David jis lè li kouri kite lakou wa Saül
1063 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
5 Konsa, David te ale nan nenpòt kote Saül te voye li a, e te byen reyisi. Epi Saül te mete li chèf sou tout mesye lagè yo. Li te fè kè kontan nan zye a tout pèp la, e anplis, nan zye a sèvitè Saül yo.
6 Li te vin rive ke pandan yo t ap vini, lè David te retounen soti touye Filisten an, ke fanm yo te sòti nan tout vil an Israël yo. Yo t ap chante ak danse pou rankontre Wa Saül, avèk tanbouren, kè kontan ak enstriman mizik. 7 Fanm yo te chante pandan yo t ap jwe. Yo t ap di:
“Saül te touye dè milye pa li menm
e David dè di-milye pa li menm.”
8 Alò, Saül te vin byen fache, paske pawòl sa a te fè l pa kontan. Li te di: “Yo te bay David dè di-milye; men a mwen menm, yo te bay dè milye. Alò kisa anplis li kapab genyen, sof ke wayòm nan?” 9 Depi nan jou sa a, Saül te veye David de prè.
14 Alò, Lespri SENYÈ a te vin kite Saül e yon move lespri ki sòti nan SENYÈ a te teworize li. 15 Sèvitè a Saül yo te di li: “Gade byen, koulye a, yon move lespri ki sòti nan Bondye ap teworize ou. 16 Kite mèt nou an kòmande sèvitè li yo pou chache yon nonm ki fò nan jwe ap. Konsa li va rive lè move lespri ki sòti nan Bondye a vini sou ou, ke li va jwe ap la avèk men l e ou va vin geri.”
17 Pou sa, Saül te di a sèvitè li yo: “Founi pou mwen koulye a yon nonm ki kapab jwe ap e mennen li ban mwen.”
18 Alò, youn nan jennonm sa yo te di: “Gade byen, mwen konn wè yon fis a Jesse, Betleyemit lan, ki se yon mizisyen byen fò, yon mesye pwisan avèk anpil kouraj, yon gèrye, yon moun ki saj nan pawòl, yon bo gason; epi SENYÈ a avè l.”
19 Konsa, Saül te voye mesaje yo vè Jesse e te di: “Voye pou mwen David, fis ou a, ki avèk bann mouton an.”
20 Jesse te pran yon bourik chaje avèk pen ak yon boutèy diven avèk yon jenn kabrit e li te voye yo kote Saül avèk David, fis li a. 21 Epi David te vin kote Saül e li te okipe li. Saül te renmen li anpil, e David te devni pòtè a zam pou li. 22 Saül te voye a Jesse, e te di: “Kite David kanpe koulye a devan mwen, paske li gen tan twouve favè nan zye m.” 23 Epi li te rive ke nenpòt lè move lespri ki sòti nan Bondye a te vin kote Saül, David te pran ap la, e li te jwe avèk men li. Konsa, Saül te renouvle, li te vin sen e move lespri a te vin kite li.
10 Nan jou aprè a, yon move lespri ki sòti nan Bondye te vini sou Saül avèk pwisans. Li te fè pwofesi nan mitan kay la. David, kòm abitid li jou an jou, t ap jwe ap la avèk men li. Saul te gen yon lans nan men l. 11 Li te voye lans lan, paske li t ap di: “Mwen va kloure David sou mi an.” David te chape nan prezans li menm de fwa. 12 Alò Saül te pè David, paske SENYÈ a te avèk li; men Li te fin kite Saül. 13 Pou sa Saül te retire David devan prezans li. Li te apwente li kòm kòmandan a yon mil lòm. Konsa li te sòti e antre devan pèp la.
14 David t ap reyisi nan tout chemen li yo, paske SENYÈ a te avèk li. 15 Lè Saül te wè ke li te byen reyisi konsa, li te vin gen gwo perèz li. 16 Men tout Israël avèk Juda te renmen li nèt e li te sòti e antre devan yo. 17 Alò, Saül te di a David: “Men pi gran fi mwen an, Mérab. Mwen va ba ou li kòm madanm. Sèlman, rete vanyan pou mwen e mennen batay pou SENYÈ a.” Paske Saül t ap di a tèt li: “Mwen p ap kapab leve men kont li, men kite men Filisten yo vin kont li.”
18 Men David te di a Saül: “Kilès mwen ye e kisa lavi mwen ye, oswa fanmi a papa m an Israël ye, pou mwen ta devni bofis a wa a?”
19 Konsa, li te vin rive ke nan moman a Mérab, fi a Saül la te dwe bay a David la, li te vin bay a Adriel, Meolayit la, kòm madanm.
20 Alò, Mical, pitit a Saül la, te renmen David. Lè yo te pale sa a Saül, bagay la te agreyab a li menm. 21 Saül te di a li menm: “Mwen va ba li fi a pou li kab devni yon pyèj pou li e pou men Filisten yo kapab vin kont li.” Pou sa, Saül te pale David, “Pou yon dezyèm fwa, ou gen dwa devni bofis mwen jodi a.”
22 Alò, Saül te kòmande sèvitè li yo: “Pale avèk David an sekrè e di: ‘Gade byen, wa a trè kontan avèk ou e tout sèvitè li yo renmen ou anpil. Alò, pou sa a, vin bofis a wa a.’”
23 Konsa, sèvitè a Saül yo te pale pawòl sa yo a David. Men David te di: “Èske sa se yon ti bagay pou vin bofis a wa a, akoz mwen menm se yon nonm pòv e san pwa?”
24 Sèvitè a Saül yo te bay rapò a a li menm selon pawòl ke David te pale yo.
25 Alò, Saül te di: “Konsa ou va pale David: ‘Wa a pa bezwen okenn kòb kòm dwa maryaj, sof ke yon santèn prepis yo ki sòti nan Filisten yo, pou egzekite vanjans sou lènmi a wa yo.’” Alò, Saül te fè plan pou fè David tonbe pa men a Filisten yo. 26 Lè sèvitè li yo te pale David pawòl sa yo, sa te fè David kontan pou vini bofis a wa a. Avan jou yo te fini, 27 David ak mesye pa li yo te ale. Yo te frape fè desann de-san lòm pami Filisten yo. Alò, David te mennen prepis pa yo, e te bay yo a wa a, pou li ta kapab vin bofis a wa a. Konsa Saül te ba li Mical kòm madanm li. 28 Lè Saül te wè e te konnen ke SENYÈ a te avèk David, e ke Mical, fi a Saül la, te renmen li, 29 li te pè David menm plis. Konsa Saül te lènmi a David ale nèt.
30 Epi kòmandan Filisten yo te sòti pou fè batay. Konsa, li vin rive chak fwa yo sòti, ke David te aji avèk plis sajès ke tout sèvitè a Saül yo. Akoz sa, non li te vin respekte anpil.