Miray Jérusalem yo rebati (continued)
445 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, lè l te rapòte a Sanballat, Tobija, Guéschem, Arab la, avèk lòt lènmi nou yo, ke mwen te rebati miray la e ke pa t gen brèch ankò ladann; malgre nan moman sa a, nou potko monte pòt nan pòtay yo, 2 Sanballat avèk Guéschem te voye kote mwen epi te di: “Vini, annou reyini ansanm nan Chephirim nan plèn Ono.” Men se mal ke yo te gen entansyon pou fè m.
3 Konsa, mwen te voye mesaje yo kote yo. Mwen te di: “Mwen ap fè yon gwo travay, e mwen p ap kab desann. Poukisa travay la ta dwe rete pandan mwen kite li pou vin kote nou?”
4 Yo te voye kote mwen kat fwa konsa e mwen te reponn yo menm jan an. 5 Konsa, Sanballat te voye sèvitè li kote mwen yon senkyèm fwa avèk yon lèt ouvri nan men l. 6 Ladann, li te ekri: “Gen yon rapò k ap fèt pami nasyon yo, e Gaschmu ap di ke ou menm avèk Jwif yo gen plan pou fè rebelyon. Ke se pou sa ke w ap rebati miray la. Epi se ou menm ki va wa yo, selon rapò yo. 7 Anplis ke ou te chwazi pwofèt Jérusalem yo pou fè pwoklamasyon pou ou menm, pou ‘Yon wa nan Juda!’ Konsa, yon rapò va voye kote wa a sou rapò sila yo. Pou sa a, vin kounye a, pou nou fè konsèy ansanm.”
8 Konsa, mwen te voye kote li. Mwen te di: “Kalite bagay sa yo ke w ap pale yo, pa t janm fèt, men w ap envante yo nan pwòp panse ou.” 9 Paske, yo tout t ap eseye fè nou pè e t ap reflechi: “Yo va vin dekouraje avèk travay la, e li p ap fèt.” Men koulye a, O Bondye ranfòse men m.
10 Lè m te antre lakay Schemaeja, fis a Delaja a, fis a Mehétabeel la, ki pa t kab kite lakay li, li te di: “Annou reyini ansanm lakay Bondye a, anndan tanp lan, annou fèmen pòt tanp yo, paske yo ap vin touye ou. Wi, y ap vini pandan lannwit lan pou touye ou.”
11 Men mwen te di: “Èske yon nonm tankou mwen ta dwe sove ale kache? Epi èske yon moun tankou mwen ta antre nan tanp lan pou sove lavi li? Mwen p ap antre.” 12 Konsa, mwen te vin apèsi ke anverite, Bondye pa t voye li, men li te eksprime pwofesi a kont mwen akoz Tobija avèk Sanballat te anplwaye li. 13 Li te anplwaye li pou rezon sa a; pou m ta kapab vin pè pou aji konsa e peche, pou yo menm ta kab gen yon move rapò kon repwòch kont mwen. 14 Sonje, O Bondye mwen, Tobija avèk Sanballat selon zèv pa yo, e anplis, pwofetès la, Noadia, ak lòt pwofèt ki te eseye fè m pè yo.
15 Konsa, miray la te fini nan venn-senkyèm jou mwa Elul la, sou senkant-de jou. 16 Lè tout lènmi nou yo te tande e tout nasyon ki antoure nou yo, te wè, yo te pèdi kouraj, paske yo te rekonèt ke travay sa a te fèt avèk èd Bondye pa nou an. 17 Anplis, nan jou sa yo, anpil lèt te sòti nan gwo moun a Juda yo bay Tobija e lèt Tobija yo te rive kote yo. 18 Paske anpil nan yo te mare pa sèman ak li menm, paske li te bofis a Schecania, fis a Arach la e fis pa li a, Jochanan te marye ak fi a Meschullam nan, fis a Bérékia a. 19 Anplis, yo t ap pale afè bon zèv li nan prezans mwen e te bay li rapò a pawòl mwen yo.
Yo dedye miray Jérusalem nan
27 Alò, nan dedikasyon miray Jérusalem nan, yo te chache twouve Levit soti nan tout plas yo pou mennen yo Jérusalem pou yo ta kab selebre dedikasyon an avèk jwa, avèk lwanj kè kontan, avèk chan avèk senbal, ap ak lenstriman a kòd yo. 28 Konsa, fis a chantè yo te rasanble soti nan distri ki te antoure Jérusalem nan e soti nan vilaj a Netofatyen yo, 29 soti Beth-Guilgal, avèk chan nan Guéba avèk Azmavet, paske chantè yo te fin bati pou kont yo vilaj nan anviwon Jérusalem yo. 30 Prèt yo avèk Levit yo te pirifye tèt yo; anplis, yo te pirifye pèp la, pòt yo avèk miray la.
31 Konsa, mwen te fè dirijan a Juda yo vin monte sou miray la, e mwen te chwazi de gran gwoup koral premye ki t ap sòti sou bò dwat anlè miray la vè Pòtay Kolin Fimye a. 32 Hosée avèk mwatye nan dirijan Juda yo te swiv yo, 33 avèk Azaria, Esdras, Meschullam, 34 Juda, Benjamin, Schemaeja, avèk Jérémie, 35 epi kèk nan fis a prèt yo avèk twonpèt yo: Zacharie, fis a Jonathan an, fis a Schemaeja a, fis a Matthania a, fis a Michée a, fis a Zaccur la, fis a Asaph la; 36 avèk fanmi li yo, Schemaeja, Azaneel, Juda ak Hanani, avèk enstriman mizik a David yo, nonm Bondye a. Epi Esdras, skrib la, te ale devan yo. 37 Nan Pòtay Sous Bwote a, yo te monte tou dwat sou eskalye lavil David la toupre eskalye miray la anwo lakay David la, pou rive nan Pòtay Dlo a vè lès.
38 Dezyèm koral la te ale vè goch, pandan mwen t ap swiv yo avèk mwatye pèp la sou miray la, anwo Tou Founo yo, rive nan Gran Miray la. 39 Epi anwo Pòtay Éphraïm nan, kote Pòtay ansyen an, kote Pòtay Pwason an, Fò Hananeel la ak fò a dè Santèn yo, jis rive nan Pòtay Mouton yo; epi yo te rete kanpe nan Pòtay Gad la. 40 Epi de koral yo te kanpe nan pozisyon yo lakay Bondye a, e mwen menm tou, avèk mwatye ofisye ki te avè m yo; 41 epi prèt yo, Éliakim, Maaséja, Minjamin, Michée, Eljoénaï, Zacharie, Hanania, avèk twonpèt yo; 42 epi Maaséja, Schemaeja, Éléazar, Uzzi, Jochanan, Malkija, Élam ak Ézer. Epi chantè yo te chante avèk Jizrachja, dirijan pa yo a, 43 Nan jou sa a, yo te ofri gran sakrifis e te rejwi paske Bondye te bay yo gwo lajwa. Fanm yo ak timoun yo tou te rejwi, jiskaske lajwa Jérusalem nan te tande byen lwen.
Néhémie retounen Perse
1 Alò, lè miray la te fin rebati, mwen te fin monte pòt yo e gadyen pòtay yo avèk chantè yo avèk Levit yo te chwazi. 2 Anplis, mwen te mete Hanani, frè mwen an, avèk Hanania, kòmandan fò a, an chaj Jérusalem. Paske li te yon nonm fidèl e te gen lakrent Bondye plis pase anpil moun. 3 Mwen te di yo: “Pa kite pòtay Jérusalem yo ouvri jiskaske solèy la vin cho ak pandan gad yo an plas yo, fè yo fèmen pòt yo e boulonnen yo. Anplis, chwazi gad yo soti nan pèp Jérusalem nan, chak moun sou pòs li e chak moun devan pwòp kay pa li.”
4 Alò, vil la te byen gran avèk anpil espas, men moun ladann yo pa t anpil e kay yo potko bati.