Inite premye konvèti yo
Inite premye konvèti yo nan legliz premye tan an.
29 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
42 Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.
43 Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo.
44 Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm: 45 Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak. 46 De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè. 47 Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo.
Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.
Pierre ak Jean geri yon nonm bwete 30 apre Christ
Pierre ak Jean geri yon nonm bwete grasa yon mirak, devan tout moun.
1 Alò, Pierre avèk Jean t ap monte nan tanp lan vè nevyèm è, lè lapriyè.
2 Konsa, yon sèten mesye ki te bwate depi li sòti nan vant manman l t ap pote pa kèk lòt moun. Yo te konn mete l chak jou nan pòtay tanp lan ke yo rele Bel, kote li te konn mande charite a moun ki t ap antre nan tanp yo. 3 Lè l te wè Pierre avèk Jean prèt pou antre nan tanp lan, li te mande yo lacharite.
4 Pierre te fikse zye yo sou li. Ansanm avèk Jean, li te di: “Gade nou!”
5 Konsa, li te kòmanse koute yo, annatandan pou yo bay li yon kichòy.
6 Men Pierre te di: “Nou pa gen lajan, ni lò, men sa ke mwen genyen an, m ap bay ou li. Nan non Jésus Kri de Nazarèt, mache!” 7 Li te sezi li pa men dwat li pou fè l leve. Lapoula, janm li avèk pye l te vin pran fòs.
8 Konsa li te vòltije e te vin kanpe dwat e mache. Li te antre nan tanp lan avèk yo, li t ap mache e vòltije pandan li t ap bay lwanj a Bondye.
9 Tout pèp la te wè li t ap mache e bay Bondye lwanj. 10 Yo te rekonèt li kòm sila ki te konn chita devan tanp lan nan pòt ki te rele Bel la, pou mande lacharite, e yo te etone e sezi pou sa ki te rive l la.
11 Pandan li t ap kenbe sou Pierre ak Jean, tout moun, byen etone, te kouri bò kote yo nan pòtay yo rele Salomon an.
Pierre pale ak pèp la ankò
12 Lè Pierre te wè sa, li te reponn a pèp la: “Moun Israël yo, poukisa nou sezi de sa oubyen poukisa nou fikse nou konsa, kòmsi se pa pwòp pouvwa nou oubyen sentete nou ke nou te fè l mache a?
13 “Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, Bondye a zansèt nou yo, te bay glwa a sèvitè Li a, Jésus Kri ke nou te livre ak nye nan prezans a Pilate lè li menm te byen deside pou lage L.
14 “Men nou te nye Sila ki Sen e Jis la, e te mande yo livre bannou yon asasen, 15 e te touye Prens Lavi a, sila menm ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, de sila, nou te temwen.
16 “Konsa, sou baz lafwa nan non Li, se non Jésus ki bay mesye sa a, ke nou wè e konnen an, fòs. Wi, se lafwa ki sòti nan Li ki bay mesye sila a sante pafè, nan prezans a nou tout.
17 “E koulye a, frè yo, mwen konnen ke nou te aji nan inyorans, menm jan ke chèf nou yo te fè osi. 18 Men bagay ke Bondye te anonse oparavan yo, pa bouch a tout pwofèt yo, ke Kris Li a ta soufri; konsa, Li gen tan fin akonpli.
19 “Donk repanti e retounen, pou peche nou yo kapab efase e pou tan rafrechisman yo kapab sòti nan prezans Senyè a; 20 epi pou Li kapab voye Jésus, Kris la ki te deziye pou nou avan lè, 21 Li menm ke syèl la oblije resevwa jiskaske tan restorasyon tout bagay ke Bondye te pale pa bouch a pwofèt sen Li yo depi nan tan ansyen an.
22 “Moïse te di: ‘Senyè Bondye a va fè leve pou nou yon pwofèt tankou mwen ki sòti nan frè nou yo. A Li menm, nou va prete atansyon a tout sa Li di nou. 23 E li va rive ke tout nanm ki pa okipe pwofèt sila va detwi nèt pami pèp la.’
24 “Epi menm jan an tout pwofèt ki pale, depi Samuel ak tout sila ki te swiv li yo, osi te anonse jou sa yo.
25 “Se nou menm ki se fis a pwofèt yo, ak akò ke Bondye te fè avèk zansèt nou yo, lè yo te di Abraham: ‘Nan posterite ou, tout fanmi sou latè yo va beni’.
26 “ Bondye te leve sèvitè Li a, e Li te voye Li kote nou avan, pou beni nou lè l fè chak en de nou vire kite mechanste nou yo.”