Yo bati tabènak la (continued)

Ofrann pèp la pou bati tabènak la, mèb li yo, ak finisman tabènak la.

1490 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Egzòd 37–38

1 Alò Betsaléel te fè lach la an bwa akasya. Longè li se te de koude edmi, e lajè li se te yon koude edmi. 2 Li te kouvri li avèk lò pi ni anndan, ni deyò, e li te fè yon bòdi an lò pou antoure l. 3 Li te fonde kat wondèl yo an lò sou kat pye li yo; de wondèl menm sou yon bò, e de wondèl sou lòt bò li. 4 Li te fè poto yo an bwa akasya, e li te kouvri yo avèk yon kouch lò. 5 Li te pase poto yo nan wondèl yo ki te tache sou kote lach la pou pote li.

6 Li te fè yon chèz pwopyatwa avèk lò pi; de koude edmi nan longè, e yon koude edmi nan lajè. 7 Li te fè de cheriben yo avèk lò. Li te fè yo nan de pwent a chèz pwopyatwa yo; 8 yon cheriben nan yon pwent, e yon cheriben nan lòt pwent lan. Li te fè cheriben yo kòm yon sèl pyès avèk chèz pwopyatwa a nan de pwent yo. 9 Cheriben yo te gen zèl yo ouvri pa anlè, e yo te kouvri chèz pwopyatwa a avèk zèl yo, avèk figi pa yo youn anvè lòt. Figi Cheriben yo te anvè chèz pwopyatwa a.

10 Alò, li te fè tab la avèk bwa akasya. Longè li te de koude, lajè li te yon koude, e yon koude edmi nan wotè. 11 Li te kouvri avèk yon kouch lò, e li te fè yon bòdi an lò toutotou li. 12 Li te fè yon rebò pou li, lajè a yon epann (yon men byen ouvri), ki antoure l nèt, e li te fè yon bòdi lò ki te antoure tab la. 13 Li te fonde kat wondèl an lò pou li tab la, e li te mete wondèl yo nan kat kwen ki te sou kat pye li yo. 14 Byen pre rebò a se te wondèl yo, soutyen pou poto yo pou pote tab la.

15 Li te fè poto yo avèk bwa akasya. Li te kouvri yo avèk yon kouch lò, pou pote tab la. 16 Li te fè bagay itil yo ki te sou tab la, asyèt avèk kiyè, bòl, ak krich yo pou vide ofrann bwason yo avèk lò pi a.

17 Epi li te fè chandelye a avèk lò pi. Li te fè chandelye a, avèk lò ki bat. Baz ak tij li, tas li yo, boujon avèk flè yo te fèt nan yon sèl pyès, ansanm avèk li. 18 Te gen sis branch ki te sòti bò kote li yo; twa branch chandelye yo nan yon bò li, e twa branch chandelye nan lòt bò li; 19 twa tas fòme tankou flè zanmann, yon boujon, yon flè nan yon branch, ak twa tas ki fòme tankou flè zanmann nan lòt tij, yon boujon avèk yon flè—menm jan an nan sis branch ki sòti nan chandelye yo.

20 Nan chandelye a te gen kat tas ki fòme tankou flè zanmann, boujon li yo, ak flè li yo; 21 epi yon boujon te anba premye pè branch li yo ki sòti nan li, e yon boujon anba dezyèm pè branch li yo ki sòti nan li, jis pou sis branch yo ki sòti nan chandelye a. 22 Boujon yo, ak branch yo te yon sèl pyès avèk li; se te yon sèl pyès an lò ki bat.

23 Li te fè sèt lanp li yo avèk etoufè yo, ak vaz pou sann yo avèk lò pi. 24 Li te fè li e tout bagay itil li yo avèk yon talan (swasann kenz liv) lò pi.

25 Epi li te fè lotèl lansan an avèk bwa akasya: yon koude nan longè, yon koude nan lajè, kare, ak de koude nan wotè. Kòn li te yon sèl pyès avèk li. 26 Li te kouvri li nèt avèk lò pi, tèt li e tout kote li yo, tou antoure, ak kòn li yo. Konsa, li te fè yon bòdi lò antoure li nèt. 27 Li te fè de wondèl an lò pou li anba bòdi li, sou de kote ki opoze yo kòm soutyen pou poto ki t ap pote l yo. 28 Li te fè poto yo an bwa akasya e li te kouvri yo avèk yon kouch lò.

29 Epi li te fè lwil sen pou onksyone a, ak lansan santi bon an avèk epis yo, èv a yon mèt ouvriye ki konn fè melanj pafen.

38:1 Alò, li te fè lotèl ofrann brile a avèk bwa akasya, senk koude nan longè, senk koude nan lajè, kare, ak twa koude nan wotè. 2 Li te fè kòn li sou kat kwen yo. Kòn li yo te yon sèl pyès avèk li, e li te kouvri li avèk bwonz. 3 Li te fè tout bagay itil yo pou lotèl la, bokit yo avèk pèl yo, basen yo, kwòk vyann yo, ak plato pou resevwa sann yo. Li te fè tout bagay itil yo an bwonz.

4 Li te fè pou lotèl la yon sistèm griyaj an bwonz, anba rebò nan distans pou rive mwatye de wotè l. 5 Li te fonde kat wondèl yo sou kat kote nan griyaj an bwonz yo kòm soutyen pou poto yo. 6 Li te fè poto yo avèk bwa akasya, e li te kouvri yo avèk yon kouch an bwonz. 7 Li te antre poto yo nan wondèl sou kote lotèl la. Se avèk yo li te pote l. Fòm li te vid, fòme avèk planch yo.

8 Anplis, li te fè basen lave a avèk bwonz avèk yon baz an bwonz, ki te sòti nan miwa fanm sèvant yo ki t ap sèvi nan pòtay tant reyinyon an.

9 Alò li te fè galeri a: pou kote sid la, afè pandye yo te fèt avèk twal fen blan byen tòde, san koude nan longè, 10 avèk ven pilye li yo, ak baz reseptikal fèt an bwonz yo, avèk ven kwòk pilye yo avèk bann seraj an ajan yo. 11 Pou kote nò a te gen san koude yo; ven pilye li yo avèk ven baz reseptikal an bwonz yo, epi kwòk pou pilye yo avèk bann seraj pa yo te an ajan.

12 Pou kote lwès la te gen afè pandye pou senkant koude yo avèk dis pilye pa yo e bann seraj yo te an ajan. 13 Pou kote lès la, senkant koude yo. 14 Afè pandye yo pou yon kote pòtay la te kenz koude, avèk twa pilye pa yo e twa baz reseptikal pa yo; 15 epi menm jan an pou lòt kote a. Sou toude kote pòtay yo te gen afè pandye de kenz koude, avèk twa pilye pa yo ak twa baz reseptikal pa yo.

16 Tout afè pandye nan galeri yo toutotou te avèk twal fen blan byen tòde. 17 Baz reseptikal pou pilye ki te an bwonz yo, kwòk pou pilye yo ak bann seraj an ajan yo; epi yon kouch lò ki te kouvri pwent tèt yo. Tout pilye galeri yo te founi avèk bann seraj an ajan yo.

18 Rido pòtay la te èv a tiseran an, avèk materyo ble, mov, wouj, ak twal fen blan byen tòde. Epi longè a se te ven koude e wotè a te senk koude, ki te koresponn ak afè pandye nan galeri yo. 19 Kat pilye pa yo avèk baz reseptikal pa yo a te an bwonz; kwòk pa yo a te an ajan. 20 Tout pikèt yo pou tabènak la avèk galeri a toutotou a te an bwonz.

21 Sa se kantite a bagay ki te pou tabènak yo, tabènak temwayaj la, jan yo te nimewote selon lòd a Moïse, pou sèvis Levit yo, ekri pa men a Ithamar, fis Aaron an, prèt la.

22 Alò, Betsaléel fis a Uri, fis a Hur, nan tribi Juda a, te fè tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo. 23 Avèk li te gen Oholiab, fis a Ahisamac la, nan tribi Dan nan, yon gravè, yon mèt ouvriye, yon tiseran an materyo ble, mov, wouj, ak osi an twal fen blan.

24 Epi tout lò ki te sèvi nan èv la, nan tout travay sanktyè a, menm lò pou ofrann balanse anlè a te ventnèf talan e sèt-san-trant sik selon sik sanktyè a.

25 Ajan a sa yo ki te nan kongregasyon an te gen kantite san talan e mil sèt san swasann kenz sik selon sik sanktyè a; 26 yon beka pa chak tèt (sa vle di, mwatye sik, selon sik sanktyè a), pou chak moun nan sa ki te gen nimewo yo, soti nan laj ventan, e plis pou sis-san-mil-senk-san-senkant mesye. 27 San talan ajan yo te pou fonde baz reseptikal sanktyè yo, ak baz reseptikal pou vwal yo; san baz reseptikal yo pou san talan, yon talan pa baz reseptikal. 28 Nan mil sèt san swasant kenz sik yo, li te fè kwòk pou pilye yo, li te kouvri tèt yo, e li te fè bann seraj pou yo.

29 Bwonz pou ofrann balanse anlè a te swasann-dis talan e de-mil-senk-san sik. 30 Avèk li, li te fè baz reseptikal yo pou pòtay tant reyinyon an, lotèl bwonz lan avèk griyaj an bwonz li, ak tout bagay itil pou lotèl yo, 31 epi baz reseptikal yo pou galeri a, tout pikèt a tabènak yo ak tout pikèt pou galeri yo toutotou.