias, Ashtawotit la, Schama avèk Jehiel, fis a Hotham yo, Awoerit la, 45 Jediaël, fis a Schimri a, Jocha, frè li, Titsit la, 46 Éliel, Machavimit lan, Jeribaï avèk Joschavia, fis a Elnaam yo, Jithma, Moabit la, 47 Éliel, Obed ak Jaasiel-Metsobaja.
4 David te gen laj a trantan lè l te devni wa. Li te renye pandan karantan. 5 Nan Hébron, li te renye sou Juda pandan sèt ane, si mwa e nan Jérusalem, li te renye pandan trann-twazan sou tout Israël avèk Juda.
6 Alò, wa a avèk moun pa li yo te ale Jérusalem kont Jebizyen yo, moun ki te rete nan peyi a. Men yo te di a David: “Ou p ap antre isit la, men menm avèg yo avèk bwate yo va fè ou vire ale”. Paske yo te panse ke: “David p ap kab antre la.” 7 Sepandan, David te kaptire fòterès Sion an, sa vle di, “vil David la”. 8 David te di nan jou sa a: “Nenpòt moun ki va frape Jebizyen yo, kite li rive kote bwate yo avèk avèg yo, ki rayi pa nanm David, pa kanal dlo a.” Akoz sa, yo konn di: “Avèg ak bwate p ap antre nan kay la.”
9 Konsa, David te rete nan fò a e li te rele li “Vil David la”. Epi David te bati toutotou soti nan sitadèl Milo a jis rive anndan. 10 David te devni gran e pi gran, paske SENYÈ a, Bondye dèzame yo te avèk li.
1 Epi tout Israël te reyini kote David nan Hébron. Yo te di: “Gade byen, nou se zo ou ak chè ou. 2 Nan tan pase yo, menm lè Saül te wa, se te ou menm ki te mennen Israël sòti ak antre. Epi konsa, SENYÈ a, Bondye ou a, te di ou: ‘Ou va bèje pèp Israël Mwen an, e ou va Prens sou pèp Mwen an, Israël.’”
3 Pou sa, tout ansyen nan Israël yo te vin kote wa a Hébron e David te fè yon akò avèk yo Hébron devan SENYÈ a. Epi yo te onksyone David Wa sou Israël, selon pawòl SENYÈ a te pwononse pa Samuel la.
4 Konsa, David, avèk tout Israël te ale Jérusalem (sa vle di, Jébus). Jebizyen ki te abite nan peyi yo te la. 5 Pèp Jébus la te di a David: “Ou p ap antre isit la.” Malgre sa, David te kaptire fò a Sion an (sa vle di, vil David la). 6 Alò, David te pale avan: “Nenpòt moun ki touye yon Jebizyen avan, se li k ap chèf e kòmandan.” Se te Joab, fis a Tseruja a ki te monte avan; konsa li te devni chèf. 7 Answit, David te rete nan fò a; pou sa, li te vin rele lavil David la. 8 Li te bati vil toutotou li, soti nan Millo menm pou rive nan tout zòn ki te antoure li yo; epi Joab te repare tout rès vil la. 9 David te vin pi gran e pi gran, paske SENYÈ a dèzame yo te avèk li.
10 Alò, sila yo se chèf an tèt yo, mesye gran pwisans ke David te genyen yo, ki te bay li soutyen fò nan wayòm li a, pou fè l vin wa, selon pawòl a SENYÈ a pa Israël.
11 Sila yo se chif a mesye gran pwisans ke David te genyen yo: Jaschobeam, fis a yon Akmoni, chèf a trant lan. Li te parèt ak yon sèl lans devan twa-san òm e te touye tout yon sèl kou. 12 Apre li, se te Éléazar, fis a Dodo a, Achochit la, youn nan twa prensipal mesye pwisan yo. 13 Li te avèk David nan Pas-Damimim lè Filisten yo te rasanble ansanm la pou batay e te gen yon mòso tè plen avèk lòj; epi pèp la te sove ale devan Filisten yo. 14 Yo te kanpe pran plas yo nan mitan mòso tè a pou te defann li e li te touye Filisten yo; epi SENYÈ a te delivre yo avèk yon gran viktwa.
18 Abischaï, frè a Joab la, fis a Tseruja a, te chèf a trant yo. Li te voye lans li kont twa san moun, li te touye yo, e li te gen yon non ki vin rekonèt menm jan ak twa yo. 19 Li te pi onore pami trant yo. Konsa, li te devni chèf yo. Malgre sa, li pa t rive nan nivo a twa yo. 20 Alò, Benaja, fis a Jehojada a, fis a yon mesye vanyan nan Kabtséel, ki te fè zak byen fò, li te touye de fis a Ariel yo nan Moab. Anplis, li te desann e te touye yon lyon nan mitan a yon fòs yon jou pandan lanèj t ap tonbe. 21 Li te touye yon Ejipsyen, yon mesye mèvèy. Alò, Ejipsyen an te gen yon lans nan men li, men li te desann kote li avèk yon gwo baton e li te sezi lans lan soti nan men Ejipsyen an e te touye li avèk pwòp lans li an. 22 Bagay sa yo, Benaja, fis a Jehojada a te fè e non l te gen repitasyon menm jan ak twa mesye vanyan yo. 23 Li te onore pami trant yo, men li pa t rive nan nivo a twa yo. Epi David te plase li kòm chèf sou gad li. 24 Asaël, frè a Joab la te pami trant yo; Elchanan, fis a Dodo a Bethléhem, 25 Schamma, Awodit la, Élika, Awodit la, 26 Hélets, Peletyen an, Ira, fis a Ikkesch la, Tekoyit la, 27 Abiézer, Anatotyen an, Mebunnaï, Oushatyen an, 28 Tsalmon, Achoachit la, Marahaï, Netofayit la. 29 Héleb, fis a Baana a, Netofayit la, Ittaï, fis a Rabaï a nan Guibea, fis a Benjamin yo, 30 Benaja, a Pirathon, Hiddaï a Nachalé-Gaasch. 31 Abi-Albon, Abatyen an, Azmaveth, Bakoumit lan, 32 Eliachba, Shaalbonit lan, Bené-Jaschen avèk Jonathan, 33 Schamma a Harar, Achaim, fis a Scharar a, Araryen an, 34 Éliphéleth, fis a Achasbaï a, fis a Maakatyen an, Éliam, fis a Achitophel la nan Guillo Éliphéleth, fis a Achasbaï a nan Guillo. 35 Hetsraï a Carmel. Paaraï, Arab la. 36 Jijueal, fis a Nathan an nan Tsoba, Bani a Gad, 37 Tsélek, Amonit lan, Naharaï nan Beéroth la, pòtè zam a Joab yo, fis a Tseruja a. 38 Ira a Jéther. 39 Urie, Etyen an: an total, trann-sèt òm.