Yo etabli divès seremoni lalwa mande

1490 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Nonb 5–6

1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2 Kòmande fis Israël yo pou yo voye fè kite kan an chak moun lalèp ak tout sila ki gen ekoulman yo, oswa chak moun ki pa pwòp akoz a yon moun mouri. 3 “Nou va voye ale ni gason, ni fanm. Nou va voye yo deyò kan an pou yo pa konwonpi kan pa yo a, kote Mwen rete nan mitan yo a.” 4 Fis Israël yo te fè sa, e yo te voye yo deyò kan an; jis jan ke SENYÈ a te pale avèk Moïse la, se konsa ke fis Israël yo te fè.

5 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 6 “Pale avèk fis Israël yo: ‘Lè yon nonm, oswa yon fanm fè yon lòt mal, aji avèk mank lafwa kont SENYÈ a, e moun sa a koupab, 7 alò, li va konfese peche ke li te fè yo; li va peye pou tò ke li te fè a, li va peye yon senkyèm nan valè donmaj la anplis, e li va bay sa a sila ke li te fè tò a. 8 Men si nonm nan pa gen relasyon pou resevwa pèyman, pèyman ki fèt pou tò a, li va oblije ale bay SENYÈ a pou prèt la, ansanm avèk belye ekspiyatwa ki pou fè ekspiyasyon pou li a. 9 Tout don ki apatyen a kado sen a fis Israël yo, ke yo ofri a prèt la, va pou li. 10 Konsa kado a chak moun va pou li; nenpòt bagay ke nenpòt moun bay a prèt la, li va vin pou li.’”

11 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 12 “Pale avèk fis Israël yo e di yo: ‘Si madanm a yon nonm vin vire, e li vin enfidèl anvè li, 13 epi yon lòt gason vin antre nan li, epi si sa kache a zye mari li, sa rete an kachèt, malgre ke li te konwonpi tèt li, men pa gen temwayaj kont li ni li pa t kenbe nan zak la, 14 si yon espri jalouzi vin antre sou nonm nan, e si li jalou pou madanm li, e li te konwonpi tèt li a, oswa si yon espri jalouzi vin sou li e li jalou lè li pa t vrèman konwonpi tèt li, 15 mesye a, alò, va mennen madanm li devan prèt la. Konsa, li va mennen kòm ofrann pou li yon dizyèm efa nan lòj moulen an. Li pa pou vide lwil sou li, ni mete lansan sou li, paske li se yon ofrann sereyal de jalouzi, yon ofrann sereyal pou sonje, pou pa bliye inikite.

16 “‘Alò, prèt la va mennen li vin toupre li, e fè l kanpe devan SENYÈ a. 17 Prèt la va pran dlo sen an nan yon veso fèt an ajil. Li va pran kèk nan poud ki atè nan tabènak la, e li va mete nan dlo a. 18 Konsa, prèt la va fè fanm nan kanpe devan SENYÈ a, kite très cheve tèt a fanm nan vin desann, mete ofrann sonje a nan men li, ki se ofrann sereyal jalouzi a, pandan prèt la kenbe dlo anmè ki pote madichon an. 19 Prèt la va fè fanm nan sèmante. Li va di li: “Si nanpwen gason ki te kouche avèk ou, si ou pa t vin vire pou antre nan sa ki pa pwòp, alò akoz ou anba otorite mari ou, rete san afekte pa dlo anmè sa a ki mennen yon madichon. 20 Sepandan, si ou te vin vire, akoz ou anba otorite mari ou, si ou te konwonpi tèt ou, e yon lòt gason ki pa mari ou te kouche avèk ou,” 21 (alò, prèt la va fè fanm nan fè sèman madichon an, e prèt la va di a fanm nan): “Ke SENYÈ a fè ou modi, yon madichon pami pèp ou a lè SENYÈ a fè kwis ou vin pouri pou disparèt, e vant ou vin anfle; 22 epi dlo sa a ki pote yon madichon va antre nan vant ou, fè vant ou anfle e fè kwis ou vin pouri e disparèt.” Konsa, fanm nan va di: “Amen, Amen.” 23 Epi prèt la va ekri madichon sa yo sou yon woulo papye, e li va lave fè yo sòti nan dlo anmè a. 24 Epi li va fè fanm nan bwè dlo anmè ki pote madichon an, pou dlo ki pote madichon an kab antre nan li e li va fè l vin anmè. 25 Prèt la va pran ofrann sereyal pou jalouzi a nan men fanm nan, e li va balanse li devan SENYÈ a pou mennen li vè lotèl la. 26 Konsa, prèt la va pran yon men plen nan ofrann sereyal la kòm ofrann tout moun sonje, li va ofri li anlè nan lafimen sou lotèl la, e apre, li va fè fanm nan bwè dlo a. 27 Lè li fin fè li bwè dlo a, alò li va vin rive, ke si li te konwonpi tèt li, li pa t kenbe bòn fwa avèk mari li, ke dlo ki mennen madichon an kab antre nan li pou fè l vin anmè a, vant li va vin anfle, kwis li va vin pouri, e fanm nan va devni yon madichon pami pèp li a. 28 Men si fanm nan pa t konwonpi tèt li e li te pwòp, li va, alò, lib e li va fè pitit.

29 “‘Sa se lalwa jalouzi a: lè yon fanm, anba otorite mari li, vin vire e konwonpi tèt li, 30 oswa lè yon espri jalouzi vin sou yon mesye, e li vin jalou pou madanm li. Li va, alò, fè fanm nan kanpe devan SENYÈ a, e prèt la va aplike tout lwa sa a anvè li. 31 Anplis, mesye a va lib, san koupabilite, men fanm nan va pote koupabilite pa li a.’”

6:1 Ankò, SENYÈ a te pale avè Moïse. Li te di: 2 “Pale avèk fis Israël yo e di yo: ‘Lè yon nonm oswa yon fanm fè yon ve, ve a yon Nazareyen, pou dedye tèt li bay SENYÈ a, 3 li va refize diven avèk bwason fò. Li pa pou bwè vinèg, kit li fèt avèk diven kit bwason fò, ni li p ap bwè ji rezen, ni manje rezen, ni fre, ni sèch. 4 Tout jou apa sa yo, li pa pou manje anyen ki pwodwi pa pye rezen, soti nan grenn li yo, jis rive nan po li.

5 “‘Tout jou yo, pandan ve apa li a, okenn razwa p ap pase sou tèt li. Li va sen jiskaske jou li yo vin akonpli pou sa li te separe tèt li bay SENYÈ a. Li va kite cheve tèt li vin long.

6  “‘Tout jou a separasyon li yo, li pa pou pwoche yon mò. 7 Li pa pou fè tèt li pa pwòp ni pou papa li, ni manman li, pou frè li, oswa pou sè li, lè yo ta mouri, akoz separasyon li pou Bondye poze sou tèt li. 8 Tout jou a separasyon li yo, li va sen a SENYÈ a.

9 “‘Men si yon nonm mouri sibitman bò kote li, e li konwonpi tèt cheve ki se apa li a, alò, li va pase razwa sou tèt li nan jou ke li vin pwòp la.Li va pase razwa sou li nan setyèm jou a. 10 Konsa, nan dizyèm jou a, li va pote de toutrèl oswa de jenn pijon vè prèt la, nan pòtay tant asanble a. 11 Prèt la va ofri youn kòm yon ofrann peche a, e lòt la kòm yon ofrann brile, epi fè ekspiyasyon pou li konsènan peche li, akoz mò a. Epi nan menm jou sa a, li va konsakre tèt li, 12 epi li va dedye a SENYÈ a jou li yo kòm yon Nazareyen, e li va mennen yon mal mouton nan laj 1 nan oswa plis kòm yon ofrann koupab. Men jou tan pase yo va vin anile akoz tan separasyon li an te vin konwonpi.

13 “‘Alò, sa se lalwa a yon Nazareyen. Lè jou separasyon yo vin fini, li va mennen ofrann nan nan pòtay a tant asanble a. 14 Li va prezante ofrann li an bay SENYÈ a: yon mal mouton laj 1 nan san defo kòm yon ofrann brile, yon mouton femèl laj 1 nan san defo kòm yon ofrann peche, ak yon belye san defo kòm yon ofrann lapè, 15 epi yon panye gato san ledven fèt avèk farin fen, mele avèk lwil, ofrann sereyal, ak galèt san ledven kouvri avèk lwil, ansanm avèk ofrann pa yo, ak ofrann bwason pa yo.

16 “‘Alò, prèt la va prezante yo devan SENYÈ a. Li va ofri ofrann peche pa li a avèk ofrann brile pa li a. 17 Li va osi ofri belye a kòm yon ofrann sakrifis lapè bay SENYÈ a, ansanm avèk yon panye gato san ledven. Prèt la va osi ofri ofrann sereyal li avèk ofrann bwason li.

18  “‘Alò, apre sa, Nazareyen an va pase razwa sou tèt cheve dedye pa li nan pòtay a tant asanble a. Li va pran cheve dedye a tèt li a, e mete li sou dife ki anba ofrann sakrifis lapè yo.

19 “‘Prèt la va pran zepòl belye a lè li fin bouyi, ak yon gato san ledven sòti nan panye a, yon galèt san ledven, e li va mete yo sou men a Nazareyen an lè l fin pase razwa a sou cheve dedye li a. 20 Konsa, prèt la va balanse yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la devan SENYÈ a. Li sen pou prèt la, ansanm avèk pwatrin ki ofri pa balanse a e kwis ki ofri pa leve anlè a. Apre Nazareyen an kapab bwè diven an.

21 “‘Sa se lalwa a Nazareyen ki fè ve ofrann li bay SENYÈ a, an akò avèk separasyon li, anplis tout lòt bagay ke li gen posibilite fè, selon ve ke li te fè a. Konsa, li va fè selon lalwa separasyon li an.’”

22 SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 23 Pale avèk Aaron ak fis li yo pou di: ‘Konsa, nou va beni fis Israël yo. Nou va di yo:

24 SENYÈ a beni nou e kenbe nou;

25 SENYÈ a fè limyè figi li limen sou nou;

epi fè gras anvè nou;

26 SENYÈ a fè vizaj li vin gade nou,

e bannou lapè.’

27 Se konsa yo va rele non Mwen pou fis Israël yo, e se konsa Mwen va beni yo.