David jis lè li kouri kite lakou wa Saül (continued)

1063 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

I Samuel 19:1–3

1 Alò, Saül te pale Jonathan, fis li a ak tout sèvitè li yo pou mete David a lanmò. Men Jonathan fis a Saül la te fè kè kontan anpil akoz David. 2 Pou sa, Jonathan te pale David. Li te di: “Papa m vle mete ou a lanmò. Pou sa, souple, veye anpil nan maten an. Ale nan kote kache a, e rete la. 3 Mwen va sòti e kanpe akote papa m nan chan kote ou ye a. Mwen va pale avèk papa m selon ou menm. Epi si mwen vin konprann yon bagay, alò, mwen va di ou.”

Sòm Yo 11

Pou direktè koral la; yon sòm David

1 Se nan SENYÈ a ke m kache.

Kijan ou kapab di a nanm mwen:

“Sove ale kon yon zwazo nan mòn ou;

2 Paske, gade byen, mechan yo koube banza,

Yo fè flèch yo parèt sou kòd la,

pou tire nan fènwa sou sila ak kè ki dwat yo.

3 Si fondasyon yo vin detwi,

se kisa moun dwat yo kab fè?”

4 SENYÈ a nan sen tanp Li an.

SENYÈ a sou twon Li nan syèl la.

Zye Li veye.

Pòpyè zye Li sonde fis a lòm yo.

5 SENYÈ a sonde sila ki jis yo avèk sila ki mechan yo;

men sila ki renmen vyolans, Li rayi nan kè L.

6 Sou mechan yo, Li va voye chabon cho tankou lapli;

dife avèk souf avèk chabon brile va mele nan bwason yo.

7 Paske Bondye dwat.

Li renmen ladwati.

Sila ki kanpe dwat yo va wè figi Li.

I Samuel 19:4–17

4 Konsa, Jonathan te pale ak Saül, papa li, kèk bon pawòl sou David. Li te di li: “Pa kite wa a peche kont sèvitè li, David. Paske li menm pa t peche kont ou; akoz zèv pa li yo, li te ede ou anpil. 5 Paske li te pran vi li nan men l. Li te frape Filisten an, e SENYÈ a te fè rive yon gran delivrans pou tout Israël. Ou te wè e ou te rejwi. Konsa, poukisa ou ta peche kont san inosan an nan mete David a lanmò san koz?”

6 Saül te koute vwa a Jonathan, e Saül te fè ve: “Jan SENYÈ a viv la, li p ap mete a lanmò.”

7 Alò, Jonathan te rele David e li te di li tout pawòl sila yo. Epi Jonathan te mennen David vè Saül, e li te vin nan prezans li kòm oparavan.

8 Lè te gen lagè ankò, David te sòti pou te goumen avèk Filisten yo, e te bat yo avèk yon gwo masak, jiskaske yo te sove ale devan li.

9 Alò, te genyen yon move lespri ki sòti nan SENYÈ a sou Saül pandan li te chita lakay li avèk yon frenn nan men li, pandan David t ap jwe ap la avèk men li. 10 Saül te tante frennen David pou kloure li nan mi an avèk frenn nan, men li te chape kite prezans a Saül. Konsa, frenn nan te kloure nan mi an. David te sove ale e te pran flit menm nwit lan. 11 Saül te voye mesaje yo lakay David pou yo ta veye li, avèk entansyon pou mete l a lanmò nan maten an. Men Mical, madanm a David la te avèti li. Li te di: “Si ou pa sove lavi ou aswè a, demen ou va mete a lanmò.” 12 Konsa, Mical te fè David lagedesann nan yon fenèt. Li te sòti deyò e te chape ale. 13 Mical te pran zidòl kay la e li te poze li sou kabann nan. Li te mete yon kouvèti fèt avèk plim kabrit kote tèt li e te kouvri li avèk rad. 14 Lè Saül te voye mesaje yo pran David, li te di: “Li malad.”

15 Alò, Saül te voye mesaje yo wè David, e li te di: “Mennen li monte kote mwen sou kabann li, pou m kab mete l a lanmò.” 16 Lè mesaje yo te antre, gade byen, zidòl kay la te sou kabann nan avèk kouvèti plim kabrit la sou tèt li.

17 Konsa, Saül te di a Mical: “Poukisa ou te twonpe m konsa e kite lènmi mwen an ale jiskaske li vin chape?”

Mical te reponn Saül: “Li te di mwen, ‘Kite mwen ale! Poukisa mwen ta bezwen mete ou a lanmò?’”

Sòm Yo 59

Pou direktè koral la; Nan melodi la “Pa Detwi”. Yon powèm David lè Saül te voye yo lakay pou touye l.

1 Delivre mwen de lènmi m yo, O Bondye mwen;

Plase mwen byen wo an sekirite

byen lwen de sila ki leve kont mwen yo.

2 Delivre m de sila ki fè inikite yo,

e sove mwen de moun ki vèse san yo.

3 Paske gade byen, yo fè anbiskad pou lavi m.

Mesye fewòs ki fè atak kont mwen yo,

pa akoz transgresyon mwen, ni peche m, O SENYÈ.

4 Se pa akoz mwen koupab ke yo vin kouri mete yo kont mwen an.

Leve Ou menm pou wè, e fè m sekou!

5 Ou menm, O SENYÈ Bondye dèzame yo, Bondye Israël la,

leve e pini tout nasyon yo.

Pa bay gras a moun mechan yo ki fè trèt nan inikite. Tan

6 Yo retounen nan aswè.

Yo rele tankou chen pandan yo antoure lavil la.

7 Gade byen, yo fè pete gwo gaz ak bouch yo.

Nepe yo nan lèv yo, paske yo di:

“Kilès ki tande”?

8 Men Ou menm, O SENYÈ, ri sou yo!

Ou menm, giyonnen tout nasyon sa yo.

9 O Fòs mwen, m ap veye tann Ou.

Bondye se sitadèl mwen.

10 Bondye mwen an ak lanmou dous Li a, va devan m.

Bondye va kite mwen triyonfè sou advèsè mwen yo.

11 Pa fin touye yo, sinon moun mwen yo ka bliye.

Gaye yo avèk pouvwa Ou, e rale fè yo desann,

O SENYÈ, boukliye nou an.

12 Akoz peche a bouch yo avèk pawòl lèv yo,

Kite yo sezi pran nan pwòp ògèy yo.

Paske se malediksyon avèk manti yo bay.

13 Detwi yo nan kòlè Ou!

Detwi yo pou yo disparèt nèt.

Pou Moun kab konnen se Bondye k ap renye sou Jacob,

jis rive sou tout latè. Tan

14 Kite yo retounen nan aswè.

Kite yo rele anlè tankou chen, pandan yo antoure vil la.

15 Y ap gaye toupatou.

Yap tann tout lanwit si yo pa satisfè.

16 Men pou mwen, mwen va chante de fòs Ou.

Wi, avèk jwa, mwen va chante sou lanmou dous Ou nan maten.

Paske Ou te toujou sitadèl mwen,

yon pwotèj nan jou gran twoub mwen an.

17 A Ou menm, gran fòs mwen, mwen va chante lwanj a Ou menm.

Paske Bondye se sitadèl mwen,

Bondye ki montre mwen lanmou dous la.