David konte pèp la
1017 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, kòlè SENYÈ a te brile ankò kont Israël e li te pwovoke David kont yo pou di: “Ale konte moun Israël avèk Juda yo.” 2 Wa a te di a Joab, chèf lame ki te avèk li a: “Ale, koulye a, atravè tout tribi Israël yo, soti nan Dan jis rive Beer-Schéba e anrejistre pèp la pou m kab konnen nonb de moun yo.”
3 Men Joab te di a wa a: “Alò, ke SENYÈ a ta kapab ajoute san fwa anplis kantite moun ke yo ye a, pandan zye a mèt mwen an, wa a, kab toujou wè. Men poukisa mèt mwen an, wa a, twouve plezi nan bagay sila a?”
4 Men pawòl a wa a te pran plas kont Joab, e kont chèf lame yo. Pou sa, Joab avèk chèf lame yo te sòti nan prezans wa a pou anrejistre pèp Israël la. 5 Yo te travèse Jourdain an pou te fè kan Aroër, sou bò dwat vil la ki nan mitan vale Gad la, ak vè Jaezer. 6 Epi yo te vini Galaad, nan peyi Thachthim-Hodschi, yo te rive Danjaan ak kote Sidon an. 7 Epi yo te rive nan fòterès Tyr la, nan tout vil a Evyen yo ak Kananeyen yo; epi yo te sòti nan sid Juda, nan Beer-Schéba. 8 Konsa, lè yo te fin pase nan tout peyi a, yo te vini Jérusalem nan fen nèf mwa e ven jou. 9 Epi Joab te bay nimewo anrejistreman pèp la bay wa a. Te gen an Israël, ui-san-mil mesye vanyan ki te kapab rale nepe e mesye nan Juda yo te senk-san-mil.
6 Men li pa t kontwole Lévi avèk Benjamin pami yo, paske kòmand wa a te twouve byen rayisab pou Joab.
7 “Bondye pa t kontan avèk bagay sa a e pou sa, li te frape Israël.
23 Men David pa t kontwole sila nan laj ventan oswa mwens yo, akoz SENYÈ a te di Li ta miltipliye Israël kon zetwal syèl yo. 24 Joab, fis a Tseruja a, te kòmanse fè gwo kontwòl la, men li pa t fini; epi akoz gwo kòlè sa a ki te vin rive sou Israël e fòs kantite a pa t ladann nan chif kontwòl a Wa David la.
10 Koulye a, kè David te vin twouble lè li te fin konte pèp la. Konsa, David te di a SENYÈ a: “Mwen te fè gwo peche nan sa mwen te fè a. Men koulye a, O SENYÈ, souple retire inikite a sèvitè Ou a, paske mwen te aji nan foli.”
11 Lè David te leve nan maten, pawòl SENYÈ a te vini a pwofèt Gad la, vwayan David la, e li te di: 12 “Ale pale avèk David: ‘Konsa SENYÈ a di: “Mwen ap ofri ou twa bagay; chwazi pou ou menm youn nan yo, pou m fè ou.”’”
13 Konsa, Gad te rive kote David e li te di li: “Èske sèt ane gwo grangou va rive ou nan peyi ou? Oswa èske ou va sove ale pandan twa mwa devan lènmi ou yo pandan y ap kouri dèyè ou? Oswa èske va gen twa jou gwo epidemi nan peyi ou? Alò konsidere e wè ki repons mwen va pote bay Sila ki te voye mwen an.”
14 Epi David te di a Gad: “Mwen nan gwo pwoblèm. Annou tonbe nan men a SENYÈ a, paske mizerikòd Li gran; men pa kite mwen tonbe nan men a lòm.”
15 Konsa, SENYÈ a te voye yon epidemi sou Israël jis rive nan maten nan lè chwazi a e swasann-di-mil moun nan pèp la soti Dan jis rive Beer-Schéba te mouri.
15 Epi Bondye te voye yon zanj Jérusalem pou detwi vil la, men lè l te prè pou detwi, SENYÈ a te wè, e te lache de gwo dega a. Li te di a zanj ki t ap detwi a: “Sa kont. Alò, lache men ou.” Zanj SENYÈ a t ap kanpe akote glasi vannen ki pou Ornan an, Jebizyen an. 16 David te leve zye li, e te wè zanj SENYÈ a ki te kanpe antre syèl la avèk tè a, avèk nepe li rale nan men l, lonje sou Jérusalem.
Konsa, David avèk ansyen yo te kouvri yo avèk twal sak e te tonbe sou figi yo.
17 Konsa, David te pale a SENYÈ a lè li te wè zanj ki t ap frape pèp la. Li te di: “Gade byen, se mwen ki te peche a, se mwen ki te fè mal la. Men mouton sila yo, kisa yo te fè? Souple, kite men Ou vin kont mwen, ak kont lakay papa m.”
17 David te di a Bondye: “Èske se pa mwen menm ki te kòmande kontwòl a tout pèp la? Anverite, se te mwen ki te peche e ki te fè anpil mal. Men mouton sila yo, se kisa yo menm te fè? O SENYÈ, Bondye mwen an, souple, kite men Ou vin kont mwen avèk lakay zansèt mwen yo, men pa kont pèp Ou a, pou yo ta vin toumante.”
18 Alò, zanj SENYÈ a te kòmande Gad pou pale David, pou David ta dwe monte pou bati yon lotèl a SENYÈ a sou glasi vannen ki te pou Ornan an, Jebizyen an. 19 Konsa, David te monte selon pawòl ke Gad te pale nan non SENYÈ a.
20 Alò, Ornan te vire fè bak, e li te wè zanj lan. Kat fis pa li yo ki te avè l yo te kache tèt yo. Alò, Ornan t ap bat ble. 21 Lè David te vin kote Ornan, Ornan te gade. Li te wè David e te sòti nan glasi vannen an pou te pwostène li menm devan David avèk figi li atè.
22 Alò, David te di a Ornan: “Ban mwen anplasman sila a avèk glasi vannen an, pou m kab bati yon lotèl a SENYÈ a. Pou valè tout pri li, ou va ban mwen li, pou touman sila a kab vin frennen pami pèp la.”
23 Ornan te di a David: “Pran li pou kont ou, epi kite mèt mwen an, wa a, fè sa ki bon nan zye l. Gade, mwen bay ou bèf yo pou ofrann brile a ak mas pilon, kon bwa ak ble kon ofrann sereyal la. M ap ba ou tout.”
24 Men Wa David te di a Ornan: “Non, men anverite, mwen va achte li pou tout pri li. Paske mwen p ap pran sa ki pou ou pou SENYÈ a, ni ofri ofrann brile ki pa t koute mwen anyen.”
25 Konsa David te bay Ornan sis-san sik an lò selon pwa li pou anplasman an. 26 Alò, David te bati yon lotèl a SENYÈ a la, e te ofri ofrann brile yo avèk ofrann lapè yo. Li te rele SENYÈ a, e Li te reponn li avèk dife soti nan syèl la sou lotèl ofrann brile a.
27 SENYÈ a te kòmande zanj lan e li te remèt nepe li nan fouwo.
28 Nan lè sa, lè David te wè ke SENYÈ a te reponn li sou glasi vannen Ornan an, Jebizyen an. Li te ofri yon sakrifis la. 29 Paske tabènak SENYÈ a, ke Moïse te fè nan dezè a ak lotèl ofrann brile a te nan wo plas Gabaon an nan lè sa a. 30 Men David pa t kab ale devan li nan Gabaon pou fè demand Bondye, paske nepe zanj SENYÈ a te bay li gwo lakrent.
Yon Sòm; yon chan nan Dedikasyon Kay La; Yon Sòm David
1 Mwen va leve Ou wo, O SENYÈ, paske Ou te leve mwen.
Ou pa t kite lènmi m yo rejwi sou mwen.
2 O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm,
e Ou te geri mwen.
3 O SENYÈ, Ou te fè nanm mwen monte kite sejou lanmò yo.
Ou te kenbe m vivan, pou m pa t desann nan gwo fòs la.
4 Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo.
Bay remèsiman a sen non Li.
5 Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman,
men Bonte Li se pou tout tan.
Kriye a kapab dire pou nwit lan,
men kri lajwa a vin parèt nan maten.
6 Alò, pou mwen, mwen te di nan bon tan mwen,
“Mwen p ap janm ebranle.”
7 O SENYÈ, pa gras Ou, Ou te fè mòn mwen an kanpe fèm.
Lè Ou te kache figi Ou, mwen te dekouraje nèt.
8 A Ou menm, SENYÈ, mwen te rele.
A SENYÈ mwen an, mwen te fè siplikasyon mwen yo:
9 “Ki benefis ki genyen nan san mwen
si mwen desann nan gwo fòs la?
Èske pousyè a kab louwe Ou?
Èske li va deklare fidelite Ou?
10 Tande, O SENYÈ e fè m gras.
O SENYÈ, ban m soutyen.”
11 Ou te chanje doulè mwen, e
sa te fè m vin danse ak lajwa;
Ou te demare rad twal sak mwen an,
e te mare senti m avèk kè kontan.
12 Konsa, pou kè m kab chante lwanj Ou, e pa rete an silans.
O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen va
bay Ou glwa pou tout tan, nèt.