David konte pèp la (continued)

1017 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

I Kwonik Yo 21:1–5

1 Alò, Satan te kanpe kont Israël e te bourade David pou kontwole moun Israël yo. 2 Pou sa, David te di a Joab, e a chèf a pèp yo: “Ale konte moun Israël yo soti Beer-Schéba jis rive Dan, e pote ban m chif yo pou m kab konnen fòs kantite yo.”

3 Joab te di: “Ke SENYÈ a kapab ogmante sou pèp li a san fwa ke sa! Men mèt mwen, wa a, èske yo tout se pa sèvitè mèt mwen an? Poukisa mèt mwen an ap chache afè sa a? Poukisa sa ta dwe koz pou Israël ta vin koupab?”

4 Malgre sa, pawòl wa a te vin genyen kont pawòl Joab yo. Konsa, Joab te sòti ale nan tout Israël pou te rive Jérusalem. 5 Joab te bay nimewo a tout moun a David yo. Epi tout Israël, mesye ki te rale nepe yo, se te yon milyon-san-mil òm e Juda te kat-san-swasann-dis òm ki te rale nepe yo.

I Kwonik Yo 21:8–14

8 David te di a Bondye: Mwen te peche anpil, pwiske mwen te fè bagay sa a. Men souple, koulye a, retire inikite a sèvitè Ou a, paske mwen te fè yon bagay byen sòt.”

9 SENYÈ a te pale ak Gad, konseye David la, epi te di l: 10 “Ale pale ak David. Di l: ‘Konsa pale SENYÈ a, “M ap ofri ou twa bagay. Chwazi pou kont ou youn nan yo, ke mwen va fè pou ou.”’”

11 Konsa, Gad te vin kote David. Li te di l: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Pran pou ou menm 12 oswa, twazan gwo grangou, oswa twa mwa ke ou va chase kraze nèt pa lènmi ou, pandan nepe pa yo ap pran ou nèt, oswa gwo epidemi nan peyi a avèk zanj SENYÈ a k ap detwi toupatou nan tout tèritwa Israël la.’ Pou sa, reflechi sou repons ke mwen va retounen bay a Sila ki te voye mwen an.”

13 David te di a Gad: “Mwen byen twouble. Souple, kite mwen tonbe nan men SENYÈ a, paske mizerikòd Li byen gran. Men pa kite mwen tonbe nan men a lòm.”

14 Konsa, SENYÈ a te voye epidemi sou Israël. Swasann-di-mil nan mesye Israël yo te tonbe.

II Samuel 24:16

16 Lè zanj lan te lonje men li vè Jérusalem pou detwi li, SENYÈ a te repanti de gwo malè a. Li te di a zanj ki te detwi pèp la: “Sa ase! Koulye a, lache men ou!” Epi zanj SENYÈ a te akote glasi a Aravna a, Jebizyen an.

II Samuel 24:18–25

18 Konsa, Gad te rive kote David nan jou sa menm, e li te di li: “Ale monte, bati yon lotèl a SENYÈ a sou glasi Aravna a, Jebizyen an.”

19 David te monte pa pawòl a Gad la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande a. 20 Aravna te gade anba e te wè wa a avèk sèvitè li yo ki t ap travèse bò kote li. Epi Aravna te parèt deyò e li te bese figi li jiska atè devan wa a. 21 Alò, Aravna te di: “Poukisa mèt mwen, wa a, te vin kote sèvitè li a?”

David te reponn: “Pou achte glasi a nan men ou, pou m kab bati yon lotèl bay SENYÈ a, pou epidemi an kab vin sispann sou pèp la.”

22 Aravna te di a David: “Kite mèt mwen an, wa a, pran sa li wè ki bon nan zye li, e ofri li. Gade, men bèf pou ofrann brile a, bwa kabwèt yo avèk jouk bèf yo pou bwa dife a. 23 Tout bagay, O wa, Aravna ap bay wa a.” Epi Aravna te di a wa a: “Ke SENYÈ a, Bondye ou a, kapab kontan avèk ou.”

24 Sepandan, wa a te di a Aravna: “Non, men mwen va, anverite, achte li pou yon pri. Paske mwen p ap ofri ofrann brile bay SENYÈ a, Bondye mwen an ki pa koute m anyen.” Konsa, David te achte glasi a avèk bèf yo pou senkant sik ajan. 25 David te bati la yon lotèl bay SENYÈ a e li te ofri ofrann brile yo avèk ofrann lapè yo. Konsa, SENYÈ a te kontan akoz lapriyè pou peyi a, e epidemi an te vin sispann an Israël.

Sis dènye mwa rèy David la 1015 anvan Christ

David prepare pou bati tanp lan

I Kwonik Yo 22

1 Konsa David te di: “Sa se lakay SENYÈ a, Bondye a, e sa se lotèl ofrann brile pou Israël la.”

2 Pou sa, David te bay lòd pou ranmase tout etranje ki te nan peyi Israël yo. Konsa, li te mete taye wòch nan travay pou koupe wòch pou bati kay Bondye a. 3 David te prepare yon gran kantite fè pou fè klou pou pòt pòtay yo ak pou kranpon yo e plis bwonz ki ta kab peze yo. 4 Epi twòn bwa sèd yo te depase kontwòl, paske Sidonyen yo avèk Tyriens yo te mennen gran kantite a twòn bwa sèd yo kote David. 5 David te di: “Fis mwen, Salomon jèn, epi manke eksperyans. Epi kay k ap bati pou SENYÈ a va tèlman ekstrawòdinè, byen koni toupatou, e k ap renome pou glwa li nan tout peyi yo. Se pou sa ke mwen va fè preparasyon pou li.” Konsa, David te fè anpil preparasyon avan l te mouri. 6 Alò, li te rele fis li a, Salomon e te òdone li pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye Israël la. 7 David te di a Salomon: “Fis mwen, mwen te gen entansyon pou bati yon kay a non SENYÈ a, Bondye mwen an. 8 Men pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: Ou gen tan vèse anpil san, e te fè gwo lagè sou latè. Ou p ap bati yon kay pou non mwen, akoz ou te vèse anpil san sou latè devan zye m. 9 Men gade byen, yon fis ki va ne a ou menm va yon moun lapè. Konsa, Mwen va bay li repo soti nan tout lènmi li yo nan tout kote. Paske non li va Salomon e mwen va bay lapè avèk kalm an Israël nan jou pa li yo. 10 Li va bati yon kay pou non Mwen. Li va fis Mwen e Mwen va papa li. Konsa, mwen va etabli twòn wayòm li sou Israël jis pou tout tan. 11 Koulye a, fis mwen an, ke SENYÈ a kapab avèk ou, pou ou kapab byen reyisi, e bati lakay SENYÈ a, Bondye pa w la, jis jan ke li te pale selon ou menm nan. 12 Sèlman ke SENYÈ a ta kapab bay ou sajès avèk konprann pou fè ou renye sou Israël, pou ou kapab kenbe lalwa a SENYÈ a, Bondye ou a. 13 Konsa, ou va byen reyisi, si ou fè atansyon pou swiv règleman avèk lòd ke SENYÈ a te kòmande Moïse selon Israël yo. Kenbe fèm e pran kouraj. Pa dekouraje, ni pa krent anyen. 14 Alò, gade byen, avèk gwo lapèn mwen te prepare pou lakay SENYÈ a, san-mil talan lò, yon-milyon talan ajan e bwonz avèk fè ki depase peze, akoz yo tèlman anpil. Anplis, gran twòn bwa avèk wòch ke m te prepare, e ou gen dwa mete sou yo toujou. 15 Anplis, gen anpil ouvriye ki avèk ou, tayè wòch, avèk mason ak chapant e tout mesye ak kapasite nan tout kalite mendèv. 16 Selon lò, ajan ak bwonz avèk fè, nanpwen limit. Leve, fè travay ou e ke SENYÈ a kapab avèk ou.”

17 Anplis, David te kòmande tout chèf Israël yo pou ede fis li a, Salomon. Li te di: 18 “Èske SENYÈ a, Bondye nou an, pa avèk nou? Konsa, èske Li pa t bannou repo sou tout kote? Paske Li te livre sila ki viv nan peyi yo nan men m, e peyi a soumèt nèt devan SENYÈ a ak devan pèp Li a. 19 Alò, bay kè nou avèk nanm nou pou chache SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, leve pou bati sanktyè SENYÈ a, Bondye a, pou nou kapab pote lach akò SENYÈ a avèk veso sakre Bondye yo antre nan kay ki va bati pou non a SENYÈ a.”